“Beni Tout Fanmi sou Tè a”, Liahona, Mas 2026.
Mesaj Mansyèl Liahona, Mas 2026
Beni Tout Fanmi sou Tè a
Si nou suiv epi pataje plan Papa nou ki nan Syèl la pou fanmi yo, L ap avèk nou, L ap soutni nou, epi L ap avèk nou nan vwayaj nou retounen al jwenn Li a.
Rèv Jakòb la nan Betèl, tablo: J. Ken Spencer
Dènyèman, Sè Uchtdorf avèk mwen te asiste batèm youn nan pitit pitit nou yo. Pandan n t ap gade plizyè jenerasyon ki t ap jwayezman selebre evènman sa a avèk kè kontan, nou te santi anpil rekonesans anvè Papa nou ki nan Syèl la pou plan sali Li pou pitit Li yo. Nou te santi kijan fanmi ak alyans sakre yo enpòtan pou Li depi nan konmansman.
Nou ka wè enpòtans sa a nan istwa Ansyen Testaman an sou Jakòb, moun fidèl la, ki te fè yon vwayaj long ak difisil pou l te ka jwenn yon madanm, marye nan alyans lan, epi etabli yon fanmi. Yon jou swa, Jakòb te kanpe pou l te pran repo pou nuit la, men li te jwenn wòch sèlman kòm zòrye li. Li dwe te fatige anpil, paske li te kanmèm tonbe dòmi—epi li te fè yon rèv.
Avèk objektif diy ki se maryaj nan alyans ak fanmi an ki te siman nan tèt li, Jakòb te wè “yon nechèl kanpe sou tè a, ak tèt li rive nan syèl la: epi l te wè zanj Bondye yo t ap monte desann sou li.
“Epi gade, Senyè a te kanpe anlè li, li di: Se mwen menm ki Senyè, a Bondye Abraram, papa ou, ak Bondye Izaak la” (Jenèz 28,12-13).
Senyè a lè sa a, te fè Jakòb kèk pwomès alyans enpòtan—pwomès Li te fè tou avèk papa Jakòb, Izaak, ak granpapa l Abraam, ki gen ladan:
-
Pwomès ke Jakòb pral vin papa “yon miltitid pitit” (Jenèz 28:3; gade tou vèsè 14).
-
Pwomès tè pou posterite Jakòb (gade Jenèz 28:4, 13).
-
Pwomès ke atravè Jakòb ak “pitit pitit li yo tout fanmi sou tè a pral beni” (Jenèz 28:14; italik ajoute).
Eksperyans Jakòb la te sitèlman sakre ke li te di konsa: “Senyè a isit la. … Sa a se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la” (Jenèz 28:16-17). Epi konsa, Jakòb te rele zòn nan Bet-el, ki vle di “kay Bondye” (Jenèz 28:19, referans a).
Benediksyon ki pwomèt yo ke yo bay nan rèv Jakòb la te mande pou Jakòb te fè kèk grenpe figuratif nan lavi reyèl. Antanke Sen Dènye Jou, li pa difisil pou nou wè yon koneksyon ant rèv Jakòb la, alyans Senyè a yo, ak kay Senyè a. Tanp yo sanble anpil ak nechèl sa a Jakòb te wè a. Ansèyman, òdonans, ak alyans nan kay Senyè a konekte syèl la avèk tè a. Nou ta ka konpare alyans yo avèk mach sou yon nechèl ki mennen nou pi pre Senyè a. Epi, atravè sèvis sakre nou ofri nan tanp sakre yo, nou ap beni “tout fanmi sou latè”—pase, prezan ak fiti.
“Ala yon Dekouvèt!”
Èldè Bruce C. Hafen, yon manm emerit Swasanndis yo, te resevwa yon apèl telefòn yon fwa nan men editè yon magazin nouvèl nasyonal la. Editè a te vle pale sou yon liv resan ki te eksplore istwa kwayans apwopo syèl la atravè yon varyete relijyon.
“Otè yo te dekouvri ke piblik la santi yon gwo grangou pou syèl la—ak pou fanmi nan syèl la,” Èldè Hafen te ekri. Men, pandan ke pifò moun toujou kwè nan lavi apre lanmò, nan lanmou etènèl, ak reyinyon fanmi nan syèl la, “pifò legliz kretyen yo ofri ti kras repons pou grangou enteryè sa a—”aleksepsyon yon sèl: Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
Nan legliz retabli Sovè a, nou gen tanp sakre. Nou gen maryaj etènèl, ak otorite sèlman ki beni moun odela lanmò fizik. Nou gen pwomès yon fiti etènèl avèk moun nou renmen yo nan prezans Papa a ak Pitit la. Etandone tout sa, otè yo te konkli ke konsèp Sen Dènye Jou yo sou syèl la pi konplè—epi, mwen ta ka ajoute, li bay plis kè kontan.
“Ala yon Dekouvèt!” Èldè Hafen obsève. “Pifò moun jodi a gen anvi pou fanmi etènèl, epi [levanjil retabli Jezikri] a satisfè anvi sa a pi byen pase nenpòt lòt seri ide [oswa kwayans relijye] nou konnen. Mwen swete ke mond lan an antye ta ka tande timoun [nou] yo k ap chante bòn nouvèl ki se: ‘Fanmi yo ka ansanm pou tout tan’ an.
Fanmi se pa sèlman yon aranjman sosyal ki konvnab. Yo se modèl etènèl syèl la. Yo “santral nan plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit li yo.” Jan Prezidan Russell M. Nelson (1924–2025) te anseye nou: “[Senyè a] te kreye tè a [pou] nou te kapab jwenn kò fizik epi fòme fanmi. Li te etabli Legliz li a pou fè fanmi yo egzalte. Li bay tanp pou fanmi yo ka ansanm pou tout tan.
Men, enterè nou nan fanmi solid la se pa sèlman apwopo destine etènèl nou. Fanmi an jwe yon wòl esansyèl nan bonè mòtèl nou tou. Papa nou ki nan Syèl la, ki pafètman konnen sa ki pote bonè kounyea e etènèlman, voye pitit Li yo nan fanmi— osi enpafè ke yo ka ye—epi li envite nou pou nou bati ak nouri fanmi ki solid. Natirèlman, “enfimite, lanmò, oubyen lòt sikonstans kapab egzije adaptasyon endividyèl.” Men, pa gen anyen ki ka ranplase responsablite esansyèl, ke yo divinman bay mari ak madanm, papa ak manman yo.
Rechèch sou “fanmi byolojik, ini, ki gen de paran” kontinye montre ke fanmi an endispansab nan prezève “lyen lanmou ak afeksyon pwofon.” Li se “enkibatè prensipal pou moun ki estab, byen ajiste ak sosyalman konsyan.”
Defansè Dilijan pou Fanmi
Natirèlman, sa pa ta dwe etone nou ke yon bagay ki enpòtan konsa pou plan Bondye a te fè fas a opozisyon. Satan pa janm nan zanmitay avèk fanmi epi efò l yo ap vin pi ijan “paske li konnen ke li gen yon ti kras tan” (Revelasyon 12:12). Jan Prezidan M. Russell Ballard (1928–2023), Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo, te di, “Satan konnen ke fason ki pi asire ak pi efikas pou deranje travay Senyè a se diminye efikasite fanmi ak sentete fwaye a.”
Etandone sa nou konnen sou fanmi etènèl Bondye a, sou plan Li pou pitit Li yo, ak siyifikasyon etènèl relasyon familyal, nou ta dwe pami defansè ki pi dilijan nan mond lan nan zafè fanmi.
Kijan nou ka fè sa?
Prezidan Dallin H. Oaks te ofri konsèy sa a: “Pwoklamasyon sou fanmi an … se plis aksan Senyè a remete sou verite levanjil nou bezwen soutni yo atravè difikilte aktyèl fanmi yo ap rankontre yo.”
Nan lavi pèsonèl nou, nou ka fè “ti bagay ki senp” (Alma 37:6) ki ranfòse relasyon familyal yo. Sa enkli suiv prensip fanmi ak maryaj ki gen siksè yo souliyen nan pwoklamasyon sou fanmi an: “lafwa, lapriyè, repantans, padon, respè, lanmou, konpasyon, travay, ak aktivite rekreyatif ki bon kalite.” Kèlkeswa sitiyasyon aktyèl fanmi nou, nou ka montre atravè aksyon nou ke relasyon familyal yo etènèlman enpòtan pou nou.
Antanke “sitwayen responsab” nan kominote nou yo, nou kapab “ankouraje mezi sa yo ki fèt pou kenbe ak ranfòse fanmi an”.
Nou se pèp alyans dènye jou Senyè a. Nou se eritye pwomès Abraram, Izaak ak Jakòb te fè yo—pwomès ki gen tout bagay pou wè avèk fanmi yo. Pwomès sa yo vini avèk apèl sakre pou beni “tout fanmi sou tè a”. Epi yon fason enpòtan nou fè sa se viv, defann ak pataje verite etènèl ke “se Bondye ki òdone fanmi” an epi “òdonans ak alyans ki disponib nan tanp sakre yo rann posib pou moun retounen nan prezans Bondye ak pou fanmi yo ini etènèlman.”
“Mwen avèk Ou”
Lè Sè Uchtdorf avèk mwen gade manm fanmi nou k ap fè alyans sakre avèk Papa etènèl plen lanmou nou an ki nan syèl la, kè nou ranpli ak lajwa ak rekonesans. Nou kontan non sèlman nan pitit nou yo ak pitit pa yo, men tou nan paran nou ak paran pa yo. Nou medite avèk anpil lanmou sou fason alyans levanjil yo ini nou atravè tout jenerasyon. Se yon eksperyans ki pa si diferan de wè “yon nechèl kanpe sou tè a, … tèt li [rive] nan syèl la: epi wè zanj Bondye yo k ap monte desann sou li” (Jenèz 28:12).
Benediksyon Senyè a te pwomèt Jakòb yo nan rèv li a etann a tout pitit alyans Li yo—enkli oumenm avèk mwen. Menmjan Senyè a te fè pou Jakòb la, L ap reponn “nan jou detrès [nou] ” (Jenèz 35:3) si nou chwazi Li.
“Gade,” Senyè a di, “Mwen avèk ou, epi m ap voye je sou ou nan tout kote pou pase, … paske mwen p ap lage ou” (Jenèz 28:15).
Tankou Jakòb, nou tout gen yon dezè pou nou travèse. Pafwa benediksyon yo pwomèt yo sanble yo byen lwen. Lè pwoblèm oswa difikilte grav rive, nou ka kesyone lanmou Senyè a. Nou ka menm santi ke Bondye abandone nou. Malgre pi bon efò nou antanke disip, nou ka santi nou pa resevwa benediksyon nou t ap espere yo.
Frè ak sè m yo, chè zanmi, chemen alyans lan se yon chemen kè kontan, byenke pafwa li ka tache ak dlo nan je. Si w santi ke kèk pati nan plan bonè a pa akonpli nan lavi w kounye a, tanpri mete konfyans ke Senyè a se sousye de ou epi L ap beni w nan moman pa Li, selon sajès Li.
Lafwa nan Jezikri ak pwomès Li yo enspire nou pou nou gade pou pi devan, pa dèyè. Paske nan Li, avni nou pa bezwen rete prizonye anba kèlkeswa sa k te rive nan lepase oubyen sa k bloke vizyon nou pou lemoman. Wi, nou tout, blese, oubyen ap gen pou blese nan yon fason oswa yon lòt. Men, nou kwè nan Gran Gerisè a. Nou mete konfyans nan li—si anpil, an reyalite, ke nou anbrase pwomès Li yo, pandan nou totalman “rekonèt yo”, menm lè yo ankò “byen lwen” (Ebre 11,13).
“Se pou nou tout raple nou ke, nan fason ak nan tan Senyè a, okenn benediksyon p ap pèdi pou Sen fidèl Li yo,” Prezidan Nelson te di. Senyè a ap jije ak rekonpanse chak moun daprè santiman ki nan kè yo osibyen ke aksyon yo.”
Mwen pwomèt ke pandan n ap suiv epi pataje plan Papa nou ki nan Syèl la pou fanmi an, L ap avèk nou, L ap soutni nou, epi ini avèk nou nan vwayaj nou an. Li p ap janm kite nou poukont nou, espesyalman lè eprèv vin jwenn nou oswa moun ki chè pou nou yo. L ap pote nou, L ap leve nou anlè, epi L ap mennen nou nan tè pwomiz ki gen yon plenitid lajwa avèk Li, avèk Pitit Li a, Jezikri, ak fanmi nou—etènèlman.
© 2026 Intellectual Reserve, Inc.All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, March 2025. Haitian. 19937 036