“Sèvi nan Apèl nan Legliz la,” Liahona, Mas 2022.
Mesaj Mansyèl Liahona, Mas 2022
Sèvi nan Apèl nan Legliz la
Dirijan yo nan Legliz la mande pou manm yo sèvi nan tach espesifik ki rele “apèl.” Apèl yo bay manm yo chans pou yo sèvi lòt moun ak pou yo vin pi pre Bondye.
Foto David Bowen Newton
Lè nou sèvi nan apèl nou yo, nou ede akonpli travay Bondye a. Nou anseye lòt moun sou Pè Selès la ak Jezikri epi nou ede moun n ap anseye yo rapwoche pi pre Yo. Nou resevwa bendiksyon pandan n ap sèvi fidèlman tou.
Resevwa Apèl
Moun k ap sèvi nan Legliz la, se Bonye ki aple yo. Dirijan yo nan Legliz la lapriyè pou yo jwenn enspirasyon pou yo konnen ki moun pou yo mande sèvi nan chak apèl. Yon dirijan ka mande yon manm pou l sèvi epi li eksplike l devwa ki fè pati apèl la. Yo soutni manm yo nan yon reyinyon Legliz la kote manm pawas la oswa branch lan ofri yon vòt soutyen. Sa vle di ke yo dispoze pou yo soutni moun ki aple a. Apresa, yon dirijan prètriz bay manm lan yon benediksyon. Se sa yo rele mete apa. Y ap bay manm lan otorite pou l aji nan apèl la ak lòt benediksyon pou ede l sèvi.
Evèk
Yon evèk se yon dirijan yon pawas. (Nan yon branch, yon prezidan branch se ekivalan yon evèk.) Prezidan pieu a rekòmande yon detantè prètriz ki diy pou yo aple kòm evèk. Premye Prezidans lan apwouve apèl la. Apresa, yo soutni evèk la epi yo mete l apa pou l sèvi. Li resevwa kle prètriz yo tou, ki vle di li gen otorite pou li dirije pawas la. Antanke evèk, li sèvi epi l dirije tout manm yo nan pawas la.
Prezidans
Kowòm Prètriz yo ak òganizasyon Sosyete Sekou, Jènfi, Primè, ak Lekòldidimanch yo dirije pa prezidans, ki dabitid gen yon yon prezidan ak de konseye. Se prezidans pieu a ki aple prezidans kowòm ansyen yo epi ki mete yo apa. Se episkopa a ki mande manm pou yo sèvi nan lòt prezidans yo nan pawas la epi li mete yo apa. Tout dirijan yo sèvi manm ki nan kowòm oswa òganizasyon yo aple a. Yo reponn bezwen manm yo epi yo ede yo santi lanmou Bondye.
Lòt Apèl yo
Lòt apèl nan Legliz la gen ladan yo anseye, ede avèk mizik, kenbe dosye, planifye aktivite pou jèn yo oswa pou timoun yo, ak sèvi nan lòt fason. Chak apèl nan Legliz la enpòtan epi yo bay manm yo yon chans pou yo sèvi lòt moun ak pou yo sèvi Bondye. Pandan nou tout ap travay ansanm pou nou ranpli apèl nou yo, nou bay lòt yo fòs epi nou ede Legliz la grandi.
© 2022 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, March 2022. Haitian Creole. 18296 036