2010
Konsènan bagay ki pi enpòtan yo
novanm 2010


Mesaj vizit nan fwaye, Novanm 2010

Konsènan bagay ki pi enpòtan yo

Si lavi a ak vitès li ak pil strès li yo rann difisil pou w santi w anvi rejwi, enben, petèt jodia se yon bon moman pou w refokis sou bagay ki pi enpòtan yo.

Li ekstraòdinè pou wè kijan nou kapab aprann konsènan lavi a lè n ap etidye lanati. Pa egzanp, syantis yo kapab gade wonn nan pyebwa yo epi devine abilman kijan klima ak kondisyon yo te grandi yo te ye dè santè e menm dè milye ane pase. Youn nan bagay nou aprann lè n ap etidye devlopman pyebwa sèke pandan sezon kote kondisyon yo ideyal, pyebwa yo grandi nan vitès nòmal. Sepandan, nan sezon kote kondisyon pou grandi yo pa ideyal, pyebwa yo ralanti devlòpman yo epi yo konsakre enèji yo sou eleman debaz nesesè pou yo siviv yo.

Nan pwen sa a kèk nan nou gen dwa ap mande tèt nou: “Tout sa bon e trè byen pou konnen men, ki rapò sa genyen avèk fè yon avayon vole?” Enben, kite m di nou.

Èske nou pa janm nan yon avyon k ap travèse zòn sekous? Koz sekous ki pi komen an se yon chanjman toudenkou nan mouvman lè a ki lakoz aparèy la panche, devye, ak monte desann. Malgre avyon yo konstwi pou yo reziste kont pi gwo sekous pase nenpòt sa nou ka rankontre nan yon vòl regilye, sa kapab toujou twouble pasaje yo.

Kisa nou sipoze pilòt yo fè lè yo rankontre avèk yon sekous? Yon pilòt etidyan kapab panse ke ogmante vitès se yon bon estrateji paske sa pral fè l travèse zòn sekous la pi vit. Men se kapab move bagay pou fè a. Pilòt pwofesyonèl yo konprann ke gen yon vitès ideyal pou penetre yon sekous ki ap diminye efè negatif sekous la. Epi pafwa sa vle di redui vitès ou. Menm prensip la aplike pou polis kouche ki sou wout yo tou.

Pa konsekan, se yon bon konsèy pou n ralanti yon ti kras, rete sou wout la, epi konsantre sou bagay ki esansyèl yo lè n ap fè eksperyans kondisyon difisil yo.

Vitès Lavi Modèn nan.

Se yon leson senp, men fondamantal pou aprann. Sa gen dwa parèt lojik lè n ap pale de pyebwa oswa sekous, men sa etonan pou wè kijan l fasil pou nou iyore leson sa a lè moman vini pou n aplike prensip sa yo nan lavi chak jou nou. Lè nivo anksyete yo monte, lè detrès parèt, lè trajedi frape, twò souvan nou tante pou nou kenbe menm vitès la oswa menm akselere, an pansan ke plis nou ale vit, se pi vit nou pral soti ladan yo.

Youn nan karakteristik lavi modèn nan sanble ke n ap deplase ak yon vitès enkontwolab, kèlkeswa ajitasyon an oswa obtaks yo.

Annou onèt, li sanble pi fasil pou nou okipe. Nou tout kapab panse ak yon lis responsablite ki ap depase orè nou. Gen moun ki ka menm panse ke potansyalite yo depann sou longè lis bagay pou yo fè yo. Yo ranpli tan lib yo avèk lis reyinyon ak ti detay—menm nan tan strès ak fatig. Paske yo konplike lavi yo san nesesite, yo souvan santi fristrasyon yo ogmante, lajwa yo diminye, epi yo vin wè lavi yo pa fè sans.

Yo di ke nenpòt vèti, si yo pouse l alektrèm, kapab vin tounen yon vis. Chaje orè nou chak jou ap sètènman kalifye nou pou sa. N ap rive nan yon pwen kote akonplisman yo ka vin pyèdachopman epi anbisyon yo ka vin pwalou nan kou nou.

Kisa solisyon an ye?

Moun ki saj yo konprann epi aplike leson wonn pyebwa yo ak sekous nan lè a. Yo reziste anba tantasyon pou tonbe nan vitès san fren lavi chak jou a. Yo suiv konsèy ki di, “Gen plis pou fè nan lavi pase ogmante vitès li”.1 Anfèt, yo konsantre yo sou bagay ki pi enpòtan yo.

Nan yon konferans jeneral ki fèk sot pase, Èldè Dallin H. Oaks, te anseye “Fòk nou renonse ak yon seri bon bagay pou nou ka chwazi lòt ki meyè oswa pi bon paske yo devlope lafwa nan Senyè Jezikri ak fòtifye fanmi nou.”2

Chèche pi bon bagay gide nou inevitableman nan prensip fondamantal yo nan levanjil Jezikri a—verite senp ak bèl ki revele pou nou pa yon Papa ki nan Syèl la ki eman, etènèl, epi ki konn tout bagay. Doktrin ak prensip esansyèl sa yo, malgre yo senp ase pou yon ti moun konprann, founi repons pou kesyon ki pi konplèks lavi yo.

Gen yon bote ak klate ki soti nan senplisite ke nou pafwa pa apresye nan swaf nou pou solisyon ki konplike.

Pa egzanp, sa pa t pran tan apre ke astwonòt ak kosmonòt yo te fè tou tè a pou yo te reyalize ke plim bik yo pa ta p kapab fonksyone nan lespas. Epi konsa, kèk moun ki trè entelijan t al travay pou rezoud pwoblèm nan. Sa te pran dè milye èdtan ak dè milyon dola, men alafen, yo te devlope yon plim ki te ka ekri nenpòt kote, nan nenpòt tanperati, ak sou prèske nenpòt sifas. Men kijan astwonòt yo ak kosmonòt yo te fè jistan yo te rezoud pwoblèm nan? Yo te senpleman itilize yon kreyon.

Leonardo da Vinci te fe remake ke “senplisite se dènye nivo sofistikasyon.”3 Lè nou gade prensip fondamantal plan bonè a, plan sali a, nou kapab rekonèt ak apresye, nan klète li ak senplisite li, elegans ak bote sajès Papa nou ki nan Syèl la. Apresa, viv lavi nou jan li mande nou an se kòmansman sajès nou.

Pouvwa bagay fondamantal yo.

Listwa rakonte ke antrenè foutbòl lejandè a, Vince Lombardi, te gen yon rit li te konn pratike nan premye jou antrenman li. Li te konn kenbe yon balon, montre atlèt ki t ap jwe jwèt depi plizyè ane yo li, epi l te konn di: “Mesye… sa se yon balon foutbòl!” Li te konn pale sou gwosè ak fòm ni, sou fason yo ka choute li, woule li, oswa pase li. Li te mennen ekip la deyò teren vid la epi l te konn di: “Sa se yon teren foutbòl.” Li te mache toutotou li avèk yo, pandan l ap dekri dimansyon li, fòm ni, règ yo, ak kijan jwèt la jwe.4

Antrenè sa a te konnen ke menm jwè eksperimante sa yo, ak ekip la anfèt, te ka vin gran sèlman si yo metrize prensip fondamantal yo. Yo te ka pase tan yo ap pratike trik jwèt konplike, men si yo pa metrize prensip fondamantal yo nan jwèt la, yo pa p janm vin yon ekip chanpyon.

Mwen panse ke pifò nan nou enstenktivman konprann kijan prensip fondamantal yo enpòtan. Se senpleman ke nou pafwa vin distrè pa sitèlman anpil bagay ki parèt pi atiran.

Materyèl enprime, divès sous medya, aparèy ak materyèl elektwonik —ki itil si yo itilize yo kòrèkteman—kapab vin move distraksyon oswa chanm izolasyon ensansib.

Men, nan mitan pakèt vwa ak chwa sa yo, enb Mesye Galile a kanpe avèk bra l li louvri, l ap tann. Li gen yon mesaj senp: “Vini, suiv mwen.”5 E li pa p pale nan yon gwo mikwo men avèk yon ti vwa piti.6 Li si fasil pou mesaj debaz levanjil la pèdi nan mitan delij enfòmasyon k ap tonbe sou nou tout kote yo.

Ekriti sent yo ak pawòl pwofèt vivan yo mete aksan sou prensip ak doktrin fondamantal levanjil yo. Rezon ki fè nou retounen sou prensip fonfamantal sa yo, nan doktrin pi yo, se paske yo se pòt pou ale nan verite ki gen siyifikasyon pwofon. Yo se pòt pou eksperimante enpòtans siblim sa ki otreman t ap depase kapasite nou pou konprann. Prensip debaz senp sa yo se kle pou viv an amoni avèk Bondye ak lòm. Yo se kle pou louvri fenèt syèl yo. Yo mennen nou nan lapè, lajwa, ak konpreyansyon Papa nou ki nan Syèl la te pwomèt pitit li yo ki koute ak obeyi l yo.

Chè frè m ak sè m yo, li ta bon pou nou ta fè yon ti ralanti, pou nou pase nan vitès ideyal pou sikonstans nou yo, konsantre sou sa ki enpòtan, leve je nou, epi vrèman gade bagay ki pi konte yo. An nou atantif ak prensip fondamantal Papa nou ki nan syèl la bay pitit li yo, ki pral poze baz yon lavi mòtèl ki rich ak pwodiktif avèk pwomès bonè etènèl. Yo pral anseye nou pou fè “tout bagay sa yo … nan lasajès ak nan lòd, paske li pa nesesè pou [nou] kouri plis pase kouraj [nou]. [Men], li nesesè pou nou dilijan, pou nou kapab ranpòte viktwa a.”7

Frè m ak sè m yo, fè bagay ki pi enpòtan yo avèk dilijans ap mennen nou vè Sovè mond lan. Se poutèt sa “nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”8 Nan konpleksite, konfizyon, ak mache prese lavi modèn nan, sa se “fason ki pi ekselan an.”9

Kidonk kisa ki prensip fondamantal yo?

Lè nou tounen vè Papa nou ki nan Syèl la epi nou chèche sajès li konsènan bagay ki pi enpòtan yo, nou plis an plis aprann enpòtans kat relasyon kle yo: avèk Bondye nou an, avèk fanmi nou, avèk pwochen nou, epi avèk tèt nou. Pandan n ap evalye pwòp lavi nou avèk yon lespri dispoze, n ap wè ki kote nou te derape soti nan wout ki pi ekselan an. N ap vin gen pi bon konprann, epi n ap vin rekonèt sa ki bezwen fèt pou pirifye kè nou ak rekonsantre lavi nou.

Toudabò, relasyon nou avèk Bondye pi sakre ak vital. Nou se pitit lespri li. Li se Papa nou. Li vle bonè nou. Amezi n ap chèche li, amezi n ap aprann sou Pitit Gason l lan, Jezikri, amezi n ap louvri kè nou pou enfliyans Sentespri a, lavi nou ap vin pi solid ak pi an sekirite. N ap vin gen pi gwo lapè, lajwa, ak akonplisman pandan n ap fè pi byen nou kapab pou n viv selon plan etènèl Bondye a ak respekte kòmandman li yo.

N ap amelyore relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la nan aprann konnen li; nan kominike avèk li, nan repanti pou peche nou yo, epi aktivman suiv Jezikri; paske “Okenn moun pa p kapab al jwenn Papa a, san li pa pase pa [Kris] la.”10 Pou fòtifye relasyon nou avèk Bondye nou bezwen pase tan siyifikan avèk li. Konsantre nou trankilman sou priyè pèsonèl ak etid ekriti chak jou, toujou chèche rete diy pou nou gen yon rekòmandasyon tanp ki valid—bagay sa yo se envestisman saj nan tan nou ak efò nou pou rapwoche pi pre Papa nou ki nan Syèl la. An nou koute envitasyon ki nan Sòm nan “Kanpe! epi sonje se mwen menm ki Bondye.”11

Dezyèm relasyon kle nou se avèk manm fanmi nou. Etandone “pa gen okenn lòt siksè ki ka ranplase echèk”12 isit la a, nou dwe plase pi gwo priyorite nou sou fanmi nou. Nou bati relasyon familyal pwofon ak eman nan fè bagay senp yo ansanm, tankou manje ansanm, sware familyal, ak nan amize nou ansanm. Nan relasyon familyal lanmou reyèlman eple t-a-n, tan. Pran tan youn pou lòt se kle pou amoni nan kay la. Nou youn pale avèk lòt, olye ke nou youn pale sou lòt. Nou kapab aprann youn nan men lòt e nou apresye diferans nou yo osibyen sa nou gen ankomen. Nou etabli yon lyen diven youn avèk lòt lè nou pwoche kot Bondye ansanm atravè priyè familyal, etid levanjil la, ak adorasyon jou Dimanch.

Twazyèm relasyon kle nou genyen se avèk pwochen nou. Nou bati relasyon sa a avèk yon moun alafwa—nan sansib pou bezwen lòt moun, sèvi yo, ak nan bay tan nou ak talan nou. Mwen te pwofondeman enpresyone pa yon sè ki te chaje avèk pwoblèm laj ak maladi men ki te deside ke malgre li pa t ka fè anpil, li ta ka koute. Epi konsa, chak semèn, li te chèche jwenn moun ki te parèt twouble oswa dekouraje, epi li te pase tan avèk yo, ap koute yo. Ala yon bendiksyon sa te ye nan lavi anpil moun.

Katriyèm relasyon kle a se avèk tèt nou. Sa gen dwa parèt etranj pou n panse gen yon relasyon avèk tèt nou, men se vre. Gen moun ki pa kapab dakò avèk tèt yo. Yo kritike tèt yo oubyen yo diminye tèt yo tout lajounen jiskaske yo kòmanse rayi tèt yo. Kite m sigjere pou nou redui vitès la epi pran yon ti tan anplis pou chèche konnen tèt nou pi byen. Mache nan lanati, gade solèy la k ap leve, jwi kreyasyon Bondye yo, medite sou verite levanjil retabli yo, epi chèche wè kisa yo vle di pou ou pèsonèlman. Aprann gade tèt ou tankou Papa nou ki nan Syèl la wè ou—kòm pitit fi oswa pitit gason presye ki gen potansyèl diven.

Rejwi nan levanjil pi a.

Frè m ak sè m yo, se pou nou saj. An nou vire vè dlo doktrin pi levanjil retabli Jezikri a. An nou gèman pataje yo nan senplisite yo ak klète yo. Syèl yo louvri ankò. Levanjil Jezikri a sou tè a yon fwa ankò, epi verite senp li yo se yon sous lajwa abondan!

Frè m ak sè m yo, anfèt, nou gen gwo rezon pou nou rejwi. Si lavi ak mache prese li ak pil strès li yo rann ni difisil pou nou santi nou anvi rejwi, enben, petèt jodia se yon bon moman pou nou rekonsantre nou sou sa ki pi enpòtan yo.

Fòs vini non pa nan aktivite san kontwòl men nan byen chita sou yon fondasyon limyè ak verite fèm. Li vini nan plase atansyon nou ak efò nou sou prensip debaz yo nan levanjil retabli Jezikri a. Li vini nan pote atansyon ak bagay diven ki pi konte yo.

An nou senplifye lavi nou yon ti kras. An nou fè chanjman nesesè yo pou nou rekonsantre lavi nou sou bote siblim senp, chemen enb disip Kris la—chemen ki toujou mennen nan yon lavi ki gen sans, ki gen lajwa ak lapè. Pou sa mwen priye, pandan m ap kite benediksyon m pou nou, nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Mahatma Gandhi, in Larry Chang, Wisdom for the Soul (2006), 356.

  2. Dallin H. Oaks, “Good, Better, Best,” Liahona, Nov. 2007, 107.

  3. Leonardo da Vinci, in John Cook, comp., The Book of Positive Quotations, 2nd ed. (1993), 262.

  4. Vince Lombardi, in Donald T. Phillips, Run to Win: Vince Lombardi on Coaching and Leadership (2001), 92.

  5. Lik 18:22.

  6. Gade 1 Wa 19:12.

  7. Mozya 4:27.

  8. 2 Nefi 25:26.

  9. 1 Korentyen 12:31; Etè 12:11.

  10. Jan 14:6.

  11. Sòm 46:10.

  12. J. E. McCulloch, Home: The Savior of Civilization (1924), 42; gade tou Conference Report, Avr. 1935, 116.