Kolèj Prètriz Aawon yo
Responsablite


gwoup jènjan

Apèl Mwen kòm yon Asistan Kowòm Prèt yo

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon rezime sou responsablite konsènan apèl ou a.

Objektif Prètriz Aawon an

Kowòm Prètriz Aawon yo ede jènjan yo fè ak kenbe alyans sakre yo epi apwofondi konvèsyon yo nan Jezikri ak nan levanjil Li a. Objektif yon kowòm se ede detantè prètriz yo travay ansanm pou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 10.1, Bibliyotèk Levanjil la.)

Kowòm Prèt

Jènjan yo rantre nan kowòm prèt yo nan kòmansman mwa janvye nan ane a yo vin gen laj 16 zan an. Lè sa a yo kalifye tou pou yo vin òdone prèt si yo prepare epi diy. Prèt yo gen menm devwa avèk dyak yo ak enstriktè yo. Anplis de sa, yo prepare Sentsèn nan epi yo sèvi kòm frè sèvis pastoral. Lòt devwa yo dekri nan Doktrin ak Alyans 20:53–59; 84:111. (Gade 10.1.3.2.)

Asistan

Asistan kowòm prèt yo ede prezidan kowòm nan, evèk la, avèk responsablite yo. Sa genyen ladan oryante efò kowòm nan nan patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a; chèche konnen ak sèvi chak manm kowòm nan, enkli tou moun ki pa prezan nan reyinyon kowòm yo; ranfòse nouvo manm yo ak manm k ap retounen yo; anseye manm kowòm yo devwa prètriz yo; ak planifye ak fè reyinyon kowòm (gade 10.4.2). Prezidans kowòm nan ta dwe rankontre regilyèman (gade 10.4.3).

Sèvis ak Aktivite

Dirijan Episkopa yo ak kowòm jèn yo, avèk sipò konseye yo, planifye sèvis ak aktivite yo. Bagay sa yo ta dwe ede akonpli travay sali ak egzaltasyon an. Aktivite yo dwe balanse ant kat domèn devlòpman pèsonèl yo: espirityèl, sosyal, fizik, ak entèlektyèl. (Gade 10.2.1.3.)

Direksyon ak Règleman

Gen direksyon ak règleman adisyonèl, ki gen ladan yo sipòte jènjan ki gen andikap yo, resevwa anblèm pwogram Timoun ak Jèn nan, ak ranmase ofrann jèn, nan seksyon 10.8 nan Manyèl Jeneralla.