Lyawona
Patisipan nan Nati Divin nan
Liahona Janvye 2026


“Patisipan nan Nati Divin nan”, Liahona, Jan. 2026.

Mesaj Mansyèl Liahona, Janvye 2026

Patisipan nan Nati Divin nan

(2 Pyè 1:4)

Konesans sou plan sali a ofri yon pèspektiv presye, anrichi lajwa nou, epi fòtifye nou pou nou simonte difikilte ak advèsite nou yo.

ilistrasyon Kris la k ap aple de disip

Kris la Aple De Disip, tablo Gary E. Smith

Apot Pyè raple nou ke pou disip Jezikri yo, “pouvwa divin Li a ban nou tout sa nou bezwen pou nou ka gen lavi ak sentete, atravè konesans de limenm ki rele nou nan laglwa ak vèti a:

“Se poutèt sa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè: pou nou kapab patisipan nan nati divin nan” (2 Pyè 1:3–4; anfaz ajoute).

Plan Papa nou ki nan Syèl la dekri verite ak pwomès ki gran epi presye ki defini idantite ak objektif etènèl nou.

Jan yo eksplike nan “Fanmi An: Yon pwoklamasyon pou Mond lan”:

“Tout kretyen vivan—gason ak fi—te kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven. …

“Nan egzistans premòtèl la, pitit gason ak pitit fi lespri yo te konnen epi yo te adore Bondye kòm Papa Etènèl yo epi yo te aksepte plan Li a kote pitit Li yo te kabab vin gen yon kò fizik pou yo fè eksperyans terès epi pou yo pwogrese nan direksyon pèfeksyon epi vin rive alafen nan destine divin yo kòm eritye lavi etènèl.

Papa nou ki nan Syèl la pwomèt pitit Li yo ke si yo suiv lòd plan Li a ak egzanp Pitit Gason Byeneme L la, respekte kòmandman yo, epi yo pèsevere nan lafwa jiska lafen, yo “va gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo” (Doktrin ak Alyans 14:7).

Travay Bondye a konsantre sou pwogresyon ak egzaltasyon pitit Li yo. Chak aspè nan plan L la prepare pou beni pitit gason ak pitit fi Li yo paske “nanm yo gen yon gwo valè nan je [Li]” (Doktrin ak Alyans 18:10).

Plan Papa a

Nan konsèy premòtèl la, Papa nou ki nan Syèl la te prezante pitit lespri Li yo plan Li pou pwogresyon ak bonè etènèl yo.

“Nou pral fè yon tè pou sila yo abite;

“Epi nou pral pase anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo:

“Epi sa ki kenbe premye eta yo a, m ap ajoute sou yo; epi sa ki pa kenbe premye eta yo a, yo p ap gen laglwa nan menm wayòm avèk sa ki kenbe premye eta yo a; epi sa ki kenbe dezyèm eta yo a, yo pral gen laglwa ki ajoute sou tèt yo pou tout tan gen tan.

“Epi Senyè a te di: Kiyès m ap voye? Epi youn, Pitit Gason Lòm nan te reponn: Men mwen, voye m. Epi yon lòt te reponn epi l te di: Men mwen, voye m. Epi Senyè a te di: M ap voye premye a.

“Epi dezyèm nan te fache, epi l pa t kenbe premye eta li a; epi jou sa a, anpil te suiv li.” (Abraram 3:24–28).

Remake byen ke se yon sèl plan ki te prezante nan konsèy premòtèl la—plan Papa a. Papa nou ki nan Syèl la pa t poze kesyon, “Kisa pou n fè?” a Li pa te chèche koneksyon, ni mande rekòmandasyon, oswa mande pwopozisyon. Olye de sa, Li te prezante eleman debaz plan L lan epi Li te mande, “Kiyès m ap voye?” Sans nan kesyon Li te konsantre sou ki moun ki ta dwe voye egzekite tèm ak kondisyon nan plan Li a.

Konsekans ensireksyon advèsè a dekri nan ekriti yo tou.

“Se sa ki fè, poutèt Satan revòlte kont mwen, epi l chèche pou l detwi lib abit lòm, lib abit mwen menm Senyè Bondye a, m te bay lòm nan, epi poutèt Satan te vle pou m ba li pwòp pouvwa pa m nan … , pa pouvwa Sèl Pitit Literal mwen an, m te fè chase l;

“Epi li te vin tounen Satan, … dyab la menm, papa tout manti yo, pou twonpe epi pou vegle je lèzòm, epi pou mennen yo kaptif dapre volonte l, sa vle di tout moun ki pa koute vwa mwen” (Moyiz 4:3–4; anfaz te ajoute).

Lisifè pa te prezante yon plan ki te vote pa yon majorite nan patisipan yo nan konsèy premòtèl la. Li pa yon pèsonaj senpati ki te pèdi yon eleksyon. Li te rebele! Fyète, awogans ak egoyis te motive revòlt li kont plan Papa a.

Plan Papa a ak Levanjil Sovè a

Plan an dekri travay Papa a ak Pitit Gason an ki mete benediksyon lavi etènèl la disponib pou tout moun.

Levanjil Jezikri a konstitye fason kote nou ka resevwa benediksyon yo pwomèt nan plan Bondye a, menm doktrin, prensip, òdonans ak alyans gason ak fanm dwe kwè ak suiv. “Pa gen okenn lòt non yo bay anba syèl la, eksepte Jezikri sa a … ki kapab sove lèzòm” (2 Nefi 25:20). Vrèman, Senyè a Jezikri se “chemen an, verite a, ak lavi a: pèsòn p ap rive jwenn Papa a, si l pa pase pa [limenm]” (Jan 14:6; anfaz te ajoute).

Prezidan Russell M. Nelson te eksplike:

“Plan an te egzije Kreyasyon an, e sa an retou te egzije alafwa pou Chit la ak Ekspyasyon an. Sa yo se twa eleman fondamantal nan plan an. Kreyasyon yon planèt paradizyak soti nan Bondye. Mòtalite ak lanmò te vini sou mond nan grasa Chit Adan an [gade 2 Nefi 2:25; Moyiz 6:48]. Imòtalite ak posiblite lavi etènèl te ofri pa ekspyatwa Jezikri a [gade 2 Nefi 2:21–28]. …

“… Nou vini sou tè a pou yon kout peryòd de tan, sipòte tès nou ak eprèv nou yo, epi prepare nou pou deplase ale pi devan ak monte retounen lakay nan laglwa [gade Sòm 116:15; Alma 42:8]. Panse ak zèv nou yo pandan [nan mòtalite] pral sètènman gen plis objektif si nou konprann plan Bondye a epi nou rekonesan pou kòmandman Li yo e nou obeyisan [gade Doktrin ak Alyans 59:20–21].”

Tit yo pou Plan an nan Liv Mòmon an.

Nou aprann verite enpòtan nan idantifye epi etidye anpil diferan tit pou plan Papa a nan Liv Mòmon an: Yon lòt Testaman Jezikri. Pa egzanp, konsidere echantiyon tit ki seleksyone la yo:

“Plan mizèrikòd gran Kreyatè a” (2 Nefi 9:6).

“Plan Bondye nou an” (2 Nefi 9:13).

“Plan sali an” (Jarom 1:2; Alma 24:14).

“Plan redanmsyon an” (Alma 12:25, 26, 30, 32, 33; 42:11, 13).

“Plan retablisman an” (Alma 41:2).

“Plan bonè a” (Alma 42:16).

“Gran plan mizèrikòd la” (Alma 42:31).

Chak nan sa yo ede nou konprann pi klè pwomès presye yo nan plan Papa a epi anrichi vizyon nou sou rezon ak sans lavi mòtèl nou.

Evidaman, tit ki pi souvan itilize pou plan Bondye a nan Liv Mòmon an konsantre sou redanmsyon an ki te vin posib grasa Ekspyasyon Jezikri a.

Kounyeya, “si se pa te pou plan redanmsyon an, ki te prepare depi nan fondasyon mond lan, pa t ap kapab gen rezirèksyon pou mò yo; men, te gen yon plan redanmsyon ki prepare, ki pral reyalize rezirèksyon mò yo nou te pale a” (Alma 12:25).

Li te avèti tou, “Kòmanse kwè nan Pitit Gason Bondye a, kwè li gen pou l vin rachte pèp li a, li gen pou l soufri epi pou l mouri pou l kapab ekspye pou peche yo; epi li gen pou l leve ankò nan pami mò yo, se sa ki pral reyalize rezirèksyon an; tout moun gen pou yo kanpe devan l nan dènye jou jijman an pou l jije yo daprè zèv yo” (Alma 33:22).

Wout la Prepare

Nanm nou ta dwe anfle ak rekonesans pandan n ap konsidere gwo plan Bondye a pou sali, redanmsyon an, restorasyon, mizèrikòd ak kontantman. Konesans sou plan Li a ofri pèspektiv presye, anrichi kè kontan nou yo ak ranfòse nou pou simonte defi nou yo ak advèsite nou yo.

Papa nou ki nan Syèl la anvi pou nou retounen lakay Li. Li envite ak pwomèt benediksyon, men li pap janm oblije, egzèse presyon, oswa kontrenn kont egzèsis libabit moral nou Li te ban nou an. Nou dwe aji epi chwazi retounen jwenn Li nan suiv egzanp Pitit Gason Byenneme Li a.

ilistrasyon men yon timoun ki lonje pou jwenn men Jezikri

Men Li yo Lonje Toujou, tablo Elizabeth Thayer

Chemen an te prepare, epi si nou gade, n ap gen lavi pou tout tan” (Alma 37:46; anfaz l ajoute).

Mwen temwaye avèk kè kontan Papa ki nan Syèl la se otè plan divin pou pitit Li yo. Jezikri se Sovè ak Redanmtè nou. Epi, antanke youn nan Apot dènye jou Seyè a, mwen temwaye ke Li anfèt “se chemen an, verite a ak lavi a” (Jan 14,6; anfaz ajoute).

Nòt

  1. Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bibliyotèk Levanjil la.

  2. Russell M. Nelson, “Kreyasyon an,” Ensign, Me 2000, 84, 86.

  3. Pou yon analiz konplè sou anpil tit yo nan plan Bondye a nou jwenn nan Liv Mòmon an, gade Noel B. Reynolds, “Plan Sali ak Liv Mormon an,” Edikatè relijye, vol. 21, no. 1 (2020), 31–53.