Apèl Mwen antanke sekretè Lekòldidimanch
Responsablite
Senyè a rekonesan pou volonte w pou sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.
Bi Lekòldidimanch
Lekòldidimanch ede Bondye akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Li fè sa a nan ede pitit Bondye yo apran epi viv levanjil Jeziki a (gade Manyèl general: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 13.1).
Prezidans ak Sekretè
Prezidan Lekòldidimanch lan gen responsabilite pou l sipèvize aprantisaj ak ansèyman levanjil la nan fwaye nou ak nan legliz la. Konseye l yo ede li. Sekretè a ka ede prezidans lan anrejistre tach ak prezans (gade 13.2.2.2).
Klas Dimanch yo
Klas Lekòldidimanch yo fèt nan premye ak twazyèm Dimanch nan mwa a. Kantite moun ki nan klas la ka change depandamman de bezwen chak pawas (gade 13.3). Enstriktè Lekòldidimanch yo itilize ekriti yo, leson ki pwograme nan Vini, Suiv Mwenyo, ak pawòl pwofèt modèn yo kom resous prensipal pou ansèyman.
Aprantisaj ki Santre Sou Fwaye
Paran yo gen responsablite pou yo anseye pitit yo levanjil la (gade 13.5). Enstriktè Lekòldidimanch yo ak dirijan yo ankouraje manm yo pou yo chèche pwòp enspirasyon pa yo sou kijan pou yo etidye ak anseye levanjil la nan fwaye yo (gade 17.2).
Reyinyon Konsèy Enstriktè
Sekretè a ka asiste Pezidan Lekòldidimanch lan pou òganize ak fè reyinyon konsèy enstriktè yo ak reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo chak trimès.
Direksyon ak Règleman Adisyonèl
Tout adilt ki ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan yon mwa apre yo fin soutni (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). Ou ka jwenn direksyon adisyonèl pou Lekòldidimanch nan seksyon 13.7 nan Manyèl Jeneralla.