Apèl mwen kòm yon Konseye nan Prezidans Lekòldidimanch lan
Responsablite
Senyè a rekonesan pou volonte ou pou w sèvi nan Legliz Li a. W ap jwenn piba la a yon apèsi sou responsabilite pou apèl ou a.
Objekti Lekòldidimanch
Lekòldidimanch ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Li fè sa nan ede pitit Bondye yo aprann ak viv levanjil Jezikri a (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 13.1, Libreri Levanjil la).
Prezidans Lekòdidimanch
Prezidan an responsab pou li sèvi nan konsèy pawas la, sipèvize aprantisaj ak ansèyman levanjil la lakay ak nan legliz la, ak òganize klas yo. Konseye l yo ede li. Prezidans Lekòldidimanch la sipòte, ankouraje, epi enstwi enstriktè yo pou yo vin pi efikas pandan y ap suiv prensip ki nan ekriti yo ak Anseye nan Fason Sovè a (gade 13.2.2.2).
Klas Lekòdidimanch yo
Klas Lekòldidimanch yo fèt premye ak twazyèm Dimanch nan mwa a. Kantite moun ki nan klas la ap varye selon bezwen chak pawas (gade 13.3). Enstriktè lekòldidimanch yo itilize ekriti yo, leson ki pwograme nan Vini, Suiv Mwen yo, ak pawòl pwofèt modèn yo kòm resous prensipal yo pou ansèyman.
Aprantisaj Ki Santre nan Fwaye
Paran yo responsab pou yo anseye pitit yo levanjil la (gade 13.5). Enstriktè Lekòldidimanch yo ak dirijan yo ankouraje manm yo pou yo chèche pwòp enspirasyon pa yo sou fason pou yo etidye ak anseye levanjil la lakay yo (gade 17.2).
Reyinyon Konsèy Enstriktè
Konseye yo asiste prezidan Lekòldidimanch la pou òganize ak reyalize reyinyon Konsèy Enstriktè yo. Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, enstriktè yo chita ansanm an konsèy sou prensip ansèyman Kris yo. Yo bay konsèy tou sou fason pou amelyore aprantisaj ak ansèyman levanjil la. Yo itilize Anseye nan Fason Sovè a kòm yon resous (gade nan 17.4). Reyinyon sa yo fèt chak trimès pandan lè klas Lekòldidimanch la epi se prezidan Lekòdidimanch la ki jeneralman dirije yo (gade 13.4).
Reyinyon Konsèy Enstriktè pou Paran yo
Konseye yo asiste prezidan Lekòldidimanch la pou òganize ak reyalize reyinyon konsèy pou paran yo. Reyinyon sa yo suiv menm modèl ak reyinyon konsèy enstriktè regilye yo, sof ke, nan ka sa a, yo envite paran yo pou yo patisipe. Objektif la se pou ede paran yo vin pi bon enstriktè nan fwaye yo. Yo itilize Anseye nan Fason Sovè a kòm yon resous (gade nan 17.4).
Direksyon ak Règleman
Tout adilt ki ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan yon mwa apre yo fin soutni (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org). N ap jwenn enstriksyon adisyonèl pou Lekòldidimanch nan seksyon 13.7 nan Manyèl Jeneralla.