Jènfi
Responsablite


jènfi k ap souri

Apèl mwen kòm yon Konseyè nan Prezidans Klas Jènfi

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou responsabilite yo pou apèl ou a.

Objektif Jènfi

Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo vin disip Jezikri pou tout lavi pandan y ap fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo. Nan klas yo ak reyinyon yo, jènfi yo sèvi lòt, ranpli responsabilite yo genyen nan alyans lan, bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan. Gade Manyèl Jeneral, 11.1.1.)

Konseyè Klas Jènfi yo

Prezidan klas la ak konseyè l yo dirije efò klas la pou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a, chèche konnen ak sèvi chak jènfi, planifye ak fè reyinyon klas Dimanch yo ak lòt aktivite, patisipe nan efò pawas la pou pataje levanjil la, epi patisipe nan travay tanp ak istwa familyal (gade 11.3.4.2).

Reyinyon Prezidans yo

Prezidans klas Jènfi yo rankontre regilyèman epi dirijan Jènfi adilt ki asiyen yo rejwenn yo pou sipòte yo. Yo fè konsèy ansanm epi yo chèche revelasyon sou volonte Senyè a pou klas yo. Reyinyon sa yo ka enkli diskisyon sou sèvi manm klas yo, avèk atansyon espesyal pou sipòte nouvo manm yo ak lonje lamen bay manm mwens-aktif yo, ak planifiye reyinyon klas yo, sèvis, ak aktivite yo. (Gade 11.3.4.3.)

Direksyon ak Règleman

Pou direksyon ak règleman adisyonèl, gade seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneralla.