Lekòldidimanch
Responsablite


gwoup moun k ap souri

Apèl mwen kòm Prezidan Lekòldidimanch

Responsablite

Seyè a rekonesan pou volonte ou genyen pou sèvi nan Legliz Li a. W ap jwenn anba la a yon rezime sou responsabilite pou apèl ou a.

Objekti Lekòldidimanch

Lekòldidimanch ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Li fè sa nan ede pitit Bondye yo aprann ak viv levanjil Jezikri a (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 13.1).

Prezidan Lekòdidimanch

Prezidan an responsab pou li sèvi nan konsèy pawas la, sipèvize aprantisaj ak ansèyman levanjil la lakay ak nan legliz la, ak òganize klas yo. Prezidan an sipòte, ankouraje, epi anseye enstriktè yo pou yo vin pi efikas pandan y ap suiv prensip yo nan ekriti yo ak Anseye nan Fason Sovè a (gade nan 13.2.2.2). Konseye l yo ede li.

Klas Lekòdidimanch

Klas Lekòldidimanch yo fèt nan premye ak twazyèm dimanch nan mwa a. Gwosè klas la pral depann deselon bezwen chak pawas (gade nan 13.3). Enstriktè lekòldidimanch yo itilize ekriti yo, leson ki pwograme nan Vini, Suiv Mwen yo, ak pawòl pwofèt modèn yo kòm resous prensipal yo pou ansèyman.

Aprantisaj Ki Santre Sou Fwaye a

Paran yo gen responsablite pou yo anseye pitit yo levanjil la (gade nan 13.5). Enstriktè Lekòldidimanch yo ak dirijan yo ankouraje manm yo pou yo chèche pwòp enspirasyon pa yo sou fason pou yo etidye ak anseye levanjil la lakay yo (gade nan 17.2).

Reyinyon Konsèy Enstriktè

Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, enstriktè yo chita an konsèy ansanm sou prensip ansèyman Kris yo. Yo bay konsèy tou sou fason pou amelyore aprantisaj ak ansèyman levanjil la. Yo itilize Anseye nan Fason Sovè a kòm resous (gade nan 17.4). Reyinyon sa yo fèt chak 3 mwa pandan lè klas Lekòldidimanch yo epi jeneralman se prezidan Lekòldidimanch lan ki dirije yo (gade nan 13.4).

Reyinyon Konsèy Enstriktè pou Paran yo

Sou direksyon evèk la ak konsèy pawas la, prezidan Lekòldidimanch la ede òganize reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo. Reyinyon sa yo suiv menm fòma ak frekans avèk reyinyon konsèy enstriktè regilye yo, sof ke, nan ka sa a, yo envite paran yo pou yo patisipe. Objektif li se pou ede paran yo vin pi bon enstriktè lakay yo. Anseye nan fason Sovè a ak materyèl entwodiksyon yo nan Vini, Suiv Mwen an ta dwe itilize kòm resous (gade nan 17.4).

Direksyon ak Règleman

Tout adilt k ap travay avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan yon mwa apre li fin soutni (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). N ap jwenn enstriksyon adisyonèl pou Lekòldidimanch nan seksyon 13.7 nan Manyèl Jeneral la.