2010
Don diven gratitid la
novanm 2010


Mesaj Premye Prezidans, Novanm 2010

Don diven gratitid la

Yon kè rekonesan … vini atravè eksprime gratitid nou anvè Papa nou ki nan Syèl la pou benediksyon l yo ak anvè moun ki bò kote nou pou tout sa yo pote nan lavi nou.

Sa sete yon bèl sesyon. Lè m te aple kòm Prezidan Legliz la, mwen te di: “M ap bay tèt mwen yon responsablite. M pral vin yon konseye pou Kè Tabènak la.” Mwen fyè anpil de koral mwen an!

Manman m te di m yon fwa: “Tommy, mwen fyè pou tout sa ou akonpli. Men mwen gen yon kòmantè pou ou. Ou te dwe rete sou pyano a.”

Konsa mwen te ale sou pyano e mwen te jwe yon mizik pou li: “Men nou la, [men nou la] nan yon fèt anivèsè.”1 Apresa mwen te bo li sou fwon, epi li te anbrase mwen.

Mwen sonje li. Mwen sonje papa m. M panse ak tout Otorite Jeneral yo ki te enfliyanse lavi m yo, ak lòt moun, enkli vèv mwen te konn vizite yo—85 nan yo—avèk yon poul pou yo mete nan fou a, pafwa yon ti lajan pou pòch yo.

Mwen te vizite youn byenta yon jou swa. Li te minui, e mwen te ale nan mezon retrèt li a, epi resepsyonis la te di: “Mwen si ke l dòmi, men li te di m pou m reveye li, paske l te di ‘M konnen l ap vini.’’’

Mwen te kenbe men li; li te site non mwen. Li te byen reveye. Li te bo men mwen epi l te di: “Mwen konnen w t ap vini.” Kijan m ta ka fè pa vini?

Bèl mizik la touche m fason sa a.

Frè ak sè byeneme m yo, nou sot tande mesaj enspire sou verite, esperans, ak lanmou. Panse nou tounen vè li menm ki te ekspye pou peche nou yo, ki te montre nou fason pou viv ak jan pou priye, epi ki te demontre pa pwòp aksyon pa li benediksyon ki genyen nan sèvis—li menm Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.

Nan liv Lik la, chapit 17, nou li konsènan li:

“Epi se te konsa, pandan Jezi te nan chemen pou l al Jerizalèm, li t ap pase sou fwontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile a.

“Antan l t ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen.

“Yo pale byen fò, yo di l konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou.

“Lè Jezi te wè yo, li te di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo ta prale, yo te geri.

“Epi youn ladan yo ki te wè li geri te tounen sou wout li, li t ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun te tande,

“Epi li te lage kò l atè nan pye Jezi, li te di l mèsi. Nonm sa a sete yon moun Samari.

“Jezi te pran lapawòl, li te di l: nou toulèdis te geri, pa vre. men kote nèf lòt yo?

“Sete etranje sa a sèlman ki te sonje pou l vin fè lwanj Bondye.

“Epi li te di l: Leve non. Ou mèt ale. Lafwa ou nan Bondye fè w geri.”2

Atravè entèvansyon divin, moun ki te gen lalèp yo te epaye de yon lanmò gout pa gout, kriyèl epi yo te jwenn yon nouvo chans pou viv. Gratitid youn ladan yo te eksprime a te merite yon benediksyon nan men Mèt la, engratitid nèf lòt yo te montre a te fè l desi.

Frè m ak sè m yo, èske nou sonje pou n di mèsi pou benediksyon nou resevwa yo? Remèsye sensèman non sèlman ede nou rekonèt benediksyon nou yo, men sa ede louvri pòt syèl yo tou epi ede nou santi lanmou Bondye.

Bon zanmi mwen, Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Lè nou mache avèk gratitid, nou pa mache avèk awongans ni vanite ni egoyis; nou mache avèk yon espri remèsiman ki vin fè pati de nou epi k ap beni lavi nou.”3

Nan liv Matye a nan Bib la, nou gen yon lòt resi sou gratitid, fwa sa a eksprime pa Sovè a. Pandan l t ap vwayaje nan dezè a pandan twa jou, plis pase 4.000 moun te suiv li epi vwayaje avèk li. Li te gen konpasyon pou yo, paske yo pa t manje pandan tout twa jou yo. Sepandan, disip li yo te poze l kesyon: “Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?” Menmjan ak anpil nan nou, disip yo te wè sèlman sa k te manke a.

“Epi Jezi te mande yo: Konbyen pen nou genyen? Epi [disip yo] te reponn: Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.

“Lè sa a [Jezi] te fè foul moun yo chita atè.

“Li te pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li te kase yo an moso, li te remèt yo bay disip yo, epi disip yo te mache bay tout moun.”

Note ke Sovè a te di mèsi pou sa l te genyen—epi yon mirak te suiv: “Epi tout moun te manje plen vant yo. Disip yo te plen sèt panye pote ale ak moso ki te rete yo.”4

Nou tout konn fè eksperyans moman kote nou fokis sou sa nou manke, olye nou panse ak benediksyon nou yo. Epiktèt, yon filozòf grèk te di: “Moun ki saj la pa plenyen pou bagay li pa genyen, men li rejwi pou sa li genyen yo.”5

Gratitid se yon prensip diven. Senyè a te deklare, nan yon revelasyon li te bay Pwofèt Joseph Smith:

“Nou dwe remèsye Senyè Bondye nou an nan tout bagay… …

“Epi lòm pa ofanse Bondye nan anyen, oubyen kòlè Bondye pa limen kont okenn moun, eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay.”6

Nan Liv Mòmon an, yo di nou pou nou “viv nan remèsiman chak jou, pou tout mizèrikòd ak benediksyon li vide sou nou.”7

Kèlkeswa sitiyasyon nou, nou chak gen anpil bagay ki dwe fè nou rekonesan si nou fè yon ti kanpe pou panse ak benediksyon nou yo.

Sa a se yon tan mèveye pou yon moun sou tè a. Pandan ke gen anpil bagay ki pa bon nan mond lan jodia, gen anpil bagay ki dwat ak bon tou. Gen maryaj ki reyisi, gen paran ki renmen pitit yo epi ki fè sakrifis pou yo, zanmi ki sousye pou nou epi ki ede nou, enstriktè k ap anseye. Lavi nou beni nan fason nou pa ka konte.

Nou kapab edifye tèt nou, ak lòt moun tou, lè nou refize tonbe nan domèn panse negatif epi kiltive yon atitid gratitid andedan kè nou. Si engratitid konte pami peche ki pi grav yo, enben, gratitid plase pami vèti ki pi nòb yo. Gen yon moun ki te di ke “gratitid se non sèlman pi gwo nan vèti yo men se paran tout lòt yo tou.”8

Kijan nou ka kiltive yon atitid gratitid andedan kè nou? Prezidan Joseph F. Smith, sizyèm Prezidan Legliz la, te bay yon repons. Li te di: “Moun ki rekonesan an wè anpil bagay nan mond lan ki fè l rekonesan, e pou li, gen plis byen nan mond lan pase mal. Lanmou depase jalouzi, epi limyè voye fènwa deyò nan lavi li.” Li te kontinye: “Lògèy detwi gratitid nou epi li mete egoyis nan plas li. Ala nou pi byen nan prezans yon moun ki rekonesan ak eman, e ala nou dwe fè atansyon pou kiltive, atravè kanal yon lavi lapriyè, yon atitid rekonesan anvè Bondye ak anvè lòm!”9

Prezidan Smith ap di nou la a ke yon lavi lapriyè se kle pou posede gratitid.

Èske byen materyèl fè nou gen kè kontan ak rekonesan? Petèt pou yon ti moman. Sepandan, bagay ki bay bonè ak gratitid dirab ak pwofon yo se bagay lajan pa kapab achte: fanmi nou, levanjil la, bon zanmi, sante nou, kapasite nou, lanmou nou resevwa nan men moun ki bò kote nou. Malerezman, sa yo se kèk nan sa nou kite tèt nou pran kòm bagay ki nòmal.

Otè Anglè a ki rele Aldous Huxley a te ekri: “Pi fò kretyen vivan gen yon kapasite prèske enfini pou pran bagay yo pou nòmal.”10

Nou souvan pran pou nòmal moun menm ki pi merite gratitid nou yo. Annou pa tann jislè l twò ta pou nou eksprime gratitid sa a. An palan de moun ki chè pou li ke l te pèdi, yon fi te deklare ke l te regrèt nan fason sa a: “Mwen sonje epòk lajwa sa yo e souvan mwen swete m ta ka chichote nan zòrèy moun sa yo ki mouri yo gratitid yo te merite nan lavi a, ke yo pa t resevwa a.”11

Pèt yon moun ki chè pou nou prèske inevitableman pote kèk regrè nan kè nou. Annou diminye kalite santiman sa yo osi souvan ke sa imènman posib nan toujou eksprime lanmou nou ak gratitid nou pou yo. Nou pa janm konnen kilè li ka vin twò ta.

Konsa, yon kè rekonesan, vini atravè eksprime gratitid nou pou Papa nou ki nan Syèl la pou benediksyon l yo ak pou moun ki bò kote nou pou tout sa yo pote nan lavi nou. Sa mande gwo efò—omwen jiskaske nou vrèman aprann ak kiltive yon atitid rekonesans. Souvan nou santi nou rekonesan epi nou gen dezi pou eksprime remèsiman nou men nou bliye fè sa oubyen nou jis pa pran tan pou nou fè li. Gen yon moun ki te di ke “santi gratitid epi pa eksprime li se tankou vlope yon kado epi ou pa bay li.”12

Lè nou rankontre pwoblèm ak difikilte nan lavi nou, li souvan difisil pou nou fokis sou benediksyon nou yo. Sepandan, si nou fouye fon epi nou byen gade, n ap kapab santi ak rekonèt ki kantite nou te resevwa.

M ap pataje avèk nou yon istwa sou yon fanmi ki te kapab jwenn benediksyon nan mitan pwoblèm serye. Sa se yon istwa mwen te li sa gen kèk ane e m kenbe l poutèt mesaj li bay la. Li te ekri pa Gordon Green epi li te pibliye nan yon revi Ameriken sa gen plis pase senkantan.

Gordon di kijan li te grandi nan yon fèm nan Kanada, kote li menm ak frè ak sè li yo te oblije kouri ale lakay yo lè yo te soti lekòl pandan ke lòt timoun yo te rete ap jwe boul oubyen yo t al naje. Sepandan, papa yo te gen kapasite pou te ede yo konprann ke travay yo te vo yon bagay. Sa te espesyalman vrè apre tan rekòt, lè fanmi an te konn selebre Aksyondegras, paske nan jou sa a papa yo te ba yo yon gwo kado. Li te fè yon envantè sou tout sa yo te genyen.

Nan jou maten fèt ‘Aksyondegras’ la, li te konn mennen yo nan sousòl kay la kote gen barik pòm, dwoum bètwouj, pil pake kawòt nan sac, ak pil sak pòmdetè, ansanm avèk pwa, mayi, bonbon, frèz, ak lòt konsèv fwi ak legim ki te plen etajè yo. Li te konn fè timoun yo konte chak bagay avèk swen. Apresa yo te soti ale nan depo deyò a pou yo te wè ki kantite pay yo te genyen ak ki kantite grenn yon te genyen nan konsèv. Yo te konn konte bèf, kochon, poul, kodenn ak zwa yo. Papa yo te di li te vle wè kijan yo te kanpe, men yo te konnen ke an reyalite li te vle yo reyalize, nan jou selebrasyon sa a, konbyen Bondye te beni yo epi rekonpanse pakèt èdtan yo te pase ap travay yo. Finalman, lè yo te konn chita pou festen manman yo te prepare a, yo te santi benediksyon yo.

Sepandan, Gordon te di ke ‘Aksyondegras’ li te sonje ak plis rekonesans lan sete ane ki te sanble pa t gen anyen pou yo te santi rekonesans pou li a.

Ane a te byen kòmanse: yo te gen pay ki te rete, anpil semans, kat pòte kochon; epi papa yo te gen yon ti lajan sere pou ke yon jou li te achte yon machin pou leve ak transpòte pay—yon bèl machin ke pifò fèmye te reve pou yo posede. Sete ane elektrisite te rantre nan vil yo a tou—menmsi se pa t lakay yo, paske yo pa t ka ofri tèt yo sa.

Yon jou swa manman Gordon t ap fè lesiv; papa l te rantre epi l te vin fè tou pa li nan lave epi l te di madanm ni pou l t al pran yon ti repo epi fè kwochè. Li te di: “Ou pase plis tan ap lave pase w dòmi. Èske w panse ke nou ta dwe sispann sa epi pran elektrisite a?” Malgre ke lide a te parèt atiran, ti dlo te soti nan je li lè l te panse ak machin nan yo te bezwen achte a.

Konsa yo te antre elektrisite nan zòn yo a ane sa a. Malgre ke se pa t anyen sofistike, yo te achte yon machin alave ki te travay tout lajounen poukont li ak bèl anpoul ki te klere nan plafon an. Yo pa t gen lanp ranpli ak lwuil ankò, ni bwa pou yo te koupe ankò, ni chemine pou netwaye. Yo te voye lanp yo nan grenye a san pale.

Rantre elektrisite nan fèm yo a sete prèske dènye bon bagay ki te rive yo ane sa a. Egzakteman lè plant yo te kòmanse pouse soti nan tè a, lapli te kòmanse tonbe. Lè lapli a te finalman pase, pa t gen yon plant ki te rete. Yo te plante ankò, men plis lapli te fè plant yo antre nan tè a. Pòmdetè yo te pouri nan labou. Yo te vann yon pè bèf ak tout kochon yo ak lòt bèt yo te gen entansyon kenbe yo, e yo pa t jwenn anpil kòb pou yo paske tout moun te oblije fè menm bagay la. Tout sa yo te rekòlte ane sa a sete yon pake navè ki te siviv anba tanpèt yo.

Epi sete yon lòt Aksyondegras. Manman yo te di: “Petèt li ta bon si n pa ta fete l ane sa a. Nou pa menm gen yon zwa ki rete.”

Sepandan, jou maten Aksyondegras la, papa Gordon te parèt avèk yon lapen epi l te mande madanm ni pou kuit li. Ak retisans li te kòmanse travay la, li te di ke li ta pral pran anpil tan pou kwit vyann di sa a. Lè l te finalman mete l sou tab la avèk kèk nan navè ki te siviv yo, timoun yo te refize manje. Manman Gordon te kriye, epi lè sa a, papa l te fè yon bagay etranj. Li te monte nan grenye a; li te pran yon lanp plen luil, li te mete l sou tab la epi l te limen li. Li te di timoun yo pou yo te etenn limyè yo. Lè sete lanp la ki te rete limen sèlman, yo pa t ka kwè ke l te konn fè nwa konsa anvan sa. Yo te mande tèt yo kijan yo te janm fè konn wè san bèl limyè elektrisite a te pote a.

Yo te beni manje a, epi tout moun te manje. Lè dine a te fini, yo tout te chita an silans. Gordon te ekri:

“Nan limyè pal vye lanp lan nou te kapab wè klè ankò. …

“Sete yon bèl manje. Lapen an te gen menm gou ak kodenn, epi gou navè yo sete pi bon gou nou te ka raple nou. …

“… Lakay [nou] … , malgre tout sa l te manke yo, te si rich [pou] nou.”13

Frè m ak sè m yo, eksprime gratitid se yon bagay janti ak onorab; aji avèk gratitid se yon bagay nòb ak plen jenewozite; men viv avèk gratitid toujou nan kè nou se touche syèl la.

Pandan m ap fini maten sa a, priyè mwen se pou ke anplis tout lòt bagay nou rekonesan pou yo yo, nou dwe toujou montre gratitid nou pou Senyè nou ak Sovè nou an, Jezikri. Levanjil gloriye l la ba nou repons pou pi gwo kesyon lavi yo: Ki kote nou soti? Poukisa nou isit la? Ki kote lespri nou ale lè nou mouri? Levanjil sa a pote pou tout moun k ap viv nan fènwa yo limyè verite divin nan.

Li te anseye nou kijan pou n priye. Li te anseye nou kijan pou nou viv. Li te anseye nou kijan pou nou mouri. Lavi li se yon eritaj lanmou. Li te geri malad yo; li te fè kokobe yo mache; li te sove pechè a.

Finalman, li te kanpe poukont li. Kèk nan Apot yo te doute; youn te trayi li. Sòlda women yo te pèse bò kòt li. Foul moun ankòlè yo te pran lavi li. Sepandan, soti sou mòn Gòlgota a, pawòl konpatisan sa yo te sonnen: “Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè.”14

Kiyès nonm lapenn sa a, … ki te nan soufrans sa a te ye?15 “Kiyès ki wa laglwa a,”16 Senyè tout Senyè yo sa a? Li se Mèt nou. Li se Sovè nou. Li se Pitit Gason Bondye a. Li Responsab pou Sali nou. Li di nou, “Suiv mwen”.17 Li enstwi nou: “Ale epi fè menm bagay la tou.”18 Li sipliye nou: “Respekte kòmandman m yo.”19

An nou suiv li. An nou imite egzanp li. An nou obeyi pawòl li. Lè nou fè sa, nou ba li don divin gratitid la.

Priyè sensè mwen se pou nou kapab, nan lavi endividyèl nou, reflete bèl vèti gratitid sa a. Se pou li penetre andedan nanm nou, kounyeya e pou tout tan. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. John Thompson, “Birthday Party,” Teaching Little Fingers to Play (1936), 8.

  2. Lik 17:11–19.

  3. Teachings of Gordon B. Hinckley (1997), 250.

  4. Gade Matye 15:32–38; italik ajoute.

  5. The Discourses of Epictetus; with the Encheiridion and Fragments, trans. George Long (1888), 429.

  6. Doktrin ak Alyans 59:7, 21.

  7. Alma 34:38.

  8. Cicero, in A New Dictionary of Quotations on Historical Principles, sel. H. L. Mencken (1942), 491.

  9. Joseph F. Smith, Gospel Doctrine, 5th ed. (1939), 263.

  10. Aldous Huxley, Themes and Variations (1954), 66.

  11. William H. Davies, The Autobiography of a Super-Tramp (1908), 4.

  12. William Arthur Ward, in Allen Klein, comp., Change Your Life! (2010), 15.

  13. Adapte soti nan H. Gordon Green, “The Thanksgiving I Don’t Forget,” Reader’s Digest, Nov. 1956, 69–71.

  14. Lik 23:34.

  15. Ezayi 53:3.

  16. Sòm 24:8.

  17. Matye 4:19.

  18. Lik 10:37.

  19. Jan 14:15.