Apèl Mwen kòm yon Sekretè Kowòm Prèt yo
Responsablite
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon rezime sou responsablite konsènan apèl ou a.
Objektif Prètriz Aawon an
Kowòm Prètriz Aawon yo ede jènjan yo fè ak kenbe alyans sakre yo epi apwofondi konvèsyon yo nan Jezikri ak nan levanjil Li a. Objektif yon kowòm se ede detantè prètriz yo travay ansanm pou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 10.1, Bibliyotèk Levanjil la.)
Kowòm Prèt yo
Jènjan yo rantre nan kowòm prèt yo nan kòmansman mwa janvye nan ane a yo vin gen laj 16 zan an. Si yo prepare yo epi diy, yo ka òdone prèt tou. Prèt yo gen menm devwa avèk dyak yo ak enstriktè yo. Prèt yo kapab administre Sentsèn nan tou, akonpli batèm (enkli batèm nan tanp), epi òdone lòt prèt, enstriktè, oswa dyak (gade Doktrin ak Alyans 20:46–52, 73–79; Manyèl Jeneral, 10.1.3.3).
Sekretè
Lè yo aple sekretè kowòm, sekretè yo prepare ajanda pou reyinyon yo epi yo pran nòt. Yo ede grefye pawas la oswa yon konseye kowòm tou nan jere achiv prezans yo. (Gade nan 10.4.2.)
Sèvis ak Aktivite
Dirijan Episkopa yo ak kowòm jèn yo, avèk sipò konseye yo, planifye sèvis ak aktivite yo. Bagay sa yo ta dwe ede akonpli travay sali ak egzaltasyon an. Aktivite yo dwe balanse ant kat domèn devlòpman pèsonèl yo: espirityèl, sosyal, fizik, ak entèlektyèl. (Gade 10.2.1.3.)
Direksyon ak Règleman
Gen direkyon ak règleman adisyonèl, ki gen ladan yo sipòte jènjan ki gen andikap yo, resevwa anblèm pwogram Timoun ak Jèn nan, ak ranmase ofrann jèn, ki disponib nan seksyon 10.8 nan Manyèl Jeneral la.