2023
Resous pou Jèn yo ak Timoun yo
Fevriye 2023


“Resous pou Jèn yo ak Timoun yo,” Liahona, Fev. 2023.

Mesaj Mansyèl Liahona , Fevriye 2023

Resous pou Jèn yo ak Timoun yo

paran k ap li ekriti yo avèk pitit gason yo

Premye responsablite paran yo se anseye pitit yo konsènan Jezikri ak levanjil Li a. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo genyen òganizasyon, pwogram ak lòt resous pou ede paran yo nan efò y ap fè. Men nan lamen, paran yo, dirijan Legliz yo, ak zanmi kapab ede tout timoun ak adolesan vini jwenn Kris la.

Timoun Primè

Foto Ben Johnson

Primè

Primè se òganizasyon Legliz la pou timoun ki gen laj 18 mwa jiska 11 lane. Nan Primè, timoun yo aprann sou Jezikri ak levanjil Li a atravè leson, mizik ak aktivite. Primè ka ede timoun yo santi lanmou Bondye genyen pou yo.

Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi

An janvye nan ane timoun yo ta vin gen laj 12 lane, yo soti nan Primè pou yo ale swa nan kowòm Prètriz Aawon (pou tigason) oswa nan klas Jènfi (pou tifi). Nan kowòm ak klas yo a, jèn yo kontinye ranfòse temwayaj yo ak sèvi lòt moun.

men k ap desinen yon foto

Pwogram pou Timoun ak Jèn nan

Lè l te jèn, Jezikri te grandi “nan sajès ak nan wotè, epi, li te jwenn favè devan Bondye ak devan lèzòm” (Lik 2:52). Pwogram pou Timoun ak Jèn nan ede jèn ki manm nan Legliz la suiv egzanp Kris la. Yo aprann epi yo grandi nan tout domèn nan lavi yo—espirityèl, sosyal, fizik ak entèlektyèl.

Revi Legliz yo

Revi Legliz la pou timoun yo se revi Zanmi an. Pou Fòs Jèn yo se revi pou jèn yo. Revi sa yo gen ladan yo istwa, ansèyman ak aktivite ki ekri espesyalman pou timoun ak adolesan.

kouvèti manyèl la nan lang Espanyòl

Manyèl Pou Fòs Jèn yo

Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa anseye jèn yo sou verite levanjil yo. Li aprann yo kijan pou yo pran desizyon ki pral ede yo suiv Jezikri. Li gen ladan repons sou kesyon jèn yo ta ka genyen sou kijan pou yo viv levanjil la tou.

Medyatèk (Libreri) Levanjil la

Medyatèk Levanjil la genyen plizyè resous dijital, tankou videyo, mizik, istwa sou ekriti yo ak aktivite. Li gen ladan tou resous pou ede paran ak lidè yo anseye prensil levanjil yo. W ap jwenn resous sa yo nan Medyatèk (Libreri) Levanjil la nan ChurchofJesusChrist.org ak nan aplikasyon Medyatèk (Libreri) Levanjil la.

Konferans PFJ (Pou Fòs Jèn) yo

Nan kòmansman ane y ap vin gen laj 14 lane a, nou envite jèn yo pou yo patisipe nan konferans Pou Fòs Jèn yo (FSY). Evènman sa yo gen ladan yo aktivite ak klas ki ede ranfòse lafwa nan Jezikri epi ki ede jèn yo grandi de fason espirityèl, sosyal, fizik ak entèlektyèl.