2013
Pataje avèk yon zanmi
fevriye 2013


Jèn yo

Pataje avèk yon zanmi

Yon jou pandan m t ap etidye pou klas seminè, mwen te gen yon bèl enpresyon byen klè ki te vin sou mwen. Pandan m t ap li leson semèn pwochèn nan, mwen te wè vizaj yon zanmi nan lekòl mwen an e m te santi gwo enpresyon pou m te pataje temwayaj mwen avèk li.

Malgre enpresyon an te byen klè, mwen te pè. Mwen te pè pou zanmi m nan pa t rejte m, patikilyèman paske li pa t sanble l te kalite tifi ki t ap enterese nan antre nan legliz la.

 Mwen te panse avèk yon diskou Sè Mary N. Cook ki nan prezidans jeneral Jènfi yo te fè kote l te egzòte nou pou n te travay di e pou n rete vanyan.1 Mwen te vle santi m konsa, epi m te ekri tifi sa a yon lèt e m te rann temwayaj mwen sou verasite Legliz la ak lanmou mwen pou Liv Mòmon an. Nan demen mwen te glise yon Liv Mòmon, ansanm avèk lèt mwen an, nan valiz li.

 Avèk etonman, zanmi m nan te trè reseptif ak levanjil la. Apati jou sa a, li te konn pale m de sa l te aprann nan etid li nan Liv Mòmon an. Kèk semèn apre, mwen te prezante l misyonè yo. Prèske imedyatman, li te resevwa konfimasyon nan men Sentespri a ke sa l t ap aprann yo sete verite. Misyonè yo avèk mwen te kriye lè l te di nou sa l te santi. Zanmi m nan te vin byen vit batize, epi paran li te etone pou wè chanjman ki te fèt nan li.

 Mwen kontan anpil dèske m te kapab simonte krent mwen yo epi ede pote levanjil la nan lavi li.

Nòt

  1. Gade Mary N. Cook, “Never, Never, Never Give Up!” Liahona, Me 2010, 117–19.