Mesaj Premye prezidans lan, Fevriye 2013
Yon mo pou Misyonè Ezitan yo
Disip Jezikri te toujou anba obligasyon pou pote levanjil li a bay mond lan (gade Mak 16:15–16). Men, pafwa li difisil pou n louvri bouch nou pou nou pale avèk moun bò kote nou de lafwa nou. Pandan ke gen kèk manm Legliz la ki gen yon don natirèl pou pale de relijyon avèk lòt moun, gen lòt ki yon tijan ezitan oubyen ki ka santi yo jennen, anbarase, oswa menm efreye.
Pou rezon sa a, kite m sigjere kat bagay nenpòt nan nou kapab fè pou akonpli tach Sovè a ba nou pou preche levanjil la “bay tout kreyati” a (D&A 58:64).
Se pou nou yon limyè
Yon pwovèb mwen renmen anpil ki se pawòl St François d’Assises di konsa: “Preche levanjil la nan tout tan e si nesesè, itilize pawòl.”1 Sa nou konprann nan pwovèb sa a sèke souvan, diskou ki pi puisan yo pa eksprime nan bouch.
Lè nou gen entegrite epi nou viv selon prensip nou yo tout tan, moun remake sa. Lè nou degaje lajwa ak bonè, yo note sa plis toujou.
Tout moun vle gen kè kontan. Lè nou menm, manm Legliz la, nou reyone limyè levanjil la, moun kapab wè bonè nou ak santi lanmou Bondye ranpli ak devèse nan lavi nou. Yo vle konnen poukisa. Yo vle konprann sekrè nou.
Sa mennen yo poze kesyon tankou sa yo: “Poukisa nou kontan konsa?” oubyen “Poukisa nou toujou gen yon atitid pozitif konsa?” Natirèlman, repons pou kesyon sa yo pafètman mennen nan yon konvèsasyon sou levanjil retabli Jezikri a.
Se pou nou fè konvèsasyon
Soulve sijè relijyon an—patikilyèman avèk zanmi nou ak relasyon nou—gen dwa parèt entimidan ak difisil. Li pa oblije konsa. Mansyone eksperyans espirityèl oubyen pale sou aktivite oswa evenman Legliz la nan konvèsasyon nòmal kapab yon bagay fasil ak plezan si nou envesti yon ti kras kouraj ak bon sans.
Madanm mwen, Harriet, se yon bèl egzanp sou bagay sa a. Lè nou t ap viv an Almay, li te toujou jwenn yon mwayen pou antre sijè anrapò avèk Legliz la nan konvèsasyon avèk zanmi li ak relasyon li. Pa egzanp, lè yon moun te mande l kijan wikenn ni te ye, li te konn reponn: “Dimanch sa a nou te fè yon gwo eksperyans nan legliz nou an! Yon jènjan 16 an te fè yon bèl diskou sou mennen yon lavi pwòp, devan 200 moun nan kongregasyon nou an.” Oubyen, “Mwen te aprann sou yon madanm 90 an ki te fè plis pase 500 ti dra pou l te bay nan pwogram imanitè Legliz la pou yo voye bay moun ki nan bezwen nan tout mond lan.”
Nan majorite sitiyasyon yo, moun ki te konn tande bagay sa yo te anvi konnen plis. Yo te poze kesyon. Epi sa te mennen nan opòtinite pou pale sou levanjil la nan yon fason natirèl, konfyan e san agresivite.
Avèk envansyon Entènèt ak medya sosyal yo, li pi fasil jodia pou yon moun pale sou bagay sa yo nan yon sans konvèsasyon pase jan sa te ye anvan. Sa nou bezwen se sèlman kouraj pou nou fè sa.
Se pou nou ranpli ak lagras
Malerezman, li si fasil pou yon moun dezagreyab. Sa rive twò souvan ke nou diskite, nou kritike, ak kondane. Lè nou fache, lè nou gwosye, oubyen blesan avèk moun, dènye bagay yo vle se aprann plis sou nou. Li enposib pou nou konnen ki kantite moun ki oubyen kite legliz la oubyen pa janm antre legliz la paske yon moun te di yon bagay ki te blese yo oswa ofanse yo.
Gen twòp enpolitès nan mond lan jodia. Akoz anonima Entènèt la, li pi fasil pase jamè pou moun yo di bagay ofansan ak dezagreyab. Èske nou menm, disip Kris janti nou an, nou pa ta dwe gen yon nivo pi wo, pi charitab. Ekriti yo anseye: “Lè n ap pale, di bagay ki pou fè moun kontan, ki pou enterese yo. Konn kijan pou nou reponn chak moun” (Kolosyen 4:6).
Mwen renmen ide ki di pou pawòl nou klè tankou yon syèl plen solèy e ranpli ak gras la. Èske nou ka imajine a kisa fanmi nou, pawas nou, peyi nou, e menm mond lan t ap sanble si nou ta ka adopte senp prensip sa a?
Se pou nou ranpli ak lafwa
Pafwa nou fè tèt nou twòp kredi oubyen nou blame tèt nou twòp konsènan zafè pou lòt moun aksepte levanjil la. Li enpòtan pou nou sonje Senyè a pa atann pou nou fè konvèsyon an.
Konvèsyon pa vini atravè pawòl nou men atravè direksyon selès Sentespri a. Pafwa tout sa nou bezwen se yon senp pale sou temwayaj nou oubyen sou yon eksperyans pou demare pwosesis touche kè moun nan oubyen louvri yon pòt ki ka mennen moun nan fè eksperyans verite siblim yo atravè enspirasyon Lespri a.
Prezidan Brigham Young (1801–77) te di li te konnen levanjil la te vrè lè li “te wè yon moun san elokans, ni talan pou pale an piblik, ki te ka senpleman di: ‘m konnen, pa pouvwa Sentespri a, ke Liv Mòmon an vrè, ke Joseph Smith se yon Pwofèt Senyè a.” Prezidan Young te di lè l te tande enb temwayaj sa a, “Sentespri a ki te nan mesye sa a te ilimine konpreyansyon mwen, epi sete limyè, laglwa, ak imòtalite m te wè devan mwen.”2
Frè m ak sè m yo, se pou nou gen lafwa. Senyè a kapab mayifye pawòl nou pale yo e fè yo vin puisan. Bondye pa mande nou pou nou konvèti moun men pou nou louvri bouch nou. Tach konvèti a se pa tach pa nou—sa depann de moun nan k ap koute nou an ak Sentespri a.
Chak manm se yon misyonè
Chè zanmi m yo, jodia gen plis fason pase anvan pou nou louvri bouch nou pou n pataje avèk lòt moun bèl nouvèl levanjil Jezikri a. Gen yon mwayen pou chak moun—menm misyonè ezitan an—patisipe nan gwo travay sa a. Nou chak kapab jwenn yon fason pou n itilize pwòp talan ak enterè pa nou pou n pote sipò nan gwo travay pou ranpli mond lan avèk verite ak limyè a. Si nou fè sa, n ap jwenn lajwa ki vin jwenn moun ki fidèl ak kouraje ase pou yo “kanpe kòm temwen Bondye tout tan” yo. (Mozya 18:9).
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon First Presidency Message, February 2013. Haitian Creole. 10662 036
Ansèyman Ki Soti nan Mesaj Sa a
Yon fason efikas pou anseye se “ankouraje moun w ap anseye yo fikse … bi ki ka ede yo viv prensip w ap anseye a” (Anseye, pa gen pi gwo apèl [1999], 159). Panse pou envite moun w ap anseye yo pou yo fikse bi nan lapriyè pou pataje levanjil la avèk youn oubyen plis moun mwa sa a. Paran yo kapab pale sou fason timoun pi piti yo kapab ede tou. Nou gen dwa ede manm fanmi an braselide oubyen jwe wòl fason pou yo pale de levanjil la nan konvèsasyon regilye ak panse sou aktivite ki pral genyen nan Legliz la kote yo ta ka envite yon zanmi pou vini.