2025
Plan Bondye pou yon Fanmi pou Tout Tan
Liahona Desanm 2025


“Plan Bondye pou yon Fanmi pou Tout Tan”, Liahona, Des. 2025

Mesaj Mansyèl Liahona, Desanm 2025

Plan Bondye pou yon Fanmi pou Tout Tan

Fanmi ki anbrase plan Bondye yo, ki renmen jan Sovè a te renmen, epi onore alyans yo pral yon jou eritye “benediksyon lavi etènèl yo ak yon plenitid lajwa”.

foto Tanp Sao Paulo a nan Brezil

Prèske nan fen misyon aplentan m nan, mwen te kontan lè m te dote epi sele avèk paran m yo nan Tanp Sao Paulo a nan Brezil.

Paran m yo, Apparecido ak Mercedes, te soti nan diferan orijin relijye, men eksperyans lavi yo te prepare yo pou yo te aksepte levanjil retabli a.

Papa m te grandi nan yon bon fanmi men ki pa t relijye. Malgre sa, kòm yon jèn gason li te enterese nan relijyon. Li te li Bib la, asiste klas Labib yo epi li te etidye lavi Jezikri. Etid li yo te fè li gen gwo enterè ni nan levanjil Sovè a ni nan fanmi an, sa te kite li avèk yon dezi pou l te marye avèk yon moun ki gen menm ide yo.

Pakont, manman m te soti nan yon fanmi pwofondman relijye. Yo te anbrase prensip levanjil yo, asiste sèvis legliz yo, epi pratike relijyon yo fidèlman. Grandi nan anviwònman sa a, manman m te vin yon kalite moun ki pa t janm rate yon reyinyon legliz.

Epi konsa, apre paran m yo te fin marye epi twa frè m yo avèk mwen te vin fèt, yo te fè tout sa yo te kapab pou yo te elve nou nan limyè konesans prensip levanjil yo. Yon jou matant mwen, ki te yon manm inaktif nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, te di papa m, “Monchè, ou gen kat gason. Si w reyèlman vle elve yon fanmi ki santre nan Kris la epi genyen Bondye nan fanmi ou, ou bezwen mache nan legliz mwen an.”

Papa m te tande sa l te di a, men li pa t fè okenn aksyon jiska jou kote misyonè aplentan yo ki t ap fè pòtapòt nan katye nou an, te frape pòt nou, epi yo te kòmanse anseye nou. Li te reyalize byen vit ke yo te reprezante legliz matant mwen te ankouraje li pou l te envestige a.

Limyè ak Verite

Youn nan bagay ki te enterese paran m yo okòmansman nan levanjil retabli Jezikri a sete enpòtans Legliz la mete sou fanmi an ak ansèyman ke “majorite travay sali ak egzaltasyon Bondye a akonpli atravè fanmi an.” Anvan yo te batize, paran mwen te tèlman enpresyone pou sa yo t ap aprann yo ke yo te envite vwazen yo vin jwenn yo pou leson misyonè yo.

foto paran Èldè Soares yo

Youn nan bagay ki te enterese paran m yo okòmansman nan levanjil retabli Jezikri a se enpòtans Legliz la mete sou fanmi an.

Pandan yo t ap rankontre ak misyonè yo, epi kontinye etidye levanjil la apre batèm yo, paran m yo te aprann fason pou “elve pitit [yo] nan limyè ak verite” ak fason pou yo espirityèlman “mete lòd nan pwòp kay pa [yo]” (Doktrin ak Alyans 93:40, 43).

Yo te aprann ke “fanmi se pwen santral plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit Li yo” epi ke “bonè nan lavi familyal gen plis chans pou reyalize lè yo fonde sou ansèyman Senyè Jezikri yo.”

Yo te aprann ke “maryaj ak fanmi ki gen siksè yo tabli epi chita sou prensip lafwa, priyè, repantans, padon, respè, lanmou, konpasyon, travay, ak aktivite rekreyatif ki pwòp.

Yo te aprann ke fanmi yo ka etènèl e ke “menm relasyon sosyal ki egziste pami nou isit la pral egziste pami nou lòtbò a, sèlman l ap double avèk laglwa etènèl (Doktrin ak Alyans 130:2).

Epi yo te aprann ke “objektif final chak ansèyman, chak aktivite nan Legliz la se pou paran yo ak pitit yo kontan nan fwaye yo, sele nan yon maryaj etènèl, epi lye avèk jenerasyon yo.”

Avèk konesans sa a, yo te gen dezi pou yo te sele kòm yon fanmi pou tout tan.

Yon Je Fikse Sou Letènite

Apre paran m yo te fin batize, yo te pratike sa yo t ap aprann yo, pandan yo t ap deplase kite mond lan pou antre nan wayòm levanjil la. Yo te travay pou ini fanmi nou nan fè sware familyal ak etid ekriti familyal, asiste reyinyon Legliz yo fidèlman, epi fè travay istwa familyal. Avèk efò sa yo nan direksyon inite, yo te espere kreye yon fanmi ki te santre sou plan sali a avèk je yo fikse sou letènite.

An 1965, ane paran m yo te batize a, tanp ki te pi pre Sao Paulo, nan Brezil la, sete tanp nan Mesa, Arizona a, prèske 6.000 mil (9,650 km) distans. Vwayaje te twò chè pou fanmi nou, konsa paran m yo te oblije rete tann jiskaske Tanp Sao Polo Brezil la te konsakre an 1978 anvan yo te ka resevwa òdonans tanp yo epi sele. Nan moman sa a, mwen t ap sèvi yon misyon nan Rio de Janeiro.

Anviwon de mwa anvan m te fini misyon m nan an Fevriye 1980, prezidan misyon mwen an te pèmèt mwenmenm ak konpayon mwen vwayaje nan lannuit avèk manm pieu ki te soti nan Rio de Janeiro pou nou t ale nan tanp Sao Paulo a pou m te ka dote epi sele avèk paran m yo. Menm jan ak paran m yo, mwen te tann plizyè ane pou benediksyon yo pwomèt pou òdonans ak alyans tanp yo.

Eksperyans sa a te chanje vizyon m sou lavni epi l te ban m premye apèsi mwen sou verasite pawòl resan Prezidan Russell M. Nelson yo: “Tan w pase nan tanp lan ap ede w pou w panse selès epi kapte yon vizyon sou kiyès ou ye toutbon, kimoun ou ye vrèman, kimoun ou ka devni, ak ki kalite lavi ou ka genyen pou tout tan.”

Moman brèf mwen nan tanp lan nan okazyon sa a te pwofondeman enfliyanse rès sèvis misyonè m nan. Avèk nouvo vizyon sa a, temwaye de tanp ak de enpòtans plan Bondye pou fanmi yo te gen yon enpak dirab sou lavi mwen.

Lè madanm mwen, Rosana, avèk mwen te marye dezan apre misyon m nan, nou te sele nan tanp lan avèk yon vizyon pou elve pwòp fanmi etènèl pa nou. Pou fè sa, nou te travay ansanm pou kreye tradisyon familyal tankou sa paran nou yo te anseye nou, tout konsantre sou Sovè a, ansèyman Li yo, ak ansèyman pwofèt tan modèn Li yo.

Jodi a, pitit nou yo ap leve pitit pa yo avèk menm prensip levanjil bonè sa yo. Pou nou, fanmi se tout bagay paske nou konprann santralite fanmi an nan plan Bondye a.

Antanke yon Otorite Jeneral, mwen te gen benediksyon pou m te sele twa pitit mwen yo avèk konjwen yo nan tanp. Gade nan je yo nan moman yo te mete ajenou sou lotèl tanp lan sete yon bèl eksperyans. Mwen te kapab wè posterite mwen ki beni pa menm prensip levanjil paran m yo te anseye m yo epi ke Rosana avèk mwen te anseye yo. Mwen te kapab wè benediksyon sa yo k ap kontinye nan jenerasyon kap vini yo. Epi mwen te raple m de kimoun ki rann tout sa posib.

sèn varye sou Nativite a sou etajè

Yon Rapèl sou Nwèl

Fanmi se pwen santral plan bonè Bondye a, men san Sovè a, Jezikri, plan sa a pa t ap posib. Ekspyasyon L la ak òdonans ak alyans ki disponib nan levanjil Li yo rann pwomès egzaltasyon an posib.

Prezidan Nelson te deklare: “Egzaltasyon se yon zafè fanmi. Se sèlman atravè òdonans sali yo nan levanjil Jezikri a ke fanmi yo kapab egzalte. Bi final n ap eseye atenn nan se pou nou gen kè kontan antanke yon fanmi—dote, sele, epi prepare pou lavi etènèl nan prezans Bondye.”

Lè m vizite kote mwen pa t janm wè anvan, mwen eseye jwenn yon ti sèn Nativite ki raple Rosana avèk mwen de Sovè a. M ap bati yon bèl koleksyon.

Pandan nou t ap kontanple sèn Nativite enb sa yo, madanm mwen avèk mwen te yon fwa medite, “Kisa ki vrèman pi enpòtan nan lavi nou?” Repons lan, evidaman, se Sovè a, levanjil Li a, ak fanmi nou. Pou te fè nou sonje lanmou Papa nou ki Syèl la pou nou epi ke se atravè Sovè a ke pwomès fanmi etènèl yo vin posib, sa gen kèk ane, anvan Nwèl, nou te mete tout sèn Nativite nou yo sou de gwo etajè nan kay nou an—epi nou te kite yo rete la olye ke nou te mete yo lwen apre sezon fèt Nwèl yo. Tradisyon sa a ede nou kenbe lespri Nwèl la lakay nou pandan tout ane a.

Chak jou pandan n ap gade sèn Nativite sa yo, yo tou dousman fè nou sonje wòl santral Sovè a nan lavi nou. Yo fè nou sonje ke lapè sou tè a kounyea (gade Lik 2:14) ak bonè etènèl nan mond k ap vini an depann sou Sovè a ak sou onore alyans nou fè avèk Li yo. Epi yo te fè nou sonje “ke li te vini nan mond la, Jezi menm, poumond lan te kapab krisifye Li, epi pou L te pote peche mond lan, epi sanktifye mond lan, epi netwaye l anba tout enjistis;

“Pou ke atravè Li tout moun kapab sove, tout moun Papa a te mete anba pouvwa l yo, epi ki te kreye pa mwayen limenm” (Doktrin ak Alyans 76:41–42).

Menm jan nou te aprann verite sa yo nan men paran nou yo, Rosana avèk mwen te travay pou nou transmèt yo bay pitit nou yo. Kounyea, pitit nou yo ap anseye pitit pa yo menm verite sa yo. Semans ki te plante nan kè paran m yo sa gen 60 ane nan ti kay nou an nan Brezil la te fleri epi pote fwi “ki pi bon, ki pi dous pase tout bagay dous, epi ki pi blan pase tout bagay blan, wi, epi ki pi sen pase tout sa ki sen” (Alma 32:42).

Mwen temwaye ke moun ki anbrase plan Bondye a pou fanmi yo, ki renmen jan Sovè a te renmen an, epi ki onore alyans yo ap yon jou eritye “benediksyon lavi etènèl yo ak yon plenitid lajwa” avèk moun ki chè pou yo epi avèk Papa a ak Pitit Gason an.