Apèl Mwen kòm Prezidan Lekòldidimanch Pieu
Responsablite yo
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite yo pou apèl ou a.
Objektif Lekòldidimanch
Lekòldidimanch ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a nan ede pitit Bondye yo aprann epi viv levanjil Jezikri a (gade Manyèl Jeneral, 13.1).
Prezidan Lekòldidimanch Pieu
Responsablite prezidans Lekòldidimanch pieu yo enkli travay pou bati lafwa ak fòtifye moun yo ak fanmi yo nan pieu a, oryante prezidans Lekòldidimanch pawas ki fèk aple yo, epi ofri sipò ak enstriksyon kontinyèl (gade 6.7.1). Konseye yo sipòte prezidan Lekòldidimanch pieu a avèk asiyasyon adisyonèl tou.
Reyinyon ak Konsèy yo
Prezidans Lekòldidimanch Pieu a fè konsèy ansanm regilyèman. Yo planifye ak dirije reyinyon lidèchip pieu pou anseye dirijan Lekòldidimanch pawas yo devwa yo, ede yo amelyore tèt yo kòm lidè ak enstriktè, epi ranfòse lafwa yo nan Jezikri (gade 29.3.4).
Direksyon ak Règleman yo
N ap jwenn direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 13.7 nan Manyèl Jeneral la.