Apèl Mwen kòm Enstriktris nan Sosyete Sekou
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon rezime sou responsabilite pou apèl ou a.
Objektif Sosyete Sekou
Sosyete Sekou se yon òganizasyon divinman enstitiye pou tout fi ki adilt nan Legliz la. Sosyete Sekou z ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke objektif Sosyete Sekou se “sove nanm epi soulaje soufrans”—pou ofri sekou Sovè a (gade Manyèl Jeneral, 9.1).
Enstriktris Sosyete Sekou yo
Enstriktris yo resevwa apèl pou yo ede moun yo ranfòse lafwa yo nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri. Enstriktris Sosyete Sekou yo sipòte prezidans lan. Prezidans Sosyete Sekou a chwazi mesaj pou anseye yo nan lapriyè, baze sou bezwen sè yo (gade 9.2.1.2).
Reyinyon Dimanch yo
Sosyete Sekou reyini nan dezyèm ak katriyèm Dimanch avèk objektif pou ogmante lafwa nan Jezikri, bati inite, ak fòtifye fanmi yo ak fwaye yo. Reyinyon yo kòmanse avèk yon priyè epi yo enkli tan pou yo pale ansanm ak enstriksyon ak diskisyon sou levanjil ki baze sou diskou dènye konferans yo (gade 9.2.1.2)
Prensip Ansèyman nan Fason Kris la
Anseye nan fason Sovè a se yon konfyans ak yon responsablite sakre. Lè w ap anseye levanjil la,suiv egzanp Jezikri, ki se Mèt Enstriktè a. Enstriktris Sosyete Sekou yo suiv prensip ki nan Anseye nan Fason Sovè a ak nan chapit 17 nan Manyèl Jeneral la (gade 17.1).
Aprantisaj Levanjil ki Santre sou Fwaye a
Lè manm yo aprann epi viv levanjil la lakay yo, konvèsyon yo nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri apwofondi. Lidè Sosyete Sekou yo ankouraje sè yo pou yo etidye ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo, endivitivman epi avèk fanmi yo (gade 17.2).