Jènfi
Responsablite


jènfi k ap souri

Apèl Mwen kom Sekretè Jènfi

Responsablite yo

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.

Bi Jènfi

Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo nan Jezikri ak levanjil Li a. Nan klas yo, jènfi yo sèvi lòt yo, yo ranpli responsabilite alyans yo, yo bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan. (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 11.1.1.)

Sekretè

Sekretè Jènfi a ede prezidant lan prepare orè yo, pran nòt, ak fè suivi sou tach pou reyinyon prezidans yo. Li enstwi sekretè klas yo tou, li ede yo kenbe kaye prezans yo, epi li ede prezidans Jènfi yo nan prepare yon bidjè ak kont pou depans yo (gade 11.3.3).

Klas Dimanch yo

Episkopa yo ak dirijan adilt Jènfi yo deside nan lapriyè kijan pou òganize klas yo selon laj. Yo konsidere opòtinite pou jènfi yo dirije. Chak klas, kèlkeswa gwosè a, ta dwe gen yon prezidan epi, kote sa posib, youn oubyen de konseye ak yon sekretè (gade 11.1.3).

Sèvis ak Aktivite

Prezidans klas yo, sipòte pa lidè adilt yo, planifye sèvis ak aktivite ki bati temwayaj, fòtifye fanmi yo, ankouraje inite klas yo, epi bay opòtinite pou beni lòt moun (gade 11.2.1.3). Sèvis ak aktivite yo se yon opòtinite pou rasanble jèn yo epi pataje lajwa nan viv levanjil la epi patisipe nan travay puisan Senyè a.

Règleman ak Politik

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). W ap jwenn règleman ak politik konsènan jènfi andikape yo, anblèm jèn yo, ak ankò nan seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneral la.