2013
Misyon divin Jezikri : Sèl Pitit Gason Literal Papa a
desanm 2013


Mesaj vizit nan fwaye, Desanm 2013

Misyon divin Jezikri : Sèl Pitit Gason Literal Papa a

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Nan ki fason konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa nou nan Li e beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye yo? Pou plis enfòmasyon ale nan reliefsociety.lds.org.

So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Yo rele Sovè nou an, Jezikri, Sèl Pitit Gason Literal Papa a paske Li se sèl moun sou tè a ki te fèt de yon manman mòtèl ak yon Papa imòtèl. Li eritye pouvwa divin nan men Bondye, Papa Li. Nan men manman li, Marie, Li te eritye mòtalite e li te pase anba grangou, swaf, fatig, doulè, ak lanmò.

Paske Jezikri se Sèl Pitit Literal Papa a, Li te kapab bay lavi li epi reprann ni ankò. Ekriti yo anseye ke “pa mwayen ekspyasyon Kris la,” nou “jwenn yon rezirèksyon” (Jakòb 4:11). Nou aprann tou ke nou tout “kapab leve nan imòtalite pou al viv etènèl” si nou “kwè” (D&A 29:43).

Lè nou rive pi totalman konprann kisa sa vle di pou Jezi se Sèl Pitit Gason Literal Papa a, lafwa nou nan Kris la ap ogmante. Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apot yo te di, “Lafwa nan Jezikri se konviksyon ak asirans sou (1) pozisyon li kòm Sèl Pitit Gason Literal Bondye a, (2) Ekspyasyon Enfini l la, ak (3) Rezirèksyon Literal Li a.” Pwofèt nou genyen jodia yo temwaye: “[Jezikri] sete … Sèl Pitit Gason Literal nan lachè, Redanmtè mond lan.”

Nan Ekriti yo

Jan 3:16; Doktrin ak Alyans 20:21–24; Moyiz 5:6–9

Nan Istwa Nou

Nan Nouvo Testaman an nou li konsènan kèk fi, kèk nou konnen non yo e kèk nou pa konnen, ki te egzèse lafwa nan Jezikri, te aprann ak viv ansèyman L yo, epi ki te temwaye sou ministè Li, mirak li yo ak majeste li. Fi sa yo te vin disip egzanplè ak temwen enpòtan nan travay sali a.

Pa egzanp, Mat te rann temwayaj li sou divinite Sovè a lè l te di l: “Mwen konnen ke ou se Kris la, Pitit Gason Bondye a, ki te gen pou vini nan mond lan” (Jan 11:27).

Kèk nan premye temwen sou divinite Sovè a sete manman li, Mari, ak kouzin ni, Elisabeth. Tousuit apre zanj Gabriel te vizite Mari a, li te vizite Elisabeth. Osito ke l te tande salitasyon Marie, li te “ranpli avèk Sentespri a” (Lik 1:41) epi li te rann temwayaj ke Mari t ap vin manman Pitit Gason Bondye a.

Nòt

  1. Gade Gospel Principles (2009), 52–53.

  2. D. Todd Christofferson, “Building Faith in Christ,” Liahona, Sept. 2012, 13.

  3. “Kris vivan an: temwayaj Apot yo,” Liahona, Avr. 2000, 2–3.

Kisa M Ka Fè?

  1. Poukisa li enpòtan pou mwen konprann wòl Jezikri yo?

  2. Ki fason alyans yo ogmante lafwa nou nan Sovè a?