"Alyans, Pouvwa, ak Pwomès," Liahona, Okt. 2025.
Mesaj Manyèl Liahona, Oktòb 2025
Alyans, Pouvwa, ak Pwomès
Tanp lan jwe yon wòl santral nan pouvwa ak pwoteksyon yo pwomèt moun ki fidèl yo anvan Dezyèm Vini Senyè Jezikri a.
Ilistrasyon Joseph Smith pa Dan Burr
An Me 1833, katriyèm gran granpapa m, Asahel Perry ak kèk zanmi te vwayaje soti nan nò New York pou ale Kirtland, Ohio. Yo pa t manm Legliz ki te fèk retabli a, men yo te vle fè konesans avèk Pwofèt Joseph Smith. Yo te rive jis a tan pou yo te asiste nan premye reyinyon konsèy ki te fèt pou yo te diskite sou bati Tanp Kirtland lan.
Apre pwofèt la te fin kòmanse reyinyon konsèy la, li te prezante biznis bati tanp lan. Apresa, li te envite moun ki te la yo pou yo te eksprime sa yo te santi konsènan gwo antrepriz sa a. Pifò moun yo te reponn ke Legliz la te twò pòv pou l te atake yon gwo travay konsa. Yo te pwopoze konstriksyon yon batiman pi piti, epi mwen chè.
Pandan diskisyon an, Granpapa Perry ak zanmi l yo te mete tèt yo ansanm, yo te retire lajan yo, epi yo te ajoute l ansanm. Èske yo te gen ase pou yo te peye vwayaj pou yo te retounen an epi kontribye nan konstriksyon tanp lan? Kèk minit apre, granpapa m te pwoche kot Joseph Smith, li te rale yon pyès lò senk dola, epi li te prezante l bay Pwofèt la. (Yon pyès konsa jodia t ap vo dè santèn dola!)
Joseph te kanpe devan konsèy la epi li te kenbe pyès lò a. Apresa sa a, li te pale enèjikman, li te di "travay la te kòmanse epi Kay [Senyè a] ta pral l bati dapre modèl" Senyè a, Jezikri, te prezante a.
Tousuit apre, fanmi Perry te antre nan Legliz la nan Kirtland, yo te resevwa benediksyon tanp yo kèk ane apre nan Tanp Nauvoo a, epi nan apre, yo te travèse plèn yo pou ale Utah.
Rive moman Tanp Kirtland nan te konsakre an 1836 la, li te twò piti pou l te kenbe tout Sen Dènye Jou ki te vle asiste konsekrasyon li a. Amezi Legliz la t ap grandi, se konsa kantite Sen ki te oblije asiste reyinyon yo deyò te grandi tou. Prezidan James E. Faust (1920–2007), ki te sèvi kòm prezidan pieu mwen lè m te yon jèn gason epi kòm yon konseye lè yo te aple m kòm yon Otorite Jeneral an 2007, te fè obsèvasyon sa a konsènan dezyèm tanp Legliz la:
"Anvan Tanp Nauvoo a te fini an 1846, Sen yo te konn reyini deyò, souvan toupre tanp lan, pou yo te tande Joseph ak lòt dirijan Legliz yo pale. Pafwa dè milye te asiste reyinyon sa yo"—pafwa menm nan move tan.
"Jan [Èldè] George A. Smith te obsève nan fason amizan li, ‘Nan epòk Pwofèt Joseph la … [Legliz la] te fleri pi byen sou deyò pòt yo.’”
Nou rekonesan dèske nan epòk pa nou an, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap fleri sou deyò, andedan pòt, ak toupatou nan mond lan. Fleri sa a enkli konstriksyon tanp yo nan yon vitès san parèy "dapre modèl yo te prezante a" - yon modèl ki te toujou enkli benediksyon, konsekrasyon, lafwa, ak sakrifis.
A Glorious Light—Kirtland Temple [Yon Limyè Gloriye—Tanp Kirtland nan], pa Glen S. Hopkinson, pa dwe kopye
Poukisa Tout Kantite Tanp Sa Yo?
Prezidan Ezra Taft Benson (1899-1994) te di plizyè deseni de sa: "Predesesè nou yo te pwofetize ke tanp yo pral epapiye nan Amerik Dinò ak Amerik Disid, nan zile Pasifik yo, an Ewòp, ak lòt kote." "Si travay redanmsyon sa a fèt sou echèl pou l fèt la, n ap bezwen dè santèn tanp."
Prezidan Russell M. Nelson te di n ap bati tanp nan yon vitès san parèy jodia "paske Senyè a enstwi nou pou nou fè sa. Benediksyon tanp yo ede rasanble Izrayèl sou toulède bò vwal la. Benediksyon sa yo ede tou pou prepare yon pèp ki pral ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a!"
Nan priyè konsekrasyon tanp Kirtland nan, Joseph Smith te priye "pou tout moun ki antre nan pòtay kay Senyè a ka santi pouvwa Ou. …
"Epi nou mande ou, Sen Papa, pou sèvitè ou yo soti nan kay sa a ame avèk pouvwa ou, e pou non ou sou yo, epi pou laglwa ou antoure yo , epi pou zanj ou yo gen responsablite sou yo" (Doktryn ak Alyans 109:13, 22; italik ajoute; gade tou vèsè 23).
Lè m li vèsè sa yo, mwen panse a vizyon Nefi a sou dènye jou yo. Remake kijan mo yo sanble: “Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a, te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te arme avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa ” (1 Nefi 14:14; italik ajoute).
Mwen kwè ke tanp dènye jou yo jwe yon wòl esansyèl nan akonplisman pwofesi Nefi a epi yo santral pou pwoteksyon ak pouvwa yo pwomèt fidèl yo anvan Dezyèm Vini an.
Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi kòm evèk nan pawas yon inivèsite, mwen te patikilyèman enpresyone pa yon jènfi nan pawas mwen an. Li toujou kontinye enpresyone m. Nou rekonèt li kòm Prezidant Emily Belle Freeman, Prezidant Jeneral Jènfi a. Nan yon diskou resan nan konferans jeneral, li te anseye ke atravè tanp lan, Jezikri leve nou nan yon nivo espirityèl ki pi wo.
Prezidant Freeman te di "Chak fwa m travèse papòt kay Li a, mwen fè eksperyans pi gwo relasyon alyans avèk Li." "Mwen santifye avèk Lespri Li, dote avèk pouvwa Li, epi mete apapou bati wayòm Li an."
Pouvwa yo Pwomèt la
Prezidan Nelson pale souvan de pouvwa Jezikri ki disponib atravè alyans tanp yo. Li di "Asosye tèt ou avèk Sovè a vle di ke w gen aksè nan fòs ak pouvwa redanmtè Li a”. Prezidan Nelson te anseye tou:
"Lè nou kenbe alyans tanp nou yo, nou jwenn pi gwo aksè nan pouvwa fòtifyan Senyè a. Nan tanp lan, nou resevwa pwoteksyon kont sekous mond lan."
"Òdonans esansyèl [Sovè a] yo lye nou avèk Li atravè alyans sakre pretriz yo. Apresa, si nou kenbe alyans nou yo, Li dote nou avèk pouvwa gerisè, fòtifyanLi. Epi o, ala nou pral bezwen pouvwa Li nan jou k ap vini yo."
"Pouvwa moral ak espirityèl pèp nou an bezwen kounyea ak pou jou kap vini yo se pouvwa Bondye Papa a ak Pitit Li a, Jezikri. Nou jwenn aksè nan pouvwa Yo lè nou fè ak kenbe alyans avèk Yo."
Pouvwa selès yo enpòtan, frè m ak sè m yo, paske n ap viv nan yon mond ki trè mechan. San pouvwa sa a, nou pa p kapab "kanpe nan jou L ap vini an" oswa "kanpe lè Li parèt" (Malachi 3:2). Nou pa konnen ki lè jou sa a ap ye, men Li deja voye mesaje Li pou "prepare wout" pou vini Li a (Malachi 3:1). Pandan tan sa a, mond lan p ap glise dousman pou rive nan jou sa a.
Nou bezwen pouvwa yo pwomèt fidèl yo pou ede nou:
-
Kite Bondye domine nan lavi nou.
-
Repanti epi vin pi pre Senyè a.
-
Beni, rekonfòte, dirije, ak evanjelize.
-
"Reziste pi byen anba eprèv, tantasyon, ak pwoblèm nou yo" (gade Mozya 3:19).
-
Jwenn lapè ak lajwa nan Kris la pandan n ap mache sou chemen alyans lan.
-
Prepare "kont jou dife a" ak "kalamite mechan yo" (Doktrin ak Alyans 109:46).
-
Akonpli travay Senyè a anvan Dezyèm Vini Li a.
Foto anlè Tanp Tucson Arizona a pa James Whitney Young
Santinè Sali
Travay ak laglwa Papa nou ki nan Syèl la se "reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm" (Moyiz 1:39). Chak tanp kanpe kòm yon santinèl terès nan plan sali Bondye a, ki ap pwente sou wòl santral Sovè a nan travay ak laglwa sa a.
Ame avèk pouvwa Li, chak gason ak fi ki kenbe alyans yo—ke yo marye ou pa—ki respekte alyans tanp yo fidèlman, ap beni nan lavi sa a ak nan lavi k ap vini an.
Prezidan Nelson te pwomèt: "Lafen ke nou chak ap fè efò po nou jwenn nan se pou nou dote avèk pouvwa nan yon kay Senyè a, sele kòm fanmi, respekte alyans ki fèt nan yon tanp ki kalifye nou pou pi gwo kado Bondye a—ki se lavi etènèl la. Òdonans tanp yo ak alyans nou fè kote sa yo se kle pou ranfòse lavi nou, maryaj nou ak fanmi nou, ak kapasite nou pou reziste kont atak advèsè a. Adorasyon ou nan tanp lan ak sèvis ou ladan pou zansèt ou yo ap beni ou avèk plis revelasyon pèsonèl ak lapè epi l ap fòtifye angajman w pou w rete sou chemen alyans lan."
Antanke yon apòt Senyè a, Jezikri, mwen temwaye ke bagay sa yo vrè.
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 19/6. Apwobasyon tradiksyon: 19/6. Tradiksyon Monthly Liahona Message, Oktòb 2025. Haitian Creole. 19611 036