Jènfi
Responsablite


Jènfi k ap souri

Apèl mwen Kòm Prezidant Jènfi

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.

Objektif Jènfi

Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi Byenneme Seyè a prepare pou retounen nan prezans li. Li ede jènfi yo fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo nan Jezikri ak nan levanjil Li a. Nan klas yo, jènfi yo sèvi lòt moun, ranpli responsabilite alyans yo, bati inite, epi aprann ak viv doktrin nan. (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 11.1.1.)

Prezidant ak Prezidans

Prezidant lan sèvi nan konsèy pawas la ak konsèy jèn nan pawas la (gade 11.3.4.4). Li fè reyinyon prezidans regilyèman epi li rankontre avèk evèk la. Prezidans lan sèvi jènfi yo pandan y ap vin disip Jezikri pandan tout lavi yo. Yo anseye prezidans klas yo responsabilite yo epi sipòte yo pandan y ap dirije. (Gade 11.3.2.) Prezidant lan sipèvize rejis, rapò, ak finans yo. Konseye l yo ba li sipò. Prezidant lan bay jènfi yo konsèy tou sou pwoblèm ki pa mande asistans evèk la oswa pwoblèm ki pa enplike abi.

Dirijan Jèn yo

Prezidans Jènfi a sipòte dirijan jèn yo. Prezidan klas yo sèvi nan konsèy pou jèn nan pawas la. Prezidans klas yo dirije ak sèvi jènfi yo pandan y ap vin pi pwòch Sovè a epi patisipe nan travay sali ak ekzaltasyon Bondye a. Avèk sipò dirijan adilt yo, yo planifye pwojè sèvis yo, aktivite yo, ak reyinyon Dimanch yo. (Gade 11.3.4.2.)

Klas Dimanch yo

Episkopa yo ak dirijan adilt Jènfi yo deside nan lapriyè kijan pou yo òganize klas yo selon laj. Yo konsidere opòtinite lidèchip pou jènfi yo. Chak klas, kèlkeswa gwosè li, ta dwe gen yon prezidant epi, kote sa posib, youn oubyen de konseyè ak yon sekretè (gade nan 11.1.3).

Sèvis ak Aktivite

Prezidans klas yo, avèk sipò dirijan adilt yo, planifye sèvis ak aktivite ki bati temwanyaj, ki ranfòse fanmi, ki favorize inite nan klas la, epi ki ofri opòtinite pou beni lòt moun (gade nan 11.2.1.3). Sèvis ak aktivite yo se yon opòtinite pou rasanble jèn yo epi pataje lajwa ki genyen nan viv levanjil la ak patisipe nan gwo travay Senyè a.

Direksyon ak Règleman

Tout adilt ki ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo ta dwe konplete fòmasyon sou Pwoteksyon Timoun ak Jèn nan, nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). N ap jwenn direksyon ak règleman konsènan jènfi ki gen andikap yo, amblèm jèn yo, ak plis, nan seksyon Manyèl Jeneral la.