“Sentespri a Ka Ede Nou,” Liahona, Jen 2023
Mesaj Mansyèl Liahona Jen 2023
Sentespri a Ka Ede Nou
Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Ekriti yo fè referans a Li kòm Lespri a, Sentespri a, oswa Konsolatè a. Si nou aprann koute vwa Li, L ap temwaye nou de Jezikri epi ede L ap nou aprann verite levanjil yo.
Manm Divinite a
Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri, ak Sentespri a se Divinite a. Yo renmen nou epi yo travay nan inite pou yo reyalize plan sali a. Byenke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri gen kò lachè ak zo, Sentespri a pa genyen. Li se yon espri.
Temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an
Sentespri a “temwaye de Papa a ak Pitit Gason an” (2 Nefi 31:18). Sa vle di nou ka resevwa yon temwayaj konsènan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri atravè Sentespri a.
Temwaye Verite
Sentespri a temwaye tout verite. L ap ede nou konnen ke levanjil la—ki gen ladann plan sali a, kòmandman Bondye yo, Retablisman an, ak Ekspyasyon Jezikri a—se laverite. L ap ranfòse temwayaj nou pandan n ap kontinye priye, respekte kòmandman yo, ak etidye levanjil la.
Gide Nou ak Pwoteje Nou
Sentespri a ka gide nou nan desizyon n ap pran ak pwoteje nou kont danje fizik ak espirityèl. L ap ede nou jwenn repons pou kesyon nou yo si nou priye epi nou eseye fè sa ki bon. L ap toujou dirije nou “pou nou fè byen” (Doktrin ak Alyans 11:12).
Konsole Nou
Pafwa, yo fè referans a Sentespri a kòm ”Konsolatè a” (Jan 14:26). Li ka ranpli nou “ak espwa epi ak lanmou pafè” (Mowoni 8:26) lè nou enkyè, tris oswa pè. Pandan L ap ede nou santi lanmou Bondye, nou ka simonte dekourajman epi santi nou fòtifye nan eprèv nou yo.
Don Sentespri a
Apre nou fin batize, nou resevwa don Sentespri a nan yon òdonans ki rele konfimasyon. Lè nou fin resevwa don sa a, nou ka benefisye konpayi konstan Sentespri a toutotan n ap viv dwat.
Ilistrasyon pa J. Kirk Richards
Kijan Nou Tande Sentespri a
Sentespri a kominike avèk moun nan fason diferan. Sa ka gen ladan santiman pezib ak rekonfòtan oswa ide sou sa nou dwe di oswa fè. Si nou priye pou gidans epi nou koute koute enspirasyon Li, nou ka aprann kijan Li pale avèk nou.
© 2023 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Lyawona Message, April 2023. Language. 19026 036