ApèlMwen kòm yon Direktè Koral Pawas
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.
Objektif Mizik nan Legliz la
Mizik sakre ogmante lafwa nan Jezikri. Li envite Lespri a epi li anseye doktrin. Li kreye yon santiman reverans, ini manm yo, epi li bay yon fason pou adore Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri tou. Senyè a te deklare: “Nanm mwen pran plezi nan chan kè a” (Doktrin ak Alyans 25:12). (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 19.1.)
Direktè Koral Pawas
Direktè koral pawas la ede manm pawas yo ogmante lafwa nan ak adore Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri atravè mizik sakre. Yo rekòmande mizik pou koral pawas la, dirije repetisyon koral yo, epi dirije koral la nan reyinyon Legliz yo (gade 19.4.3.3).
Koral Pawas yo
Koral Legliz yo pote glwa bay Bondye, yo ini ak edifye manm Legliz yo, epi yo pote lajwa pou patisipan yo ak kongregasyon yo. Nou ankouraje koral yo pou yo itilize kantik Legliz yo, ki envite Lespri a epi ki ede patisipan yo ak kongregasyon yo aprann levanjil la (gade Cantiques,381–83). Koral legliz yo ka chante lòt seleksyon mizikal sakre tou. Tout seleksyon mizikal yo ta dwe anseye levanjil la avèk pouvwa ak klète. (Gade 19.3.)
Direksyon ak Règleman
Repetisyon koral yo dabitid pa depase inèdtan. Pou plis règleman ak direksyon, tankou jwenn mizik, itilize enstriman chapèl yo pou repetisyon, oswa koral kominotè yo, gade seksyon 19.7 nan Manyèl Jeneralla.