Apèl Mwen kom Sekretè Lekòldidimanch Pieu
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.
Objektif Lekòldidimanch
Lekòldidimanch ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a nan ede pitit Bondye yo aprann ak viv levanjil Jezikri a (gade Manyèl Jeneral, 13.1).
Sekretè Lekòldidimanch Pieu
Sou direksyon prezidan Lekòldidimanch Pieu a, responsablite sekretè a gen ladan prepare ajanda pou reyinyon yo, pran nòt ak kenbe tras nan reyinyon prezidans yo, kenbe lòt dosye, prepare rapò jan prezidans lan mande sa, ak ede prepare bidjè anyèl la (gade 6.7.3).
Reyinyon ak Konsèy yo
Prezidans Lekòldidimanch pieu a ak sekretè pieu a chita ansanm nan konsèy regilyèman (gade 29.3.4).
Direksyon ak Règleman
N ap jwen direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 13.7 nan Manyèl Jeneral la.