Lekòldidimanch
Responsablite


yon mesye k ap anseye yon klas

Apèl mwen kòm yon Konseye nan Prezidans Lekòldidimanch Pieu a

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.

Objektif Lekòldidimanch

Lekòldidimanch ede akonpli travay sali a ak egzaltasyon Bondye a nan ede pitit Bondye yo aprann epi viv levanjil Jezikri a (gade Manyèl Jeneral, 13.1).

Konseye Lekòldidimanch Pieu

Responsablite prezidans Lekòldidimanch pieu yo gen ladan travay pou bati lafwa ak ranfòse moun yo ak fanmi yo nan pieu a, oryante nouvo prezidans Lekòldidimanch pawas ki fèk aple yo, epi ofri sipò ak enstriksyon kontinyèl (gade 6.7.1). Konseye yo sipòte prezidan Lekòldidimanch pieu a nan tach adisyonèl tou.

Reyinyon ak Konsèy yo

Prezidans Lekòldidimanch Pieu a reyini ansanm regilyèman. Yo planifye ak dirije reyinyon lidèchip pieu yo pou anseye dirijan Lekòldidimanch pawas yo devwa yo, ede yo amelyore tèt yo kòm lidè ak enstriktè, epi ranfòse lafwa yo nan Jezikri (gade 29.3.4).

Direksyon ak Règleman

N ap jwen direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 13.7 nan Manyèl Jeneral la.