EnglishConnect for Missionaries
Leson 24: Objektif ak Rèv


“Leson 24: Objektif ak Rèv,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 24,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

fi ki ap souri sou yon ban

Lesson 24

Goals and Dreams

Objektif: M pral aprann dekri plan ak objektif lavni yo.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Press Forward

Kontinye Avanse

With God’s help, I can press forward even when I face obstacles.

Avèk èd Bondye, mwen ka kontinye avanse menm lè m rankontre obstak.

Pwofèt Leyi nan Liv Mòmon an te fè yon rèv ki te anseye nou kijan pou n kontinye avanse. Li te wè anpil moun k ap mache sou yon wout pou rive nan yon bèl pyebwa avèk fwi delisye. Fwi a sete lanmou Bondye. Vwayaj yo a sou wout la te difisil akòz yon “gouf tenèb” ki te bouche wout la (1 Nefi 8:23). Erezman, te genyen yo “ba fè” yo te ka kenbe fèm pou yo te rete sou wout la (1 Nefi 8:24). Ba fè a se pawòl Bondye a, ki enkli ekriti yo. Men sa Leyi te di konsènan vwayaj yo a:

“Yo te mache vit sou wout yo, yo te kontinye kenbe bafè a byendi jiskaske yo te vini, yo te tonbe e yo te manje nan fwi pyebwa a” (1 Nefi 8:30).

Moun yo te rive nan pyebwa a paske yo te kenbe bafè a fèm epi yo te kontinye avanse, avèk konfyans nan Bondye. Yo pa t distrè ni dekouraje lè tenèb la te vini. W ap travay di pou w aprann Anglè. Pafwa ou fatige epi ou pa santi w ta etidye. Pafwa gen lòt bagay ki mande atansyon w ak tan ou. Ou jwenn fason pou w etidye kanmèm. Pa kanpe kounyea. Ou ka kontinye konplete edikasyon w pandan w ap kontinye avanse avèk espwa nan Jezikri.

moun ki kenbe bafè a

Ponder

  • Kisa ki se “gouf tenèb” ou nan aprann Anglè a?

  • Kijan nou ka kontinye avanse menm lè li difisil pou n etidye?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a.

I hope to …

Mwen espere …

I plan to …

Mwen planifye pou …

I want to …

Mwen vle …

I would like to …

Mwen ta renmen …

After I …

Apre mwen …

When I …

Lè mwen …

Nouns

goal/goals

objektif/objektif yo

plan/plans

plan/plan yo

Verbs

become a teacher

vini yon pwofesè

buy a house

achte yon kay

finish school

fini lekòl

get a job

jwenn yon travay

get married

marye

go to college

gale nan inivèsite

move to New York City

deplase ale New York City

retire

pran retrèt

save money

epanye lajan

study chemistry

etidye chimi

travel

vwayaje

Times

in the future

nan lavni

next year

ane pwochèn

three years from now

twa ane soti kounya

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Ou ka ranplase mo souliye yo avèk mo ki nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: What are your future (noun)?A: I hope to (verb).

Questions

kesyon modèl 1 kisa ou genyen pou avni ou non

Answers

repons modèl 1 mwen espere vèb

Examples

Q: What are your future goals?A: I hope to finish school.

enstriktè ak timoun

Q: What are your future plans?A: I want to move to another country and become a teacher.

Q: What do you plan to do next year?A: I plan to go to college and study chemistry.

Q: What do you plan to do three years from now?A: I would like to get a good job and save money.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye remake modèl sa yo pandan w ap pratike chak jou.

Q: What do you plan to do when you (verb)?A: When I (verb), I plan to (verb).

Questions

kesyon modèl 2 kisa ou planifye pou fè lè ou vèb

Answers

repons modèl 2 lè mwen vèb, mwen planifye pou vèb

Examples

gason k ap itilize konpitè

Q: What do you plan to do when you finish school?A: When I finish school, I plan to get a job.

yon malèt nan ayopò

Q: What do you plan to do after you retire?A: After I retire, I would like to travel.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon reponn pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Press Forward

(20–30 minutes)

moun ki kenbe bafè a

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon yo.

  • Pratike reponn kesyon yo.

  • Itilize modèl yo pou pratike yon konvèsasyon.

Repetisyon pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Jwe wòl. Patnè B a se moun ki nan foto a. Patnè A poze kesyon konsènan plan moun nan pou lavni. Se pou w kreyatif! Chanje wòl.

Example

fi ki kenbe yon stetoskòp
  • A: What are your future goals?

  • B: I hope to finish school.

  • A: What do you plan to do after you finish school?

  • B: After I finish school, I plan to become a doctor.

  • A: What do you plan to do when you become a doctor?

  • B: When I become a doctor, I would like to travel.

Image 1

tinedjè tigason kap woule yon baskèkbòl sou yon dwèt

Image 2

enstriktè ak timoun

Image 3

yonn koup sou yon pòz

Image 4

koup granmoun k ap tann deyò

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Poze epi reponn kesyon konsènan kisa ou vle, espere, ak planifye pou w fè alavni. Pale de ennan apati jodia, senkan apati jodia, ak dizan apati jodia. Di pi plis ou kapab. Youn apre lòt.

New Vocabulary

have children

fè pitit

in one year

nan yon ane

one year from now

yon ane soti kounyea

work for a company

travay pou yon konpayi

Example

  • A: What do you hope to do in one year?

  • B: I hope to work for a good company and get married.

  • A: What do you want to do ten years from now?

  • B: In ten years, I would like to have children. I also want to buy a house.

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif yo ak efò w yo pou w pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Ask about others’ goals and plans for the future.

    Mande konsènan objektif ak plan lòt moun pou lavni.

    figi ediferan, figi satisfè, figi kontan
  • Talk about my goals and plans for the future.

    Pale konsènan objektif ak plan mwen yo pou lavni.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w yo pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sigjesyon pou etid yo ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl la.”

Pataje bi ou avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Frè m ak sè m yo, nan Legliz sa a, nou kwè nan potansyèl diven pitit Bondye yo ak nan kapasite nou pou nou vin yon bagay anplis nan Kris la. Selon ajanda Senyè a, se pa kote nou kòmanse a, men se kote n ap dirije nou an ki pi enpòtan.” (Clark G. Gilbert, “Vini Plis nan Kris: Parabòl Pant lan,” Lyawona, Nov. 2021, 19).