“Jezikri te Sove Nou anba Peche ak Lanmò,” Liahona, Avril 2021
Mesaj Mansyèl Liahona, Avril 2021
Jezikri te Sove Nou anba Peche ak Lanmò.
Gras a Sakrifis Li a, nou tout gen chans pou nou jwenn lapè ak lajwa etènèl.
Kris la k ap Kreye Tè a, tablo Robert T. Barrett
Nou fè referans a Jezikri kòm Sovè nou. Se paske Li te peye pri peche nou yo epi Li te kraze pouvwa lanmò. Li te sove nou! Sakrifis Li fè pou nou an, ki rele Ekspyasyon, se evènman ki pi enpòtan ki janm rive. Gras avèk Li, lanmò pa lafen. Gras avèk Li, nou kapab jwenn padon pou peche nou yo, retounen san tach ankò epi pwogrese pi byen chak jou.
Jezikri sete Premye Ne a.
Avan nou te vini sou tè a, nou te viv ansanm avèk paran selès nou yo. Antanke Premye Ne, Jezikri te ede kreye bèl monn sa a. Li te chwazi pou L te Sovè nou epi Li te dakò pou L te vin fèt sou tè a pou L te ka bay yon egzanp pafè, anseye Levanjil Li a ak akonpli Ekspyasyon an pou nou.
O Papa Mwen, tablo Simon Dewey
Jezikri te Peye pou Peche Nou yo
Lè Jezi te konnen Li ta pral mouri byento, Li te ale nan yon jaden ki rele Jetsemani pou L te priye. Pandan lapriyè sa a, Li te kòmanse peye pri peche nou yo. Li te soufri volontèman pou nou pa bezwen soufri—si nou repanti. Si nou vire do bay peche nou yo epi nou suiv Sovè a pito, nou ka jwenn padon ak gerizon. Akoz eksperyans li te fè nan Jetsemani an, Jezi konprann egzakteman kisa chak nan nou reprezante. Li te santi tout lapèn, maladi ak soufrans nou. Se premye pati nan Ekspyasyon an.
Antèman Kris la tablo Carl Heinrich Bloch
Jezikri Kraze Lanmò
Apre lapriyè Li te fè nan Jetsemani an, yo te trayi, arete ak kondane Jezi pou L te mouri kloure sou lakwa. Malgre Li te gen tout pouvwa, Jezi te aksepte mouri sou kwa a. Disip li yo te mete kò Li nan yon tonbo. Yo pa t reyalize ke menmsi kò Li pa t gen lavi, lespri L te toujou vivan nan mond dèzespri a. Twa jou apre, Jezi te te retounen alavi ankò epi Li te vizite yo, Li te pwouve ke Li te ka kraze lanmò. Sa te mete fen ak Ekspyasyon an. Paske Jezi te resisite, nou chak pral viv ankò apre nou mouri.
Li vivan tablo Simon Dewey
Siyifikasyon Nwèl ak Pak
Yon gwo pati nan monn lan selebre de fèt ki ede nou sonje Ekspyasyon Jezikri a. Pandan fèt Nwèl, nou sonje avèk rekonesans ke Jezi te dispoze pou L aksepte misyon pou L te vin sou tè a, menmsi sa te enplike pou L te soufri ak mouri pou nou. Fèt Pak la selebre viktwa Sovè a sou peche ak lanmò, sa ki bannou lespwa pou nou toujou gen kè kontan.
Kris la k ap Rele Pyè ak Andre, tablo James Taylor Harwood
Kisa Ekriti yo Anseye sou Ekspyasyon Sovè a?
Paske Jezi konnen nou trè byen, Li ka “pote nou sekou,” oswa ede nou (gade Alma 7:11–12).
Sovè a konprann lapènn ak chagren nou (gade Ezayi 53:2–5).
Bondyete voye Jezi sove nou paske Bondye renmen nou chak (gade Jan 3:16–17).
Jezi te priye pou disip Li yo, pou nou menm tou, pou nou pwoteje kont mal e pou nou fè youn avèk Li ak Pè Selès la (gade Jan 17).
Sovè nou an envite nou pou nou suiv Li e pou nou retounen nan prezans Li (gade Doktrin ak Alyans 19:16–19, 23–24; 132:23).
© 2021 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, April 2021. Haitian Creole. 17467 036