Apèl Mwen Kòm Sekretè Sosyete Sekou
Responsablite
Senyè a rekonesan pou volonte ou genyen pou sèvi nan Legliz Li a. W ap jwenn anba la a yon rezime responsabilite ou pou apèl ou a.
Objektif Sosyete Sekou
Sosyete Sekou se yon òganizasyon divinman enstitiye pou tout fi ki adilt nan Legliz la. Sosyete Sekou ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke objektif Sosyete Sekou se “sove nanm epi soulaje soufrans”—ofri sekou Sovè a (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 9.1).
Sekretè
Prezidans Sosyete Sekou ak sekretè a rankontre regilyèman (9.3.2.3). Responsabilite sekretè a kapab gen ladan l prepare ajanda pou reyinyon yo epi pran nòt, fè suivi pou tach yo, planifye entèvyou sèvis pastoral yo, kenbe lis prezans la, soumèt rapò, ede prepare yon bidjè pou ane a, epi ekri depans yo (gade nan 9.3.3). Yo kapab aple asistan sekretè ak yon sekretè sèvis pastoral pou ede sekretè a (gade nan 9.3.4).
Lidèchip ak Konsèy
Responsab Sosyete Sekou yo planifye reyinyon Dimanch yo, aktivite, sèvis pastoral, sèvis ak lòt entèraksyon pou bay fi yo eksperyans nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Manm Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo travay nan inite (gade nan 9.2).
Reyinyon Dimanch
Sosyete Sekou rankontre dezyèm ak katriyèm dimanch avèk objektif pou ogmante lafwa nan Jezikri, konstwi inite, ak ranfòse fanmi ak fwaye yo. Reyinyon yo kòmanse avèk yon priyè epi yo gen ladan yo tan pou fè konsèy ansanm ak enstriksyon levanjil, ak diskisyon ki baze sou diskou nan konferans jeneral ki fenk fèt yo (gade nan 9.2.1.2).
Sèvis ak Aktivite
Prezidans Sosyete Sekou a ka planifye pou ranfòse lafwa sè yo nan Jezikri, pou ogmante dezi yo pou yo fè ak kenbe alyans, ak pou ba yo opòtinite pou yo sèvi ansanm. Prezidant lan sipèvize aktivite sa yo epi li ka mande yon konseye oswa yon lòt sè pou dirije nan planifikasyon ak reyalizasyon aktivite yo (gade nan 9.2.1.3).
Direksyon ak Prensip
N ap jwen direksyon ak prensip anplis nan seksyon 9.6 nan Manyèl Jeneralla.