2024
Bondye ap sipòte nou ak prezève nou
Out 2024


“Bondye ap sipòte nou ak prezève nou,” Lyawona, Out 2024.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Out 2024

Bondye ap Sipòte nou ak Prezève nou

Menm jan ak Kapitèn Mowoni, nou kapab jwenn èd ak pouvwa diven pou batay n ap rankontre nan lavi a.

Kapitèn Mowoni ki kenbe Etanda Libète a

Ilistrasyon Eric Chow

Lè m te fèk li Liv Mòmon an, m te renmen istwa lagè ant Nefit yo ak Lamanit yo. Mwen te kaptive pa lafwa, entèlijans ak taktik kapitèn Mowoni, yon kòmandan militè yo te nonmen kòm lidè tout lame Nefit yo lè li te gen 25 an sèlman. Li te gen sajès, li te gen fòs e li te entèlijan. Li te angaje l totalman pou libète ak byennèt pèp li a. (Gade Alma 48:11–12.)

Olye li te di se gras avèk li lame a t ap gen siksè konsa, Mowoni te atribiye siksè a bay Bondye ak sipò sakre lame l yo te resevwa nan men fi ak timoun ki pa t konbatan. Li te di lidè ènmi ki pèdi konba devan li yo: “Senyè a … w wè li lage w nan men nou. M vle w konprann, bagay sa a rive … poutèt relijyon nou an ak lafwa nou nan Kris la.” Mowoni te pataje vizyon pwofetik sa a: “Bondye ap sipòte nou, l ap kenbe nou, l ap prezève nou tout tan nou fè l konfyans e tout tan nou mete konfyans nan lafwa nou an, ak relijyon nou an;” (Alma 44:3, 4).

Avèk letan, mwen vin rann mwen kont ke Mowoni te bay modèl prensip nou ka aplike pou ede nou afwonte difikilte lavi modèn nou yo. Si nou egzèse lafwa nan Jezikri, Sovè mond lan, L ap beni nou avèk pouvwa li. Men, pou Li fè sa ak pou nou rekonèt benediksyon L yo, nou bezwen konprann objektif nou, elabore estrateji pou nou gen siksè, epi prepare pou batay senbolik n ap fè fas yo, menm jan Mowoni te prepare li epi te afwonte batay reyèl yo nan lavi li. Si nou fè sa, Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ap soutni nou epi prezève nou.

Konprann Objekti Nou

Mowoni te tout tan ap raple moun yo kiyès yo te ye (eritye alyans Abraramik la), pitit kiyès yo te ye (pitit Bondye renmen anpil), ak ki kòz yo t ap defann (fanmi, lafwa, ak libète). Mowoni te anseye pèp li a ke yo t ap goumen pou yo te ka sove lavi yo ak pou libere tèt yo anba opresyon ak esklavaj. Yon lòt bò, ènmi yo te goumen pou pwomosyon pèsonèl yo ak pou pouvwa nan oprime lòt moun.

Lè kèk Nefit te chèche pran pouvwa pou enterè pèsonèl yo, Mowoni te chire manto li epi l te ekri sou yon moso ladan eleman debaz mesaj li a: “Nan memwa Bondye nou an, relijyon nou an, libète, ak lapè nou an, madanm ak pitit nou yo.” Li te leve drapo sa a, ke l te rele “etanda libète a,” nan pwent yon poto epi li te itilize li pou raple moun yo tout rezon pou batay la ak pou rasanble yo nan kòz la. (Gade Alma 46:12–13, 19–20.)

Nan batay espirityèl lavi yo, “nou p ap lite kont lachè ak san, men kont … chèf fènwa yo … [epi] kont mechanste espirityèl” (Efezyen 6:12). Nou menm tou, nou bezwen sonje tout rezon batay la. Èldè Neal A. Maxwell (1926–2004), yon ansyen manm Kolèj Douz Apot yo, te eksprime panse sa a nan yon konvèsasyon elokan, ki trè kout.

An 2004, mwen t al vizite Èldè Maxwell nan chanm lopital li te a pa lontan anvan l te mouri a. Li te janti anpil ak tout moun ki te vizite l oswa ki te ede l. Travayè swen sante yo te konn antre nan chanm li epi yo sòti ak dlo nan je yo. Mwen te di li, “Èldè Maxwell, sa a rèd anpil.” Li te pete ri epi l te di: “O, Dale, nou se èt etènèl k ap viv nan yon mond mòtèl. Nou soti nan eleman nou, tankou pwason ki soti nan dlo. Se sèlman lè nou gen yon pèspektiv etènèl bagay sa yo ap fè sans.”

Nou pa ta dwe janm bliye gwo pòsyon nati diven nou ak destine etènèl nou ak fòs dyabolik ki opoze nou yo. Lè nou konprann plan Papa nou ki nan Syèl la kòrèkteman, sa ap motive nou pou nou kontinye goumen pou sali etènèl nou ak pou libète nou anba esklavaj espirityèl.

moun k ap prepare fòtifikasyon yo

Elabore estrateji pou siksè

Nan tout batay lame l yo te fè yo, Mowoni te elabore estrateji pou l te ka reyisi. Li te sèvi ak espyon pou l te dekouvri aktivite ak entansyon ènmi l yo. Li te chèche konsèy pwofèt la, Alma. Apre sa, Mowoni te sèvi ak enspirasyon sa a pou li te ka mennen batay yo. Li te deplwaye resous yo selon bezwen, nan voye plis sòlda nan vil ki te mwens fòtifye yo. Li te estratejikman elabore plan operasyonèl ki te baze sou enfòmasyon ajou.

Konsa, li te vin gen avantaj sou lame ènmi yo. Li pa t janm kontante l ak viktwa pase yo; olye de sa, li te kontinye amelyore kapasite lame li yo pou fè fas ak defi fiti yo.

Nou ka sèvi ak menm metòd sa yo pou n fè fas ak kontraryete espirityèl yo. Nou ka kòmanse nan rekonèt sa Satan ap eseye fè nan lavi nou. L ap eseye dewoute nou de objektif nou. Lè n ap fè fas ak tantasyon, nou dwe mande tèt nou:

  • Nan ki fason aksyon sa a mwen anvi komèt la kanpe kont pawòl Bondye revele a?

  • Ki konsekans ki genyen nan komèt aksyon sa a?

  • Èske aksyon sa a ap ede m akonpli objektif mwen sou tè a?

Nou ta dwe rekonèt tou rezilta evantyèl k ap genyen lè nou sede anba menm ti tantasyon piti yo. Lè nou sede anba tantasyon, nou konsome “pwazon tikal pa tikal” (Alma 47:18), youn nan estrateji ki pi efikas pouvwa mechanste yo itilize ki ka lakoz rezilta espirityèl fatal.

Nou ka fòtifye tèt nou kont tantasyon Satan yo lè nou suiv enstriksyon nou resevwa nan men pwofèt dènye jou nou an. Lè nou fè sa, sa ede nou kenbe yon pèspektiv etènèl kote nou evalye aksyon nou yo. Elabore estrateji sou kijan nou pral fè fas a tantasyon ki rive nan divès domèn nan lavi nou ap ede nou fè chwa ki pi kòrèk yo nan moman sa a. Estrateji ak apwòch tou prepare yo ap ede nou defann tèt nou kont detounen de objektif etènèl nou an.

Yon egzanp se teknoloji. Teknoloji kapab yon epe de bò, toude itil ak danjere, tou depann de kijan nou itilize li. Pou ede nou fè chwa ki saj sou aparèy nou yo, jèn ak granmoun ka al gade nan “Pran Teknoloji Anchaj” ak Pou fòs jèn yo: Yon gid pou fè chwa. Sa fè nou sonje objektif nou, dirije nou al jwenn Jezikri, epi ede nou envite Sentespri a nan lavi nou. Planifye kijan, kilè, ak ki kote nou pral sèvi ak teknoloji ap fòtifye nou kont vye taktik monden yo.

Lamanit yo atake fòtifikasyon Nefit yo

Prepare pou Batay Senbolik yo

Pandan l t ap antisipe batay ki te gen pou vini yo, Mowoni te prepare pèp li a endividyèlman kote li te ba yo plak pou te pwotèje lestomak yo, boukliye, kas, ak rad epè. Li te prepare pèp li a kolektivman kote li te antoure vil yo avèk fòtrès, li te drese gwo bit tè arebò yo.

Espirityèlman, nou prepare nou endivityèlman lè nou respekte kòmandman Bondye yo. Nou fè alyans avèk Bondye ki devèse pouvwa Jezikri nan lavi nou. Nou angaje nou nan aksyon devosyon pèsonèl ak prive tankou priye, jene, ak sonde ekriti yo. Nou aji tou avèk lafwa, pandan n ap suiv direksyon espirityèl nou resevwa yo. Nou prepare nou ak tout konsyans nou pou nou pran Sentsèn nan ak diyite. Pandan n ap fè sa, Sovè a vin pi reyèl nan lavi nou, menm jan li te reyèl pou Mowoni, ki te fèm nan lafwa li nan Jezikri a. Mowoni te konnen li te kapab konte sou Sovè a pou direksyon ak delivrans (gade Alma 48:16). Nou menm tou, nou ka konte sou Jezikri pou direksyon ak delivrans.

Nou ka plis prepare nou lè nou fòtifye fanmi nou. Papa nou ki nan Syèl la te òganize nou an fanmi pou ede nou gen kè kontan ak aprann kijan pou nou retounen al jwenn Li. Fanmi nou kapab yon sous sipò pou nou. Nou tout ka santi lajwa ak lanmou nan sonje ke nou fè pati gran fanmi Bondye a, kèlkeswa sitiyasyon fanmi nou.

Nou ka kolektivman jwenn fòs ak prepare nou pou batay espirityèl nou yo pandan n ap antre nan kominote Sen yo. Pieu nou yo ak distri nou yo se yon lye refij ak defans. Nou ka nouri youn lòt espirityèlman, ede youn lòt respekte kòmandman Bondye yo, epi ankouraje youn lòt pou konte sou Kris la, toujou e sitou nan moman difisil yo. Lè nou reyini, nou rann nou kont ke nou p ap goumen poukont nou. Nou gen zanmi, enstriktè, ak dirijan ki ka ede nou ak pwoteje nou. Nou tout pi djanm lè nou prepare nou ansanm.

Se estwòdinè jan, Mowoni te atribiye tout kè kontan pèp li a bay konviksyon yo nan Bondye ak nan relijyon yo a. Tankou Mowoni, nou ta dwe reyalize ke nou gen lajwa gras ak Papa nou ki nan Syèl la ak plan Li a epi gras a Jezikri ak Ekspyasyon Li a. Lè nou vin konprann objektif nou, elabore estrateji pou siksè, epi prepare pou batay senbolik yo, nou resevwa èd ak pouvwa diven.

Tankou Mowoni, mwen konnen Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pote bon jan libète anba esklavaj—libète anba lanmò ak peche. Yo beni nou avèk pouvwa Yo lè nou fikse rega nou sou Yo pou tout bagay.

Remak

  1. Pran Teknoloji Anchaj.,” Bibliyotèk Levanjil la.

  2. Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa(2022), Bibliyotèk Levanjil la.

  3. Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Spirityèl,” Lyawona, Nov. 2016, 82.