2025
Papa nou ki nan Syèl la Vle Pale avèk Ou
Mas 2025


“Papa nou ki nan Syèl la Vle Pale avèk Ou,” Liahona, Mas 2025.

Mesaj Mansyèl Liahona, Mas 2025

Papa nou ki nan Syèl la Vle Pale avèk Ou

Kite lafwa w nan Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme Li a ede w ekate vwal la epi resevwa vwa Papa a.

jèn fi k ap priye

Nou se pitit gason ak pitit fi Bondye, ki ap pataje tè a ansanm lwen fwaye selès nou. Nou nan mòtalite a, yon tan pou nou resevwa kò, chwazi i byen olye de mal, “goute sa ki anmè, pou [nou] kapab konnen pri bagay ki bon” (Moyiz 6:55), grandi lafwa nou nan Sovè nou an Jezikri, ak nan Ekspyasyon sakre L la, epi anbrase plan bonè Papa nou an. Nou isit la pou nou vin pi plis tankou Papa nou ki nan Syèl la.

San yon souvni sou lavi premòtèl nou, pafwa, nou santi yon nostalji pou mond nou kite dèyè a. Papa nou ban nou yon kado espirityèl pou nou rete konekte avèk Li epi pou resevwa gidans, direksyon, ak rekonfò nan men Li. Nou konnen kado sa a trè byen; yo rele l lapriyè.

Priye Papa Ou ki nan Syèl la.

Pou Adan ak Èv ak tout moun ki ta pral vini apre yo, yon zanj te bay enstriksyon sa a: “Ou dwe repanti epi rele Bondye nan non Pitit Gason an tout tan” (Moyiz 5:8).

Jezi te anseye: “Mande, epi y ap ba ou; chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou” (Matye 7:7). “Lè w ap lapriyè, … priye Papa ou … an sekrè” (Matye 6:6). “Men kijan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, nou mande pou yo toujou respekte non ou” (Matye 6:9).

Jezi te priye Papa Li san rete. “Li te monte sou yon ti mòn pou l lapriyè, epi li te pase tout lannuit la ap priye Bondye” ((Lik 6:12). “Epi … li te pati al sou yon mòn pou l te lapriyè” (Mak 6:46). “Epi yo te rive nan yon kote yo rele Jetsemane: epi li di disip li yo, Chita la, mwen pral lapriyè pi devan” (Mak 14:32). Pandan Jezi te sou kwa a, Li te priye pou sòlda ki te krisifye L yo: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen sa y ap fè” (Lik 23:34).

Ekriti yo konseye nou pou nou “toujou priye” (Lik 21:36; 2 Nefi 32:9; 3 Nefi 18:15; Doktrin ak Alyans 10:5; 19:38; 20:33; 31:12). “Mande Senyè a konsèy nan tout sa w ap fè, epi l ap dirije w nan sa ki bon” (Alma 37:6, 37). Anplis de sa, nou “rann tout remèsiman ak louwanj tout nanm [nou] gen pouvwa pou l posede” (Mozya 2:20), pandan n ap rekonèt tout sa Papa nou fè pou nou.

Prezidan Russell M. Nelson te esplike: “Estim espirityèl kòmanse avèk reyalizasyon ke chak nouvo maten se yon kado Bondye ba nou. … Li prezève nou yon jou apre lòt epi li sipòte nou tout tan (gade Mozya 2:21).”

Nefi te di, “Si nou te vle koute Lespri a, ki ansenye yon moun pou l priye, nou ta konnen nou dwe priye; paske lespri malen an pa ansenye yon moun pou l priye, men li ansenye li pou l pa priye” (2 Nefi 32:8).

Sovè a de pwofil

Detay ki soti nan tablo Kris k ap Leve Pitit Fi Jayiris la, pa Greg K. Olsen.

Avèk egzanp Sovè nou an ak konsèy zanj yo ak pwofèt yo atravè syèk yo, nou konnen klèman pou nou priye chak jou pou nou ka eksprime rekonesans nou pou benediksyon nou yo, epi pou nou kenbe yon priyè nan kè nou tout tan. Nou gen responsablite pou nou kominike avèk Papa nou.

Men, sa ki pi glorye toujou, Papa nou ki nan Syèl la reponn priyè nou yo. Yon kesyon pou reflechi nan mond mòtèl sa a se, kijan nou pi byen resevwa ak konprann repons yo, direksyon, ak rekonfò ki soti nan men Papa nou yo?

Atravè plis pase sèt deseni nan lavi a, mwen konnen ke Papa nou pale avèk nou. Nou pa poukont nou. Èt selès ap veye sou nou epi ede nou pandan n ap chèche suiv Sovè a.

Resevwa repons pou priyè nou yo kòmanse avèk lafwa nou nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Pitit gason Li an, Jezikri. Jezi te di: “Ou pa bezwen pè, sèlman kwè” (Mak 5:36). Nou mete konfyans nou nan Li, fè tout sa nou kapab pou respekte kòmandman yo, epi nou chèche men Li nan tout bagay. “Epi lòm pa ofanse Bondye nan anyen … eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay, epi ki pa obeyi kòmandman l yo.” (Doktrin ak Alyans 59:21).

Men Bondye ki nan lavi nou an pa vledi ke se Li ki lakoz bagay ki mal oubyen trajedi terib yo ki nan mond nou an. Sepandan, sa vledi ke nan tan difikilte ak enjistis, L ap kanpe bò kote ou, L ap fòtifye kapasite ou, rekonfòte ou, epi L ap “konsakre afliksyon w yo nan avantaj pa w” (2 Nefi 2:2).

Tande Vwa Li

Lè nou gen lafwa nan Li epi respekte kòmandman L yo, nou natirèlman aprann pou pi byen tande vwa Li.

An septanm 1993, premye ane mwen kòm yon Otorite Jeneral, Prezidan James E. Faust (1920–2007), ki lè sa a te yon manm Kolèj Douz Apot yo, te envite madanm mwen, Kathy, avèk mwen pou asiste yon devosyon avèk li nan Inivèsite Brigham Young. Sonje, 1993 sete anvan smatphòn, medya sosyal, ak entènèt te disponib toupatou.

Nan diskou l la, ki te rele “Vwa Lespri a,” Prezidan Faust te avèti: “Nan jenerasyon nou an nou pral bonbade pa yon pakèt vwa ki pral di nou kijan pou nou viv, kijan pou satisfè pasyon nou yo, kijan pou nou gen tout bagay. Nou pral gen jiska senk san chanèl televizyon alapòte ou. Pral gen tout kalite lojisyèl, modèm òdinatè entèraktif, bazdedone, ak tablo afichaj; pral gen piblikasyon sou òdinatè, antèn parabolik, ak rezo kominikasyon ki pral sifoke nou anba enfòmasyon. … Vwa nou dwe aprann koute a se vwa Lespri a.”

Prezidan Boyd K. Packer (1924–2015), Prezidan Kolèj Douz Apot yo, te anseye sou ti vwa dous Lespri a nan rakonte yon eksperyans Jan Burroughs, yon natiralis, te fè pandan l t ap mache avèk zanmi nan yon pak plen moun. Men sa Prezidan Packer te di:

“Nan mitan son lavi nan vil la [Mesye Burroughs] te tande chan yon zwazo.

“Li te kanpe epi li te koute! Moun ki te avèk li yo pa t tande sa. Li te gade toutotou l. Pèsonn lòt moun ki te remake sa.

“Sa te deranje li dèske tout moun te rate yon bagay sitèlman bèl konsa.

“Li te pran yon pyès monnen nan pòch li epi li te voye l anlè. Kòb la te tonbe sou pave a avèk yon bri, ki pa t pi fò pase chan zwazo a. Tout moun te vire; yo te ka tande sa a!

“Li difisil pou nou distenge son yon zwazo nan mitan tout son trafik yo nan vil la. Men, nou ka tande li. Nou ka tande l klèman si nou antrene tèt nou pou chèche tande li.”

Ansèyman Prezidan Packer yo sou Sentespri a te rive nan ane 1979, yon peryòd kote lavi a te pi trankil epi bri mond lan te pi sibtil pase kounyea.

Prezidan Nelson te anseye: “Si w ap pote plis atansyon a sa medya sosyal ap prezante w yo pase sou chichotman Lespri a, enben, w ap mete tèt ou an danje espirityèl.”

Prezidan Faust te di: “Si nou vle tande vwa Lespri a, nou menm tou nou dwe louvri zòrèy nou, vire je lafwa nou nan sous vwa a, epi gade fiks nan direksyon syèl la.”

Vwa Lespri sa a vini nan entelèk nou ak nan santiman nou. “Wi, gade, m ap pale ou nan lespri ou ak nan kè ou, pa mwayen Sentespri a, ki pral vini sou ou epi ki pral rete nan kè ou” (Doktrin ak Alyans 8:2). Koute konsyans ou—revelasyon souvan kòmanse la.

Èldè Andersen k ap pale avèk yon gwoup

Pandan yon vizit nan Girls’ Home Boys’ Town Complex, yon konplèks nan Vil Markina, nan Filipin, an Fevriye 2024, Èldè Andersen te anseye jèn yo ke yo se pitit Bondye: “Li renmen nou. Epi nou ka fè apèl a Li. L ap tande priyè nou”.

Priye avèk yon Kè ki Kwè

Nou pa ka fòse repons ak enpresyon. Nou priye epi nou tann avèk yon kè ki kwè. Gen kèk repons ki p ap vini nan lavi sa a, men pou moun ki jis yo, Senyè a ap toujou voye lapè Li (gade Jan 14:27). Repons yo souvan vini lè n ap priye pou n ede moun ki bò kote nou. Pafwa, yo vini “liy sou liy, presèp sou presèp” (Doktrin ak Alyans 98:12).

Vwa syèl la ka vin jwenn nou nan moman nou pa atann ak nan kote nou pa atann, men nou jwenn opòtinite ki pi remakab nou yo nan espas trankil ak nan kote sakre. Nan trankilite premye priyè mwen ak meditasyon m le maten yo, mwen jwenn benediksyon inabityèl. Yon lekti pèsonèl chak jou, san entèripsyon nan ekriti yo, pandan ke woutin pafwa, pote vwa Lespri a nan kè nou tankou dife nan lòt moman.

Pafwa, enpresyon yo espesyalman soti nan sa n ap li a, epi nan lòt moman, sa n ap medite sou li a pote yon repons pou yon enkyetid trè diferan. Sonje pawòl Èldè Robert D. Hales yo: “Lè nou vle pale avèk Bondye, nou priye. Epi, lè nou vle Li pale avèk nou, nou sonde ekriti yo.”

Kòm bri ak distraksyon mond lan anviwonnen nou tout kote, Senyè a dirije pwofèt Li a pou konstwi pi plis tanp. Nan kay sakre Senyè a sa yo, pandan ke nou kite pwoblèm nou yo deyò men nou antre avèk priyè ak enkyetid nou yo, yo anseye nou verite letènite yo.

Sa gen ennan, Prezidan Nelson te fè nou pwomès remakab sa a: “Frè m ak sè m yo, men pwomès mwen fè. Anyen pa p ede nou plis kenbe bafè a fèm pase adorasyon nan tanp osi regilyèman ke sitiyasyon nou pèmèt sa. Anyen pa p pwoteje nou plis lè n ap fè fas ak gouf tenèb mond lan. Anyen pap ranfòse temwayaj nou konsènan Senyè a Jezikri ak Ekspyasyon L lan oswa ede nou konprann plan mayifik Bondye a plis. Anyen pa p soulaje lespri nou plis pandan moman doulè yo. Anyen pa p louvri syèl yo plis. Anyen!”

Chak konferans jeneral pote abondans benediksyon adisyonèl. Nan mwa Avril ki pral vini an, yon lòt fwa ankò, nou pral rankontre nan konferans jeneral pou nou tande vwa Senyè a. Nou vini nan konferans jeneral avèk priyè epi prepare. Pou chak nan nou, genyen enkyetid presan ak kesyon sensè. Nou vini pou renouvle lafwa nou nan Sovè nou an, Jezikri, epi fòtifye kapasite nou pou nou reziste anba tantasyon. Nou vini pou nou resevwa ansèyman ki soti anwo. Mwen pwomèt nou ke pandan n ap prepare epi vini nan lapriyè nan sesyon konferans jeneral yo, n ap santi repons pou enkyetid nou yo, epi nou pral konnen ke “men syèl la” sou nou.

Gen lafwa ke Papa nou ki nan Syèl la ap pale avèk ou. L ap fè sa! Kite lafwa ou nan Li ak nan Pitit Gason Byeneme L la ede ou ekate vwal la epi resevwa vwa Papa ou. Mwen temwaye ke Li la epi Li renmen ou plis pase mo kapab di.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Lajwa Vini nan Maten,” Ensign, Nov. 1986, 68.

  2. James E. Faust, “Vwa Lespri a” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 5 Septanm 1993), 2, 3 speeches.byu.edu.

  3. Boyd K. Packer, “Priyè ak Repons,” Ensign, Nov. 1979, 19.

  4. Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), Bibliyotèk Levanjil.

  5. Jak E. Faust, “Vwa Lespri a,” 4.

  6. Robert D. Hales, “Ekriti Sent yo: Pouvwa Bondye pou Sali nou,” Liahona, Nov. 2006, 26–27.

  7. Russell M. Nelson, “Rejwi nan Don Kle Pretriz yo,” Liahona, Me 2024, 122.

  8. Gade Neil L. Andersen, “Vwa Senyè a,” Liahona, Nov. 2017, 126.