Jènfi
Responsablite


jènfi k ap souri

Apèl mwen kòm yon Konseyè nan Prezidans Jènfi Pieu a

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.

Objektif Jènfi

Òganizasyon Jènfi a ede pitit fi byenneme Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Li ede jènfi yo vin disip Jezikri pou tout lavi yo pandan y ap fè ak kenbe alyans sakre ak apwofondi konvèsyon yo. Nan klas ak reyinyon yo, jènfi yo sèvi lòt, yo ranpli responsablite yo genyen nan alyans lan, yo bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan. (Gade Manyèl Jeneral, 11.1.1.)

Konseyè Jènfi Pieu

Konseyè Jènfi pieu yo prepare “batayon jèn” Senyè a pou rasanble Izrayèl la atravè patisipasyon nan efò pou bati lafwa ak ranfòse moun (gade Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Hope of Israel” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 jen 2018], Libreri Levanjil la). Li ede nouvo prezidans pawas yo familyarize yo, li ofri sipò kontinyèl, epi sèvi nan komite lidèchip jèn yo nan pieu a (gade 29.3.9).

Reyinyon

Konseyè Jènfi Pieu yo enstwi prezidans òganizasyon pawas yo pandan reyinyon lidèchip anyèl pieu yo (gade 29.3.4), yo asiste reyinyon prezidans yo ak reyinyon kowòdinasyon konsèy yo lè Swasanndis Entèrejyon an envite yo (gade 29.4), epi yo pran lapawòl nan reyinyon Sentsèn ak nan lòt aktivite lè prezidans pieu a envite yo.

Aktivite

Anba direksyon prezidans pieu a, prezidans Jènfi pieu a ap planifye ak kowòdone aktivite ak kan Jènfi Pieu yo (gade 6.7.1.2). Pou pieu miltip yo, prezidans yo chita an konsèy ansanm pou yo rekòmande aktivite konbine bay prezidans pieu a (gade 20.3.1).

Direksyon ak Règleman

N ap jwenn direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 11.6 nan Manyèl Jeneralla.