2013
Vwa Senyè a
janvye 2013


Mesaj Premye Prezidans lan, Janvye 2013

Vwa Senyè a

Prezidan Henry B. Eyring

Doktrin ak Alyans envite tout moun toupatou vin koute vwa Senyè Jezikri (gade D&A 1:2, 4, 11, 34; 25:16). Li ranpli ak mesaj, avètisman, ak egzòtasyon ankourajan Li bay pwofèt Li chwazi yo pa revelasyon. Nan revelasyon sa yo nou kapab wè kijan Bondye kapab reponn priyè lafwa nou yo avèj mesaj enstriksyon, lapè, ak avètisman.

Nan priyè nou yo, nou chèche konnen kisa Bondye ta renmen nou fè, kisa nou ta dwe fè pou nou ka jwenn lapè ak bonè nan lavi sa a ak nan lavi apre a, ak kisa k ap tann nou pi devan. Doktrin ak Alyans yo ranpli avèk repons pou kesyon sa yo ke moun òdinè ak pwofèt yo poze nan lapriyè imilite. Li ka yon gid presye pou anseye nou kijan pou nou resevwa repons pou kesyon sou byennèt tanporèl nou ak sali etènèl nou.

Imilite ak lafwa nan Lesenyè Jezikri se kle. Oliver Cowdery te resevwa yon repons nan men Senyè a konsènan dezi li pou te ede nan tradiksyon Liv Mòmon an: “Sonje, san lafwa, ou pa kapab fè anyen; se poutèt sa, mande avèk lafwa. Pa jwe avèk bagay sa yo; pa mande bagay ou pa dwe mande” (D&A 8:10).

Anpil fwa nan Doktrin ak Alyans yo, Senyè a mande lafwa ak imilite anvan Li bay èd Li. Youn nan rezon pou bagay sa a sèke repons Li gen dwa pa vini nan fason nou atann nan. Ni nonplis yo pap toujou fasil pou aksepte.

Istwa Legliz la ak eksperyans zansèt nou yo demontre reyalite sa a. Gran gran papa m, Henry Eyring, te priye anpil pou l te konnen kisa pou l te fè lè l te tande y ap anseye levanjil retabli a an 1855. Repons la te vini nan yon rèv.

Li te reve ke l te chita sou yon tab avèk Èldè Erastus Snow ki te nan Kolèj Douz Apot yo ansanm avèk yon èldè ki te rele William Brown. Èldè Snow te anseye prensip levanjil yo pandan apeprè inèdtan.; Apre sa Èldè Snow te di: “Nan non Jezikri, mwen kòmande ou pou ou batize epi mesye sa a [Èldè Brown] … va batize ou.”1 Fanmi m rekonesan dèske Henry Eyring te gen ase lafwa ak imilite pou l te aksepte Èldè Brown batize l vè 7:30 nan demem maten nan yon basen dlo lapli nan St. Louis, Missouri, nan Etazini.

Se pa tande l te tande Senyè a pale avèk li kòm repons pou priyè l la. Repons la te vini nan yon vizyon ak rèv nan lannuit la, menm jan sa te fèt pou Leyi (gade 1 Nefi 8:2).

Senyè a anseye nou ke repons yo kapab vini sou fòm santiman tou. Nan Doktrin ak Alyans yo, Li te anseye Oliver Cowdery: “Gade, m ap pale avèk ou nan lespri ou ak nan kè ou, atravè Sentespri a, ki pral vini sou ou epi ki pral rete nan kè ou” (D&A 8:2).

Epi li te ankouraje Oliver nan fason sa a: “Èske pa t pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa a? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men ondye?” (D&A 6:23).

Doktrin ak Alyans yo, istwa Legliz la, ak istwa Henry Eyring te ekri sou misyon li jis apre batèm ni an anseye m ke nou kapab resevwa repons sou fòm avètisman oswa santiman lapè.

An Avril 1857, Èldè Parley P. Pratt nan Kolèj Douz Apot yo te ale nan yon konferans nan kote ki rele Oklaoma a kounyeya nan Etazini. Henry Eyring te ekri apwopo Eldè Pratt: “lespri li te ranpli ak panse dekourajan … , li pa t kapab disène lavni ni okenn fason pou chape anba sityasyon an.”2 Imedyatman apre, Henry te ekri nouvèl tris mati Apot la. Èldè Pratt te kontinye vwayaj li malgre santiman danje l te santi yo, menmjan Pwofèt Joseph te fè lè l ta prale nan kote ki rele Carthage la.

Temwayaj mwen sèke Senyè a toujou reponn priyè ki fèt nan lafwa ak imilite. Doktrin ak Alyans yo ak eksperyans pèsonèl nou anseye nou kijan pou nou rekonèt repons sa yo ak aksepte yo ak lafwa, keseswa yo se direksyon, konfimasyon laverite, oswa yon avètisman. Mwen priye pou nou toujou koute ak rekonèt vwa emab Senyè a.

Nòt

  1. “The Journal of Henry Eyring: 1835–1902” (maniskri ki pa pibliye ki nan men otè a).

  2. “The Journal of Henry Eyring: 1835–1902”

Ansèyman Ki Soti nan Mesaj Sa a

1. Konsidere pou ou li paragraf osijè lapriyè a ki nan mesaj sa a ansanm ak fanmi an. Pandan w ap li, mande manm fanmi an pou yo byen koute pou wè fason Bondye reponn priyè yo. Konsidere pou ou temwaye sou enpòtans lapriyè.

2. Doktrin ak Alyans yo ranpli ak repons pou kesyon moun poze nan lapriyè yo. Kouman sa tap ye si repons yo resevwa pou kesyon yo poze (revelasyon yo) pa t janm ekri okenn kote? Ankouraje fanmi an pou yo aprann rekonèt ak swiv enspirasyon Lespri yo. Yo gen dwa ekri panse yo konsènan lapriyè nan jounal yo.