Apèl Mwen Kòm yon Prezidant Jènfi Pieu
Responsablite yo
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.
Objektif Jènfi
Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo vin disip Jezikri pou tout yon lavi pandan y ap fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo. Nan klas yo ak rasanbleman yo, jènfi yo sèvi youn lòt, yo ranpli responsabilite yo genyen nan alyans lan, yo bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan. (Gade Manyèl Jeneral, 11.1.1.)
Prezidant Jènfi Pieu
Prezidant Jènfi Pieu a prepare “batayon jèn” Senyè a pou rasanble Izrayèl atravè patisipasyon nan efò pou bati lafwa ak ranfòse moun yo (gade Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 jen 2018], Bibliyotèk Levanjil la). Li sèvi nan konsèy pieu a ak komite lidèchip pieu a pou jèn yo (gade 6.7.1.2).
Reyinyon yo
Yon prezidant Jènfi pieu enstwi prezidans òganizasyon pawas yo pandan reyinyon lidèchip anyèl pieu yo (gade 29.3.4), asiste reyinyon prezidans yo epi kowòdone reyinyon konsèy yo lè Swasanndis Entèrejyon an envite li (gade 29.4), epi pale nan reyinyon Sentsèn ak lòt reyinyon lè prezidans pieu a envite li.
Aktivite yo
Anba direksyon prezidans pieu a, prezidans Jènfi pieu a ap planifye epi kowòdone aktivite ak kan Jènfi pieu yo (gade 6.7.1.2). Pou pieu miltip yo, prezidans yo chita an konsèy ansanm pou rekòmande aprezidans pieu a aktivite yo (gade 20.3.1).
Direksyon ak Règleman yo
N ap jwen direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneral la.