Apèl Mwen antanke yon Sekretè Klas Jènfi
Responsablite yo
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.
Objektif Jènfi
Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo vin disip Jezikri pou tout lavi yo pandan y ap fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo. Nan klas yo ak rasanbleman yo, jènfi yo sèvi youn lòt, yo akonpli responsablite alyans yo, yo bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan. (Gade Manyèl Jeneral, 38.6.1.)
Sekretè Klas Jènfi
Sekretè klas Jènfi a bay prezidans klas la ak dirijan Jènfi yo sipò pou yo sèvi oswa asiste manm klas yo. Li prepare yon ajanda pou reyinyon prezidans yo, pran nòt, epi kenbe tras asiyasyon yo ak prezans nan reyinyon Dimanch yo (11.3.4.2).
Reyinyon Prezidans
Prezidans klas Jènfi yo rankontre regilyèman epi sekretè klas la rejwenn yo tou ansanm ak yon dirijan adilt jènfi ki asiyen pou pote sipò pou yo. Yo fè konsèy ansanm epi yo chèche revelasyon sou volonte Senyè a pou klas yo a. Reyinyon sa yo ka enkli diskisyon sou sèvi manm klas yo, avèk atansyon espesyal pou sipòte nouvo manm yo ak ankouraje manm ki mwens-aktif yo, ak planifye reyinyon klas, sèvis, ak aktivite yo. (Gade 10.1.3.2.)
Direksyon ak Règleman
Pou direksyon ak règleman adisyonèl, gade seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneral la.