Lyawona
Chemen Alyans Plen Lajwa a
Fevriye 2026 Liahona


“Chemen Alyans Plen Lajwa a”, Liahona, Fev. 2026.

Mesaj Mansyèl Liahona, Fevriye 2026

Chemen Alyans Plen Lajwa a

Mèvèy ak grandè manm fanmi ki lye ansanm nan prezans Papa a ak Pitit Gason an pote admirasyon ak lajwa san presedan nan nanm mwen epi ranpli mwen avèk yon lespri rekonesans.

Èldè Patrick Kearon ak madanm li, Jennifer

Èldè Patrick Kearon ak madanm li, Jennifer

Lè Israel ak Elizabeth Haven Barlow te kite Nauvoo, Ilinwa, pou ale nan Vale Salt Lake la an 1848, yo te kite dèyè yon ti bebe gason antere nan yon ti simityè Nauvoo. Ti James Nathaniel Barlow, premye pitit yo, te mouri yon ti tan apre nesans li nan mwa Me 1841.

Avèk depa yo pou Vale Salt Lake la, Israel ak Elizabeth pwobableman pa t janm espere kontanple tonm pitit gason yo a ankò. Men, lè Israel te aple nan yon misyon an Angletè kèk ane apre, li te travèse Nauvoo pandan li t ap vwayaje ale lès. Sou demann Elizabeth, li te rete pou lokalize tonm pitit gason yo a epi deplase rès li yo mete nan simityè prensipal la, nan lès vil la.

Apre yon jou rechèch san siksè, Israel te mande travayè lokal yo èd. Nan demen, yo te jwenn tonm nan, ki te sitiye tou pre tonm Mary kouzin James lan. Malerezman, sèkèy yo te pouri epi kraze. Nan yon lèt li te voye bay madanm li, Israel te ekri, “Se konsa, mwen te vire pou m ale epi konkli ke mwen t ap kite yo la pou alavni.”

Li pa t mache rive twò lwen tonm lan lè li tande yon vwa. Lè l ap sonje eksperyans lan, li te ekri, “Li pa t yon vwa klè, men li te sitèlman distenk nan lespri mwen ke mwen pa t kapab inyore l: ‘Papa, pa kite m la a.’” Israel te retounen nan tonm lan, li te pran desizyon pou li retire ti pitit gason li a alafen. “Mwen te santi yon kalm ak lapè despri patikilye ke mwen pa t santi anvan. … Mwen kapab afime: ke mwen pa te janm pi konsyan de okenn devwa ki akonpli nan lavi mwen.”

2 Septanm 1853, Israel Barlow ak travayè a te deplase kò James ak Mary ale nan simityè prensipal Nauvoo a, yo te make plas la ak “wòch nan tèt ak pye tonm yo.”

Israel te di Elizabeth ke pandan li te rete yon ti tan bò tonm lan, “Mwen te santi yon dezi pou m konsakre tèt mwen ak tout sa mwen ta ka rele pa m nan men Senyè a, pou yo ka konsidere m diy pou leve avèk [James] nan maten Premye Rezirèksyon an.”

Devosyon Israel pou levanjil Jezikri a, marye ak onore alyans sakre yo, pèmèt Kris la fè lavi etènèl—pi gwo nan tout benediksyon yo—posib pou li, zansèt li yo, ak posterite li.

Se yon verite li ye pou nou tout.

plato sentèn yo.

Foto pa Jerry Garns, ka kopye pou itilize legliz sèlman

Pwomès Sakre yo

Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li a, Jezikri, renmen nou chak pi plis pase nenpòt bagay nou kapab imajine. Pa gen okenn kote lanmou Yo pi manifeste pase atravè pwomès benediksyon ki asosye avèk alyans yo ofri nou nan batèm ak nan kay Senyè a.

“Youn nan konsèp ki pi enpòtan yo relijyon revele a se sa ki konsène yon alyans sakre,” Prezidan Russell M. Nelson (1924–2025) te anseye. “Nan tèm legal, yon alyans jeneralman endike yon akò ant de oswa plis pati. Men, nan yon kontèks relijye, yon alyans gen plis enpòtans lontan. Se yon pwomès sakre avèk Bondye.”

Chak pwomès sakre nou fè ak kenbe beni nou. Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, vle ramne nou pi pre yo. Yo vle ede nou aprann ak grandi nan lafwa ak konpreyansyon. Yo vle dote nou avèk pouvwa selès. Yo vle nou jwenn gerizon ak lapè nan yon mond kote benediksyon konsa pa fasil. Yo vle nou fè eksperyans kè kontan nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an. Soti nan menm lanmou pafè sa a, Yo ofri nou opòtinite pou nou antre nan yon lyen alyans avèk Yo. Nou gen benediksyon pou nou reangaje nou nan alyans sa yo chak semèn pandan reyinyon sentsèn nan.

Nou pataje sentsèn lan nan yon lespri rekonesans paske nou gen benediksyon plezan pou nou pran sou nou non Jezikri a, sonje Li ak lanmou Li pou nou ki manifeste atravè don ekspyasyon Li a—ke Li te soufri, senyen epi mouri pou nou. Sentsèn nan beni nou tou avèk yon opòtinite chak semèn pou nou montre nou dispoze pou n kenbe kòmandman Li yo, renouvle alyans nou yo, epi fè yon nouvo alyans (gade Doktrin ak Alyans 20:77, 79).

“Souvan, mwen tande ekspresyon ke nou pran sentsèn pou renouvle alyans yo nou fè nan batèm. Prezidan Nelson te di: Menmsi se vre, sa vledi pi plis toujou.” “Mwen fè yon nouvo alyans. Ou fè nouvo alyans. … Kounyea, pou sa an retou [Senyè a] fè deklarasyon ke n ap toujou gen Lespri Li avèk nou. Ala yon benediksyon!”

Lè nou repanti epi pataje sentsèn nan avèk yon kè pur, nou resevwa Sentespri a epi nou “netwaye anba peche tankou nou te fèk batize ankò. Se espwa ak mizèrikòd sa a Jezi ofri nou chak.”

Ala yon lajwa pou nou repanti epi resevwa padon atravè lanmou redanmtè Kris la!

Tanp Novou Illinois

Foto Tanp Nauvoo nan Illinois a pa Jennifer Rose Maddy

Kay Lajwa Li.

Apre li te fin vin Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, Prezidan Nelson te pale souvan konsènan chemen alyans lan, kòmanse ak premye mesaj piblik li kòm Prezidan Legliz la. Nou antre nan chemen sa a atravè “repantans ak batèm nan dlo” (2 Nefi 31:17), li te di nan yon okazyon apre, epi “apresa, nou antre ladann pi konplètman nan tanp lan.”

Menm jan pran sentsèn nan raple nou de alyans nou ak benediksyon yo pote, se konsa tou lè nou fè travay pa pwokirasyon nan tanp lan. Pandan n ap fè òdonans pa pwokirasyon pou moun ki mouri yo, nou sonje pwomès sakre nou te fè yo ak pwomès benediksyon nou pral resevwa yo.

Atravè chemen alyans lan, nou tounen eritye pou tout benediksyon yo te pwomèt Abraram, Izaak, Jakòb ak posterite yo. Malgre pwomès benediksyon sa yo, Abraram, Izaak ak Jakòb pa t ap mennen yon vi fasil, e ni nou menm tou. Menm jan ak yo, nou fè fas ak advèsite, chatiman ak pèt pandan nou ap “teste nan tout bagay” (Doktrin ak Alyans 136:31; gade tou 101:4–5). Men, tankou pwofèt ak Sen ki jis lontan yo, nou konnen nan ki moun nou ka mete konfyans nou (gade 2 Nefi 4:19).

Lavi mòtèl nou an se sèlman yon moman nan egzistans nou, men moman sa a— ki pafwa trè difisil—gen enpòtans etènèl. Wi, Papa nou ki nan Syèl la vle nou aprann epi grandi. Epi, wi, kwasans sa a pafwa enplike desepsyon ak soufrans. Men, Li vle pou lavi nou bèl epi optimis. Pou rezon sa a, epi pou fasilite vwayaj pou nou tounen jwenn Li, Li te ba nou yon Sovè, ki se “garanti a” pou alyans nou yo avèk Papa Li. Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, Papa a reyalize pwomès Li te fè pitit Li yo nan tanp lan.

Atravè lanmou ak sakrifis ekspyatwa Li a, Sovè nou an te pran anchaj epi geri tout sa nou pral rankontre nan lavi a. Epi poutèt kay sen Li an— kay lajwa Li a, tout bagay pral byen malgre advèsite. Odè respè alyans lan repouse chagren, doulè, lapenn ak desepsyon. Nou pa bezwen enkyete ni pè. Okontrè, nou kapab rejwi ke pri redanmsyon nou an te peye (gade 1 Korentyen 6,20) e ke chemen alyans vè lavi etènèl la te trase.

Chemen alyans la se vrèman yon chemen lanmou redanmtè. Pandan nou onore alyans nou fè nan tanp lan, nou resevwa benediksyon plis pouvwa, pi gwo lanmou, pi gwo mizèrikòd, pi gwo konpreyansyon ak pi gwo espwa. Mèvèy ak grandè sèlman nan tanp—manm fanmi yo ki lye ansanm nan lanmou pou tout letènite--pote admirasyon ak lajwa san presedan nan nanm mwen epi ranpli mwen ak yon lespri rekonesans.

“Kèlkeswa lè nenpòt pwoblèm rive nan lavi nou, kote ki gen plis sekirite pou nou ye spirityèlmanan se viv andedan alyans tanp nou yo!” Prezidan Nelson te konseye. Mwen konnen nan pwòp eksperyans dous ak pafwa anmè mwen nan mòtlite a verite nan pawòl sa yo.

ilistrasyon yon koup ki kenbe yon ti bebe

James Nathaniel Barlow, premye pitit Israel ak Elizabeth Barlow, te mouri yon ti tan apre nesans li nan mwa Me 1841. Plizyè ane apre, li te sele pa pwokirasyon avèk paran li yo nan Tanp Logan Utah.

Ilistrasyon pa Allen Garns

Rasanble Yo Lakay

Apre Israel Barlow te fin di ti pitit gason l lan yon dènye orevwa, “li te ekri madanm li, “Panse pou m elwanye m lwen konsa, pou m pa janm retounen nan lavi m sou tonm [James] la,te dechire dènye branch afeksyon mwen te gen nan mwenmenm jiskaske li te tonbe sou tonm li a ak dlo nan je.”

Mwen imajine ke plis dlo nan je—dlo lajwa fwa sa a—te koule 4 desanm 1889. Jou sa a, ti James Nathaniel Barlow te sele ak paran li yo nan Tanp Logan Utah. Rive moman sa a, Israel te mouri, konsa gen lòt moun ki te kanpe pa pwokirasyon pou li ak James.

Mwen menm ak sè Kearon gen yon sansibilite patikilye ak anpil konpasyon pou Israel ak Elizabeth. Premye pitit nou an, yon ti gason ki rele Sean, te mouri pandan operasyon kè lè li te sèlman gen twa semèn. Sa a te yon pèt boulvèsan anpil pou nou. Nan moman an, nou te mande si nou t ap kapab siviv. Nou te antere li nan yon ti tonm nan Angletè avèk doulè. Kenz ane apre, yo te mande fanmi nou pou nou te deplase kite lakay nou nan Wayòm Ini pou sèvi aplentan nan Legliz la, e nou kite ti tonm sa a dèyè.

Nou pa te pèdi ti bebe nou an nan vwayaj nan lwès la epi nou pa te soufri difikilte enkonpreyansib Barlow yo, men nou te kòmanse vin konprann sa yo te andire. Tonm ti gason nou an trè lwen, men tankou Barlow yo, nou gen lafwa fèm nan Rezirèksyon Jezikri a ak nati etènèl fanmi nou gras ak alyans sèlman sakre a.

Nou tout gen zansèt ak lòt moun pwòch odela tonm nan k ap di nou, “Pa kite mwen isit la.” Grasa alyans tanp yo, pèsonn pa bezwen rete dèyè. Apèl nou se pou nou renmen yo, sèvi yo, epi ede rasanble yo lakay.

Papa nou ki nan syèl la renmen nou, oumenm ak mwenmenm. Li ban nou tanp pou “tout sa [nou] mare sou tè a pral mare nan syèl la” (Doktrin ak Alyans 128:8; gade tou Matye 18:18). Li te voye Pitit Gason Li a pou kase chenn lanmò yo, pou pave chemen pou lyen ak reyinyon fanmi etènèl yo.

Se poutèt sa nou gen òdonans yo. Se poutèt sa nou fè alyans yo. Se poutèt sa nou bati tanp yo. Se poutèt sa nou konsakre tèt nou nan travay ak laglwa Bondye (gade Moyiz 1:39). Epi se poutèt sa nou vèse dlo lajwa, konesan ke yon reyinyon etènèl ap tann nou ak moun nou renmen yo nan prezans Papa a ak Pitit Gason an.

Se pou nou jwenn lajwa ak lapè pandan n ap kenbe alyans nou yo epi rejwenn Senyè a nan bèl travay sali gloriye Li a.

Nòt

  1. Gade Ora H. Barlow, The Israel Barlow Story and Mormon Mores (1968), 306–8; òtograf ak ponktiyasyon modènize; gade tou Brent A. Barlow, “Daddy, Do Not Leave Me Here,” Ensign, Jiyè 2009, 34–36.

  2. Russell M. Nelson, “Alyans yo,” Liahona, Nov. 2011, 86.

  3. Gade “Merveilleux l’amour,” Cantiquesno. 117

  4. Russell M. Nelson (nan Dale G. Renlund, “Anganjman Enfayib anvè Jezikri, LiahonaNov. 2019, 25, nòt 18).

  5. Jezikri Mande Nou pou Nou Pran Sentsèn,” Liahona, Mas 2021, 7.

  6. Gade Russell M. Nelson, ”Pandan n ap avanse ansanm,” Lyawona,, Avr. 2018, 7.

  7. Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 6.

  8. Pou yon lis pwomès benediksyon, gade Russell M. Nelson, “Alyans,” Liahona, Nov. 2011, 87.

  9. Gade Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” 10.

  10. Gade Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” 7.

  11. Russell M. Nelson, “Tanp lan ak FOndasyon Spirityèl Ou,” Liahona, Nov. 2021, 96.

  12. Izrayèl Barlow, nan Ora H. Barlow, Istwa Izrayèl Barlow, 308; Òtograf ak ponktiyasyon modènize.

  13. Dat sèlman founi pa Bibliyotèk Istwa Legliz la