2013
Èske m ka pataje yon Liv Mòmon?
desanm 2013


Jèn yo

Èske m ka pataje yon Liv Mòmon?

Otè a ap viv Washington, nan Etazini

Pandan premye ane mwen nan lekòl segondè, enstriktè seminè m nan te envite klas la pou n te bay zanmi nou ki pa manm yo Liv Mòmon an. Malgre ke m te timid anpil, mwen te aksepte envitasyon an.

Sa te pran m plizyè jou pou m te jwenn kouraj pou m te fè sa, men m te finalman bay zanmi mwen, Britny, liv la pandan lè rekreyasyon an epi m te rann ni yon brèf temwayaj. Britny te di m mèsi pou liv la.

Nan fen ane lekòl la, Britny te demenaje, men nou te rete an kontak. Li te pale m de nouvo lekòl li a ak fason prèske tout zanmi li sete manm Legliz la, men li pa t janm pale sou okenn bagay espirityèl avèk mwen.

Sa te chanje anvan m te pati al nan misyon. Mwen te resevwa yon mesaj nan men Britny ki te di ke l te gen gwo nouvèl pou mwen: li ta pral batize, e li te vle remèsye m dèske m te zanmi li e m te bay yon bon egzanp.

Bondye te pran yon tigason 15 zan ki pa t gen okenn eksperyans misyonè epi l te dirije li al pataje levanjil la avèk yon moun Li te konnen ki t ap aksepte li. Mwen konnen si nou koute Lespri a, nou tout kapab jwenn moun bò kote nou ki ap tann pou yo aprann sou levanjil retabli a. Mwen konnen si nou ede mennen menm yon moun bay Senyè a, “ala lajwa [nou] ap anpil avèk li nan wayòm Papa [nou] an!” (D&A 18:15).