Anseye ak Aprann
Reyinyon Konsèy Enstriktè yo—Pou Paran ak Enstriktè ki Aple yo


“Reyinyon Konsèy Enstriktè yo—Pou Paran ak Enstriktè ki Aple yo,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun Ki Ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Reyinyon Konsèy Enstriktè yo,” Anseye nan Fason Sovè a

Klas Lekòldidimanch

Reyinyon Konsèy Enstriktè yo—Pou Paran ak Enstriktè ki Aple yo

Chak pawas dwe fè reyinyon konsèy enstriktè chak trimès, pou paran ak enstriktè ki aple nan pawas la. Nan reyinyon sa yo, paran yo ak lòt enstriktè ka chita an konsèy ansanm sou prensip pou anseye tankou Kris la (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 13.4, 13.5, 17.4, 17.5, 17.5, Bibliyotèk Levanjil la).

Toulède kalite reyinyon konsèy enstriktè sa yo dwe fèt yon fwa pa trimès nan tan klas 50-minit jou Dimanch la.

Reyinyon Konsèy Enstriktè pou Paran yo

Kimoun ki Dirije Reyinyon Sa Yo? Abityèlman, se yon manm prezidans Lekòldidimanch la ki dirije reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo. Sepandan, evèk la ka asiyen lòt manm nan pawas la pou dirije reyinyon yo nan kèk okazyon.

Konsèy pawas la, avèk asistans prezidans Lekòldidimanch la, sipèvize reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo. Yo chita an konsèy ansanm sou bezwen paran yo ak fanmi yo, epi yo travay ansanm pou detèmine ki prensip nan Anseye nan Fason Sovè a ki pral pi byen reponn a bezwen sa yo.

Kimoun ki Dwe Asiste? Konsèy pawas la detèmine si pou yo envite kèk paran espesifik oubyen si pou yo ouvri reyinyon an pou tout moun ki vle patisipe.

Kilè Reyinyon Sa Yo Dwe Fèt? Reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo ka fèt nan nenpòt Dimanch, selon jan konsèy pawas la detèmine.

Reyinyon Konsèy Enstriktè pou Enstriktè ki Aple yo

Kimoun ki Dirije Reyinyon sa yo? Abityèlman, se yon manm prezidans Lekòldidimanch la ki dirije reyinyon konsèy enstriktè pou enstriktè ki aple yo. Sepandan, evèk la ka asiyen lòt manm nan pawas la pou dirije reyinyon yo nan kèk okazyon.

Konsèy pawas la, avèk asistans prezidans Lekòldidimanch la, sipèvize reyinyon konsèy enstriktè pou enstriktè ki aple yo. Yo chita an konsèy ansanm konsènan bezwen enstriktè yo ak etidyan yo, epi yo travay ansanm pou detèmine ki prensip nan Anseye nan Fason Sovè a ki pral pi byen satisfè bezwen sa yo.

Kimoun Ki Dwe Asiste? Tout moun ki anseye yon kowòm oswa yon klas nan pawas la ta dwe asiste reyinyon konsèy enstriktè a. Manm prezidans kowòm ak òganizasyon yo envite tou.

Kilè Reyinyon Sa Yo Dwe Fèt? Enstriktè yo asiste reyinyon konsèy enstriktè yo nan yon jou Dimanch kote yo p ap anseye klas regilye yo.

  • Enstriktè Kowòm Prètriz, Sosyete Sekou, ak Jènfi yo ka asiste nan premye oubyen twazyèm Dimanch la, jan dirijan lokal yo detèmine.

  • Enstritè Lekòldidimanch yo ka asiste dezyèm oubyen katriyèm Dimanch la, jan dirijan lokal yo detèmine.

  • Enstriktè Primè yo ka asiste nan nenpòt Dimanch, selon jan prezidans Primè pawas la ak prezidans Lekòldidimanch la detèmine. Si yo vle, enstriktè Primè yo ka rankontre separeman de lòt enstriktè yo pou fè konsèy konsènan aspè inik yo nan anseye timoun yo. Sa ka fèt pandan 20 minit peryòd chante a, anvan oubyen apre reyinyon regilye Dimanch yo, oubyen yon lòt jou nan semèn nan. Plis pase yon sèl reyinyon konsèy ka fèt chak trimès pou enstriktè Primè yo pou yo tout ka pa manke klas Primè a nan menm semèn nan. (Nòt: Si sa nesesè, prezidans Primè a deziyen enstriktè ranplasan, konbine klas yo, oubyen fè lòt aranjman pou pèmèt enstriktè Primè yo asiste reyinyon konsèy enstriktè yo.)

Fòma pou Reyinyon yo

Reyinyon konsèy enstriktè yo—pou paran yo ak pou enstriktè ki aple yo—suiv fòma sa a:

  1. Pataje ak fè konsèy ansanm (apeprè 20 minit). Envite paran oswa enstriktè yo pou pataje sa k ap byen mache pandan y ap anseye levanjil la lakay yo oswa nan klas yo. Yo ka pataje difikilte y ap rankontre tou oswa bagay yo ta renmen amelyore.

  2. Aprann ansanm (apeprè 15 minit). Pale avèk paran yo oswa enstriktè yo sou youn nan prensip ki nan Anseye nan Fason Sovè a. Nou gendwa itilize manyèl Vini, Suiv Mwen an tou kòm yon resous pou diskisyon sa yo.

  3. Planifye ak envite (apeprè 10 minit). Envite paran oswa enstriktè yo pou pataje sa yo te aprann pandan reyinyon an ak kijan yo planifye aplike li.

6:15