Jèn yo
Koute enspirasyon yo
Yon jou swa jèn kouzin mwen an te kite kay la, konsa, m te prese al chèche kote l te ye. Pandan m t ap kondwi, mwen te priye pou Lespri a te ede m. M te konnen Bondye t ap reponn mwen, li tap dirije m, epi m te eseye koute enspirasyon Lespri a. Men lè m pa t ka tande anyen, m te kòmanse santi m dezespere epi m te santi Lespri a pa t ap enspire m.
Malgre m te anvi ale pi lwen pou al chèche, m te gen santiman ke m ta dwe rete nan zòn bò lakay kouzin mwen an. Konsa, m te deside pou m te kondui fè tou zòn nan ankò. Pandan m te kanpe nan yon kafou, m te wè yon jèn tifi ki t ap mache. M te jwenn kouzin mwen an.
Pandan m te soti nan machin nan epi m te kouri al jwenn li, m te reyalize sete Lespri a ki t ap dirije m pandan tout tan an, ki tap ede m santi m ta dwe rete nan menm zòn nan. Paske m t ap chèche koute yon ti vwa trankil, mwen te prèske inyore enspirasyon Lespri a. Lè sa a, m te vin konprann ke anpil fwa nou gen dwa pa tande yon vwa, men n ap santi enpresyon nan kè nou.
M te rekonesan anpil pou direksyonLespri a. Reyèlman, Li toujou la! Jan ekriti yo di a: “Sentespri a ap konpayon ou tout tan” D&A 121:46).
Si nou diy pou resevwa direksyon Lespri a epi nou pote atansyon, nou kapab vin enstriman nan men Bondye pou fè byen pou anpil moun. Avèk konpayi konstan Lespri a, n ap konn ki fason pou nou fè.