Apèl Mwen Kòm yon Sekretè Jènfi Pieu
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite yo pou apèl ou a.
Objektif Jènfi
Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo vin disip Jezikri pou tout yon lavi pandan y ap fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo. Nan klas yo ak rasanbleman yo, jènfi yo sèvi youn lòt, ranpli responsabilite yo genyen nan alyans lan, bati inite, epi aprann ak viv doktrin nan. (Gade Manyèl Jeneral, 11.1.1.)
Sekretè Jènfi Pieu
Sekretè Jènfi Pieu a prepare “batayon jèn” Senyè a pou “rasanble Izrayèl atravè patisipasyon nan efò pou bati lafwa ak ranfòse moun yo (gade Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 jen 2018], Bibliyotèk Levanjil la). Li sèvi nan komite lidèchip pieu pou jèn yo (gade 6.7.1.2), prepare ajanda ak rapò, epi pran nòt (gade 6.7.3).
Reyinyon yo
Yon Sekretè Jènfi pieu enstwi prezidans òganizasyon pawas yo pandan reyinyon lidèchip anyèl pieu yo (gade 29.3.4), li asiste reyinyon prezidans yo epi li kowòdone reyinyon konsèy yo lè Swasanndis Entèrejyon an envite li (gade 29.4), epi pale nan reyinyon Sentsèn ak nan lòt reyinyon lè prezidans pieu a envite li.
Aktivite yo
Anba direksyon prezidans pieu a, prezidans Jènfi pieu a ap planifye ak kowòdone aktivite ak kan Jènfi pieu yo (gade 6.7.1.2). Pou pieu miltip yo, prezidans yo chita an konsèy ansanm pou rekòmande aktivite konbine bay prezidans pieu a (gade 20.3.1).
Direksyon ak Règleman
N ap jwen direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneral la.