“Chit la te Fè Pati Plan Bondye a,” Liahona, Janvye 2022
Mesaj Mansyèl Liahona Janvye 2022
Chit la te Fè Pati Plan Bondye a.
Akoz Chit la, nou te vini sou tè a e yon jou nou ka retounen viv avèk Papa nou ki nan syèl la.
Adam and Eve in the Gorden of Eden (Adan ak Èv nan Jaden Edennn nan), tablo Robert T. Barrett
Nan Jaden Edèn nan, Bondye te kòmande Adan ak Èv pou yo pa t manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la Epi Li te di yo, “Ou kapab chwazi pou tèt , … men, sonje m te defann sa” (Moyiz 3:17). Satan te tante Èv pou l te manje fwi pyebwa a. Li te di li, “W ap vin tankou Bondye, paske w ap konnen byen ak mal” (Moyiz 4:11). Li te manje fwi a epi apresa li te bay Adam ladan. Bondye te chase yo soti nan Jaden Edennn nan.
Chit la
Adam and Eve Cast Out of the Garden (Adan ak Èv Chase Soti nan Jaden an), tablo Gary L. Kapp, yo pa dwe fè kopi
Lè Adan ak Èv te kite Jaden Edennn nan, yo pa t nan prezans Bondye ankò. Separasyon sa a avèk Bondye a rele lanmò espirityèl. Kite jaden an te vle di tou ke Adan ak Èv te vin mòtèl epi konsa yo te kapab mouri. Menmsi Adan ak Èv pa t ansam avèk Bondye ankò epi yo te mòtèl kounyeya, yo te kontan epi yo te plen espwa lè yo te wè yo te kapab pwogrese (gade Moyiz 5:10–11). “Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt, e lèzòm te fèt, pou yo kapab gen lajwa” (2 Nefi 2:25).
Yon Tan pou n pase Tès
Lè nou fèt, nou viv aleka de Bondye, menm jan avèk Adan ak Èv te fè apre Chit la. Satan tante nou pou nou fè move chwa. Tantasyon sa yo pèmèt nou pase tès epi chwazi ant sa ki byen ak sa ki mal (gade Alma 12:24). Chak fwa nou peche epi nou pa repanti, nou ale pi lwen Pè Selès la. Men si nou repanti, nou rapwoche pi pre Papa Selès nou an.
Lanmò Fizik
Tè a te kreye pou nou (gade 1 Nefi 17:36). Chit la te pèmèt Adan ak Èv aplike kòmandman Bondye te ba yo pou yo te fè pitit la, sa ki pèmèt nou vin sou tè a nan yon kò fizik. Yon jou, kò nou ap mouri, men lespri nou ap kontinye viv. Kò nou ak lespri nou ap reyini lè nou resisite.
Sove pa Jezikri
The Ressurection (Rezirèksyon an), tablo Harry Andersen
Atravè pouvwa ekspyatwa Jezikri a, nou ka pote laviktwa sou lanmò fizik ak espirityèl. Paske Kris la te resisite, tout moun ki fèt sou tè sa a ap resisite epi y ap viv pou tout tan. Epi paske Kris la te soufri pou peche nou, nou ka repanti epi jwenn padon pou nou kapab viv avèk Pè Selès nou an ankò.
© 2021 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, January 2022. Haitian Creole. 18295 036