Kesyon Entèvyou yo pou Kandida Misyonè Potansyèl yo
Evèk yo ak prezidan pieu yo envite pou yo “fè entèvyou apwofondi, entansyonèlman espirityèl, epi ankourajan” avèk chak kandida misyonè nan itilize kesyon sa yo (gade Manyèl Jeneral, 24.4.2).
-
Èske w gen lafwa ak yon temwayaj nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason l lan, Jezikri, ak nan Sentespri a?
-
Èske w gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl Li kòm Sovè w ak Redanmtè w?
Tanpri pataje temwayaj ou avèk mwen. Kijan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a te enfliyanse lavi w?
-
Èske w gen yon temwayaj sou Retablisman levanjil Jezikri a ak verasite Liv Mòmon an?
Kijan konpreyansyon w sou levanjil retabli Jezikri a ak etid ou sou Liv Mòmon an te apwofondi relasyon w avèk Jezikri?
-
Èske w soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè epi kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle yo nan prètriz la?
Èske w soutni manm Premyè Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè?
Èske w soutni lòt Otorite Jeneral yo ak dirijan lokal yo nan Legliz la?
-
Senyè a di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41).
Poukisa fè efò pou nou pwòp devan Bondye ta dwe gen ladan l evite pònografi?
Dapre konpreyansyon w, kisa sa vledi viv lwa chastete a?
Èske w fè efò pou w rete moralman pwòp nan panse w ak nan konpòtman ou?
Èske w obeyi lwa chastete a?
-
Èske ou swiv ansèyman Legliz Jezikri a nan konpòtman prive w ak piblik avèk manm fanmi epi ak lòt moun?
-
Èske w sipòte oubyen fè pwomosyon ansèyman, pratik, oswa doktrin ki kontrè avèk pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo?
-
Èske w fè efò pou w respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon w yo; prepare w pou pran sentèn nan ak diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?
-
Èske w fè efò pou w onèt nan tout sa w ap fè?
-
Èske w peye yon dim konplè?
-
Dapre konpreyansyon ou, kisa sa vledi viv Pawòl Sajès la?
Èske w obeyi Pawòl Sajès la?
-
Antanke yon misyonè aplentan, èske ou pral viv an akò avèk prensip sa yo nou te diskite yo?
-
(Yo pa poze kesyon sa a lè y ap fè entèvyou pou yon manm ki pa dote.) Èske w respekte alyans ou te fè nan tanp yo?
-
(Yo pa poze kesyon sa a lè y ap fè entèvyou pou yon manm ki pa dote.) Èske w onore privilèj sakre ou genyen pou w mete gaman an jan yo anseye nan òdonans inisyasyon yo? (Li deklarasyon sou “Mete Gaman Tanp lan”, ki pi ba a, pou chak manm.)
-
Kisa repanti vledi pou ou, ki enkli konfese peche grav bay otorite prètriz yo?
Èske gen peche grav nan lavi w ke w ta bezwen rezoud avèk otorite prètriz yo kòm pati nan repantans ou?
-
Èske w konsidere tèt ou diy pou reprezante Jezikri ak Legliz retabli Li a kòm misyonè?
Mete Gaman Tanp lan
“Gaman sen prètriz la raple vwal ki nan tanp lan, epi vwal la senbolize Jezikri. Lè nou mete gaman nou, nou mete yon senbòl sakre Jezikri sou nou. Lè nou mete li, se yon ekspresyon eksteryè sou yon angajman enteryè pou nou suiv Li. Gaman an se yon rapèl sou alyans tanp nou yo tou. Nou dwe mete gaman an sou nou lajounen kou lannuit pandan tout lavi nou. Lè nou dwe retire l pou aktivite ki pa kapab akonpli rezonableman avèk gaman an sou nou, chèche remete li pi vit posib. Lè nou kenbe alyans nou yo, ki enkli privilèj sakre pou nou mete gaman an jan yo anseye nou nan òdonans inisyasyon, n ap gen plis aksè nan mizèrikòd, pwoteksyon, fòs ak pouvwa Sovè a” (Manyèl Jeneral, 26.3.3.2).