EnglishConnect for Missionaries
Leson 5: Fanmi ak Zanmi


“Leson 5: Fanmi ak Zanmi,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 5,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

mesye k ap souri en plennè

Lesson 5

Family and Friends

Objektif: M pral aprann fè konparezon ant moun yo.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Learn by Study and by Faith

Aprann pa Letid epi pa Lafwa

In EnglishConnect, we rely on God to learn by study and by faith.

Nan EnglishConnect, nou konte sou Bondye pou nou aprann pa letid epi pa lafwa.

An 1832, Joseph Smith ak kèk nan premye dirijan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te jwenn enstriksyon pou yo te kòmanse yon lekòl. Bondye te vle pou yo te aprann, grandi, epi prepare pou dirije lòt moun. Gwoup manm sa a pa t gen diplòm ki te soti nan inivèsite ni menm anpil etid. Yo pa t genyen anpil lajan ni resous. Nan ekriti yo, Bondye te anseye yo yon modèl pou aprann:

“Epi kòm tout moun pa gen lafwa, chèche avèk dilijans epi ansenye youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo; chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118)

Bondye anseye ke nou bezwen aprann pa letid, epi nou bezwen aprann pa lafwa tou. Nou aplike tout efò posib nou, epi nou mande Bondye pou voye Lespri Li a pou louvri panse nou ak kè nou pou nou ka aprann. Lespri a ba nou plis konpreyansyon pase jan sa ta posib pou kont nou. Genyen yon gwo enstriktè oswa yon bon manyèl ka ede, men Bondye ka anseye nou menm si nou pa genyen bagay sa yo. Pandan n ap aprann pa letid epi pa lafwa a, Bondye ka anseye plis ke nou te panse ki posib.

gason ki ap etidye

Ponder

  • Kisa ou ka fè pou chèche aprann “pa lespri epi pa lafwa”?

  • Reflechi sou eksperyans ou nan EnglishConnect. Kijan Bondye ede ou aprann?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo anvan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye kreye kat memorizasyon pou ede w memorize nouvo mo yo. Ou ka itilize papye oswa yon app.

different

diferan

Nouns

Gade apendis pou family nouns.

Adjectives 1

shorter

pi kout

taller

pi wo

older

pi gran

younger

pi jèn

louder

pi fò

Adjectives 2

athletic

atletik

beautiful

bèl

energetic

enèjetik

generous

jenere

intelligent

entèlijan

outgoing

sosyab

patient

pasyan

quiet

trankil

thoughtful

atansyone

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: How are you and your (noun) different?A: I am (adjective 1).

Questions

kesyon modèl 1 ki diferans ki genyen ant oumenm ak non ou an

Answers

repons modèl 1 mwen se adjektif 1

Examples

papa ak pitit gason nan yon pak

Q: How are you and your son different?A: He is shorter.

Q: How are you and your daughter different?A: I am taller.

Q: How are you and your cousins different?A: They are louder.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilize modèl yo jisaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye repete modèl yo awotvwa. Anvizaje anrejistre tèt ou. Fè atansyon ak panse w ak abilite w.

Q: How are your (noun) and (noun) different?A: My (noun) is more (adjective 2).

Questions

kesyon modèl 2 ki diferans ki genyen ant nou ou ak non an

Answers

repons modèl 2 non mwen plis adjektif 2

Examples

fanmi nan Hawaii

Q: How are your sisters and brother different?A: My sisters are more thoughtful.

Q: How are your mother and father different?A: My father is less outgoing.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon reponn pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid ou a epi evalye efò ou yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Learn by Study and by Faith

(20–30 minutes)

gason ki ap etidye

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon.

  • Pratike reponn kesyon.

  • Itilize modèl yo pou pratike yon konvèsasyon.

Repetisyon pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Part 1

Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon pou konpare moun ki nan chak imaj. Di pi plis ou kapab. Youn apre lòt.

Example: Luis and Carlos
yon granpè k ap jwe bezbòl avèk pititpitit gason
  • A: How are Luis and Carlos different?

  • B: Luis is younger. Carlos is older. Luis is less athletic. Carlos is less patient.

Image 1: Susan and her mom

manman ak pitit fi men nan lamen

Image 2: Sam and Rachel

mari ak madanm k ap poze pou yon pòtrè

Image 3: Anya and Yash

koup k ap mache bò lanmè lè solèy ap kouche

Part 2

Poze ak reponn kesyon pou konpare tèt ou ak moun ki nan fanmi w. Di pi plis ou kapab. Youn apre lòt.

Example
  • A: How are you and your mother different?

  • B: I am younger. She is more generous. She is less energetic.

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Poze ak reponn kesyon pou konpare tèt ou ak patnè ou. Itilize pi plis adjektif ou kapab. Youn apre lòt.

New Vocabulary

We are both tall.

Nou toulède wo.

Example

  • A: How old are you?

  • B: I’m twenty-nine years old. How old are you?

  • A: I’m thirty-nine years old. I am older. You are younger.

  • B: Are you athletic?

  • A: Yes, I am athletic. Are you athletic?

  • B: Yes, I am. We are both athletic!

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif yo ak efò w yo pou w pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Compare myself to others.

    Konpare tètmwen ak lòt moun.

    figi nòmal, figi move, figi kontan
  • Compare other people to each other.

    Konpare moun youn ak lòt.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Akozde vizyon sakre nou genyen sou entelèk chak moun, nou konsidere jwenn plis edikasyon antanke yon responsablite relijye. … Kreyatè nou an atann pou tout pitit li yo ki toupatou edike tèt yo” (Russell M. Nelson, “Ki Kote Sajès ye?,” Ensign, Nov. 1992, 6).