Apèl Mwen kòm Enstriktè Lekòdidimanch
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.
Objektif Lekòldidimanch
Lekòldidimanch ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Li fè sa lè nou ede pitit Bondye yo aprann epi viv levanjil Jezikri a (gade Manyèl Jeneral, 13.1).
Enstriktè Lekòldidimanch
Enstriktè Lekòldidimanch yo aprann konnen manm klas yo, tankou moun ki pa vini nan klas yo. Enstriktè yo sipòte manm yo nan efò yo pou aprann ak viv levanjil Jezikri a (gade 13.2.3). Enstriktè yo swiv direktiv prezidans lekòldidimanch pawas la epi yo patisipe nan reyinyon konsèy enstriktè yo chak trimès (gade 17.4).
Klas Lekòldidimanch
Klas Lekòldidimanch yo ap fèt nan premye ak twazyèm dimanch nan mwa a. Yo dire 50 minit. Gwosè klas la varye selon bezwen chak pawas. Pou prepare yo pou anseye, enstriktè lekòldidimanch yo itilize ekriti yo ak leson pwograme nan Vini, Suiv mwen yo (gade 13.3).
Prensip sou Anseye nan Fason Kris la
Anseye nan fason Sovè a se yon konfyans ak yon responsablite sakre. Lè y ap anseye levanjil la, yo dwe suiv egzanp Sovè a, ki se Pi Gran Enstrikttè a. Enstriktè lekòldidimanch yo dwe suiv prensip ki nan Ansèye nan Fason Sovè a ak chapit 17 nan Manyèl Jeneral la (gade17.1).
Yon Etid Levanjil Santre sou Fwaye
Pou konvèti nan Senyè Jezikri, chak manm nan Legliz la responsab pou aprann levanjil la pou tèt pa yo. Enstriktè ak dirijan yo responsab pou ankouraje manm yo pou yo chèche pwòp enspirasyon pa yo sou fason pou yo etidye ak anseye levanjil la (gade 17.2).