Music
Responsablite


yon fi ki ap dirije koral

Apèl mwen kòm yon akonpayatè koral pawas

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.

Objektif Mizik nan Legliz la

Mizik sakre ogmante lafwa nan Jezikri. Li envite Lespri a epi li anseye doktrin. Li kreye yon santiman reverans, li ini manm yo, epi li bay yon fason pou adore Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri tou. Senyè a te deklare: “Nanm mwen pran plezi nan chan kè a” (Doktrin ak Alyans 25:12). (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 19.1.)

Akonpayatè Koral Pawas

Akonpayatè koral pawas la ede manm pawas yo ogmante lafwa ak adorasyon Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri atravè mizik sakre. Yo jwe pou repetisyon koral yo ak lè koral la ap chante nan reyinyon Legliz yo (gade 19.4.3.3).

Koral Pawas yo

Koral Legliz yo pote glwa bay Bondye, yo ini ak edifye manm Legliz yo, epi yo pote lajwa pou patisipan yo ak kongregasyon yo. Yo ankouraje koral yo pou yo itilize kantik Legliz yo, ki envite Lespri a epi ki ede patisipan koral yo ak kongregasyon yo aprann levanjil la (gade Cantiques381–83). Koral legliz yo ka chante lòt seleksyon mizikal sakre tou. Tout seleksyon mizikal yo ta dwe anseye levanjil la avèk pouvwa ak klate. (Gade19.3.)

Direksyon ak Règleman yo

Anjeneral, repetisyon koral yo pa dwe depase inèdtan. Pou plis règleman ak direksyon, tankou jwenn mizik, itilizasyon enstriman nan chapèl yo pou pratik, oswa koral kominotè, gade seksyon 19.7 nan Manyèl Jeneralla.