Apèl mwen kòm yon Prezidant Primè
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.
Objektif Primè
Primè ede timoun yo santi lanmoun Papa nou ki nan Syèl la; aprann sou plan bonè L la; viv levanjil Jezikri a; epi santi, rekonèt, ak suiv enfliyans Sentespri a. Primè se yon peryòd pou prepare pou, fè ak kenbe alyans sakre pandan timoun yo ap patisipe nan plan sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.1.)
Prezidant ak Prezidans
Prezidans Primè a ede paran yo prepare timoun yo pou yo antre ak pwogrese sou chemen alyans lan. Se youn nan responsabilite ki pi enpòtan yo genyen. Prezidant lan sèvi kòm yon manm konsèy pawas la. Limenm avèk konseyè l yo reyini ansanm regilyèman epi yo fè reyinyon avèk evèk la oswa konseye l asiyen an. Prezidans lan sipèvize reyinyon Primè yo, sèvi timoun yo, enstriktè yo, ak lidè yo endividyèlman, ak bezwen bagay administratif yo nan Primè a. (Gade nan 12.3.2.)
Klas ak Peryòd Chante
Se yon privilèj sakre pou w anseye timoun yo. Dirijan nan Primè yo renmen ak anseye timoun yo nan fason Sovè a. Klas Primè yo òganize selon laj ak kantite enstriktè ki disponib (gade 12.1.3). Peryòd chante a ede timoun yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la epi aprann sou plan bonè L la (gade nan 12.1.4).
Reyinyon ak Konsèy
Prezidant Primè a reprezante timoun yo lè l reyini ak fè konsèy avèk dirijan pawas yo nan pawas la. Sa enkli reyinyon k ap fèt avèk evèk la oswa konseye l chwazi a, konsèy pawas la, prezidans ak sekretè, paran ak lòt. (Gade nab 12.3.2.)
Enstriktè ak Dirijan
Anseye pitit Bondye yo se yon privilèj sakre. Prezidans Primè a ofri sipò bay enstriktè ak dirijan Primè yo pandan klas yo, nan gadri, ak nan peryòd chante a (chante 12.3.5). Prezidans Primè a rekòmande gason ak fi bay episkopa a pou yo sèvi nan apèl nan Primè ak nan gadri.
Aktivite Primè
Dirijan Primè yo planifye aktivite ki amizan ak angajan k ap ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Sèvis ak aktivite yo ta dwe bati temwayaj, fòtifye fanmi yo, epi bay opòtinite pou beni lòt moun. Aktivite Primè yo fèt jeneralman de fwa nan yon mwa pou timoun ki gen 8-11 lane. (Gade 12.3.6.)
Direksyon ak Règleman
Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou Pwoteksyon Tmoun ak Jèn nan nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org W ap jwenn règleman ak politik konsènan timoun ki gen bezwen espesyal yo, kondisyon sekirite yo, pwogram Timoun ak Jèn nan, ak lòt nan seksyon 12.5 nan Manyèl Jeneral la.