Kolèj Ansyen
Responsablite yo


gwoup gason ki chita ansanm

Apèl mwen kòm yon Konseyè nan Prezidans Kowòm Ansyen yo

Responsablite yo

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.

Objektif Kowòm Ansyen yo

Prètriz Mèlkisedèk la ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Manm kowòm ansyen yo travay ansanm pou ede akonpli zèv sali ak egzaltasyon Bondye a. Yo sèvi lòt moun, ranpli devwa prètriz yo, yo bati inite, epi yo aprann ak viv doktrin nan (gade Manyèl Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 8.1).

Konseyè yo

Konseyè kowòm ansyen yo sipòte prezian an ak responsablite li yo pou òganize kanpay ak prezidans Sosyete Sekou a epi siveye sèvis pastoral, aktivite yo, rapò yo, dosye yo ak finans yo. Konseyè nan kowòm ansyen yo ansanm ak Sosyete Sekou a gendwa plase pou òganize travo misyonè yo oswa aktivite tanp ak istwa familyal yo. (al gade nan 8.3.3.2).

Prezidans

Prezidans kowòm ansyen yo ak sekretè yo rankontre regilyèman. Ede kandida ansyen yo prepare pou yo resevwa Prètriz Mèlkisedèk la se youn nan pi gwo priyorite prezidans lan (gade 8.4).

Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou

Prezidans kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou yo kowòdone tach sèvis pastoral yo epi yo ede dirije travay tanp ak istwa familyal la ak jefò pou envite tout moun resevwa benediksyon levanjil yo. Epitou, yo jwe yon wòl esansyèl nan anseye manm pawas yo prensip egzèsis ministè yo, entèvyou sèvis pastoral yo, aplikasyon lwa pou jèn nan, devlopman otonomi, epi amelyore preparasyon pèsonèl ak familyal (gade 22.6.2).

Reyinyon Dimanch

Kowòm ansyen yo rankontre dezyèm ak katriyèm Dimanch nan mwa nan objektif pou ogmante lafwa, konstwi inite epi ranfòse fanmi ak fwaye yo. Prezidans kowòm ansyen yo seleksyone nan lapriyè mesaj ki soti nan konferans jeneral ki pi resan yo pou diskite an fonksyon bezwen manm yo (gade 8.2.1.2).

Sèvis ak Aktivite

Prezidans kowòm ansyen yo ka planifye aktivite pou ranfòse manm kowòm yo epi ba yo opòtinite pou yo sèvi ansanm. Prezidans yo diskite aktivite yo ak evèk yo (al gade nan 8.2.1.3).