Mesaj Premye Prezidans, Jiyè 2013
Mond lan bezwen Pyonye jodia
Pou anpil moun, vwayaj pyonye 1847 la pa t kòmanse nan Novou, Kirtland, Far West oswa Nouyòk, men nan peyi lwen tankou Angletè, Ekòs, Scandinavie, oswa Almay. Timoun piti yo pa t ka totalman konprann lafwa solid sa a ki te motive paran yo pou yo te kite fanmi, zanmi, konfò, ak sekirite dèyè a.
Yon timoun te gen dwa mande: “Manman, poukisa n ap kite kay nou? Ki kote nou prale?”
”Ann ale, pitit mwen; nou pral nan Siyon, vil Bondye nou an.”
Te gen dlo trèt ak danjere gwo Oseyan Atlantik yo ki te kanpe ant sekirite kay la ak pwomès Siyon an. Kiyès ki ka rakonte laperèz ki te anvayi kè moun yo pandan vwayaj periye sa yo? Pouse pa enspirasyon silansye Lespri a, soutni pa yon lafwa senp men byen anrasinen, Sen pyonye sa yo te mete konfyans nan Bondye epi yo te derape pou vwayaj yo a.
Apèn yo te finalman rive Novou, yo te oblije deplase ankò pou al fè fas ak gwo difikilte sou wout yo. Tonm anba zèb ak wòch kouvri tout wout soti Novou pou al Vil Salt Lak la. Sete pri sa a kèk nan pyonye yo te peye. Kò yo antere anpè, men non yo vivan pou tout tan.
Bèf fatige te lou pou mache, wou charyo te krake, gason vanyan te redi, tanbou lagè te rezonen, epi bèt sovaj te lanse kri yo. Men, pyonye ki te enspire pa lafwa e ki te oblije deplase nan tan difisil sa yo te kontinye avanse. Souvan yo te konn chante:
Venez, venez, sans craindre le devoir
Travailler au progrès.
Si le chemin à vos yeux paraît noir,
Le secours est tou près. …
Tout est bien! Tout est bien!1
Pyonye sa yo te sonje pawòl Senyè a: “Pèp mwen an dwe pase tès nan tout bagay, pou yo kapab prepare pou resevwa laglwa m genyen pou yo, laglwa Siyon an menm.”2
Tan pase epi nou bliye e li diminye apresyasyon nou pou moun sa yo ki te mache sou chemen douloure sa a, ki te kite dèyè yon trale tonm san non ki make ak dlo nan je. Men e pwoblèm nou genyen yo jodia? Èske pa gen wout plen wòch pou n vwayaje, mòn byen rèd pou nou monte, abim pou nou travèse, wout pou nou kreye, rivyè pou nou travèse? Oubyen èske gen yon bezwen trè reyèl pou espri pyonye sa a gide nou ale lwen danje ki menase pou anvayi nou yo pou dirije nou al nan yon Siyon plen sekirite?
Nan dè dizèn ane k pase yo depi fen Dezyèm Gè Mondyal la, prensip moralite yo bese san rete. Nivo krim ogmante san rete; moralite tonbe nèt. Se kòmsi anpil moun ap monte desann sou yon gwo woulo katastwòf jeyan, ap chèche sansasyon moman an pandan ke y ap sakrifye lajwa letènite yo. Konsa, nou pèdi lapè.
Nou bliye kijan Grèk yo ak Women yo te mayifikman triyonfe nan yon mond fewòs ak kijan triyonf sa a te fini—kijan neglijans ak feblès te finalman venk yo e fè yo tonbe. Alafen, plis pase anvi libète, yo te anvi gen sekirite ak yon lavi konfòtab; epi yo te pèdi tout—konfò ak sekirite ak libète.
Pa koute tantasyon Satan yo; men, olyesa, kanpe fèm pou defann laverite. Nou pa ka atenn dezi ensatisfè nanm nou yo pa yon rechèch lajwa san fen nan mitan sansasyon ak vis. Vis pa janm mennen nan lavèti. Rayiman pa janm pote lanmou. Kapon pa janm bay kouraj. Dout pa janm enspire lafwa.
Gen moun ki twouve l difisil pou yo reziste anba remak mokri deplezan moun k ap ridikilize chastete, onètete, ak obeyisans nan kòmandman Bondye yo. Men mond lan te toujou twouve ke sa pa enpòtan pou yo suiv prensip. Lè Nowe te resevwa enstriksyon pou l te bati lach la, pèp anfoli a te gade syèl san nyaj la epi yo te ri li ak pase l nan betiz—jiskaske lapli a te rive.
Èske nou oblije aprann leson chè sa yo ankò, san rete? Tan yo chanje, men laverite pèsiste. Lè nou pa pwofite de eksperyans lepase yo, nou kondane pou n repete yo avèk tout doulè, soufrans, ak angwas yo pote. Èske nou pa gen sajès pou n obeyi Li menm ki konnen lafen depi nan kòmansman an—Senyè nou an, ki te prepare plan sali a—olyede sèpan sa a, ki meprize bote l la?
Yon diksyonè defini yon pyonye kòm “yon moun ki ale devan oubyen ki louvri chemen pou lòt moun suiv.”3 Èske nou ka enspire nan nou menm kouraj ak fèmte nan bi ki te karakterize pyonye yon ansyen jenerasyon? Èske, anreyalite, ou menm avèk mwen kapab pyonye?
Mwen konnen nou kapab. O, ala mond lan bezwen pyonye jodia!
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon First Presidency Message, July 2013. Haitian Creole. 10667 036
Ansèyman nan Mesaj Sa a
Ekriti yo eksplike ke enstriktè nan fwaye yo dwe “avèti, eksplike, egzòte, ak anseye, epi envite tout moun vin jwenn Kris la” (D&A 20:59). Panse pou w mete aksan sou avètisman ak envitasyon ki nan mesaj Prezidan Monson nan pou moun w ap vizite yo. Ou gen dwa pale yo de fason pou rekonèt ak suiv egzanp ladwati, evite desepsyon, ak aprann apati erè lòt moun. Mande moun w ap anseye yo kijan yo kapab vin pyonye jodia.