Apèl mwen Kòm Prezidant Klas Jènfi
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.
Objektif Jènfi
Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare pou yo pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo vin disip Jezikri pou tout lavi yo pandan y ap fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo. Nan klas yo ak rasanbleman yo, jènfi yo sèvi youn lòt, yo ranpli responsabilite yo genyen nan alyans lan, yo bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan. (Gade nan Manyèl Jeneral, 11.1.1.)
Prezidant Klas Jènfi
Prezidant klas yo dirije efò klas la pou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a, chèche konnen ak sèvi chak jènfi, planifye ak fè reyinyon klas Dimanch yo ak lòt aktivite, patisipe nan efò pawas la pou pataje levanjil la, epi patisipe nan efò tanp ak istwa familyal yo (gade 11.3.4.2). Konseyè l yo ede li.
Reyinyon Prezidans
Prezidans klas Jènfi yo rankontre regilyèman epi dirijant Jènfi ki asiyen yo rejwenn yo pou pote sipò ba yo. Yo fè konsèy ansanm epi yo chèche revelasyon sou volonte Senyè a pou klas yo a. Reyinyon sa yo ka gen ladan diskisyon sou sèvi manm klas yo, avèk atansyon espesyal pou sipòte nouvo manm yo ak lonje lamen bay manm ki mwens aktif yo, ak planifikasyon reyinyon klas yo, sèvis, ak aktivite yo. (Gade 11.3.4.3.)
Konsèy Pawas pou Jèn yo
Konsèy pawas pou jèn nan diskite sou fason pou ede lòt bati temwayaj, resevwa òdonans sali yo, kenbe alyans yo, epi vin disip konsakre Jezikri. Yo fè konsèy ansanm sou bezwen jènfi ak jènjan yo nan pawas la. Yo ka diskite sou aktivite pou satisfè bezwen sa yo. (Gade 11.3.4.4.)
Direksyon ak Règleman
Pou direksyon ak règleman adisyonèl, gade seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneralla.