“Fanmi Se Pou Tout Tan,” Lyawona, Jan. 2023
Mesaj Mansyèl Lyawona , Janvye 2023
Fanmi Se Pou Tout Tan
Fanmi se inite debaz sosyete a ak Legliz la. Manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kwè ke fanmi yo kapab etènèl. Nou ap travay pou fòtifye fanmi nou yo sou tè a. Epi tou nou gen lafwa ke nou ka resevwa benediksyon pou n gen yon fanmi etènèl.
Fanmi Bondye a
Tout moun se pitit fi ak pitit gason lespri paran selès. Nou tout fè pati fanmi Bondye a. Nou tout gen yon nati divin ak yon destine divin. Si nou viv nan ladwati, n ap kapab retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la kòm manm fanmi Li pou tout tan.
Foto maryaj pa Joseph Kaluba
Fanmi Etènèl
Lè yon gason ak yon fi marye nan tanp epi yo kenbe alyansyo, maryaj yo a va dire pou letènite. Òdonans sa a nan tanp lan rele yon sèlman. Timoun ki fèt aprè paran yo fin sele yo fèt nan alyans sa a. Timoun ki fèt avan paran yo te sele yo kapab vin sele avèk yo nan tanp pou yo kapab vin yon fanmi pou tout tan. Manm legliz yo fè travay tanp ak istwa familyal pou yo kapab sele fanmi yo ansanm atravè tout jenerasyon yo. Benediksyon pou n gen yon fanmi etènèl la posib gras a Jezikri ak Ekspyasyon L lan.
Maryaj
Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone. Levanjil Jezikri a anseye pou mari ak madanm fidèl antre yo e pou yo fidèl nan alyans maryaj yo a. Yo dwe vrè nan panse yo, pawòl yo, ak aksyon yo. Maryaj se yon patenarya egal ego, epi konjwen yo dwe ankouraje, rekonfòte ak ede youn lòt.
Paran avèk Timoun
Bondye te kòmande Adan ak Èv pou yo te fè pitit. Dirijan Legliz yo anseye ke kòmandman sa a toujou an vigè. Manman ak papa yo fèt pou travay ansanm pou elve pitit yo nan lanmou ak nan sa ki dwat (gadeDoktrin ak Alyans 68:25–28). Yo dwe anseye timoun yo pou yo onore ak obeyi paran yo (gade Egzòd 20:12).
Anseye ak Aprann
Paran yo dwe anseye pitit yo pou yo renmen Bondye epi obeyi kòmandman L yo. Fanmi ba nou opòtinite pou nou santi lajwa e aprann pasyans ak jenewozite. Karakteristik sa yo ede nou vin plis sanble avèk Bondye epi yo prepare nou pou nou viv nan bonè avèk fanmi nou pou tout tan.
Fòtifye Fanmi yo
Sa mande travay, devouman, ak pasyans pou nou rive konstwi yon bon fanmi. Prensip levanjil tankou lafwa, lapriyè, padon, lanmou, travay, ak bon kalite amizman kapab ede nou jwenn lajwa nan lavi familyal nou. Nou kapab resevwa revelasyon pèsonèl pou nou ka konn kijan pou fòtifye fanmi nou tou.
Foto Kris la, pa Heinrich Hofmann
Gen Benediksyon ki Disponib pou Nou Tout
Se pa tout moun ki gen posibilite pou yo fè pati yon fanmi ideyal isit sou tè a. Men Bondye pwomèt ke tout moun ki obeyi kòmandman L yo ap resevwa tout benediksyon yon fanmi etènèl. Nou kapab gen konfyans nan Li e kwè nan tan pa Li.
© 2023 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, January 2023. Language. 18904 036