Mesaj Premye Prezidans, Mas 2012
Poukisa nou bezwen pwofèt?
Paske Papa nou ki nan syèl la renmen pitit li, li pa kite yo mache nan lavi mòtèl la san direksyon ak gidans. Ansèyman Papa nou ki nan syèl la se pa kalite enstriksyon òdinè, previzib, ak mwayen nou kapab jwenn nan nenpòt lib nan libreri ki tou pre a. Yo se sajès yon Èt selès toupuisan, rekoni, ki renmen pitit li. Andedan pawòl li yo nou jwenn pi bon sekrè ki egziste a—kle bonè nan lavi sa a ak nan mond ki gen pou vini an.
Papa nou ki nan syèl la revele pitit li yo sou tè a sajès li palentèmedyè sèvitè li, pwofèt yo (gade Amòs 3:7). Depi nan epòk Adan, Bondye ap pale avèk pitit li palentèmedyè moun chwazi ki te resevwa tach pou revele volonte li ak konsèy li bay lòt moun. Pwofèt yo se enstriktè enspire e yo se temwen espesyal Jezikri tout tan (gade D&A 107:23). Pwofèt yo pale non sèlman ak moun nan epòk pa yo, men yo pale ak moun nan tout epòk tou. Vwa yo travèse syèk yo kòm yon temwayaj konsènan volonte Bondye pou pitit li yo.
Tan sa a pa diferan avèk ansyen tan yo. Senyè a pa renmen moun nan epòk pa nou yo mwens pase nan tan pase yo. Youn nan bèl mesaj Retablisman Legliz Jezikri a sèke Bondye kontinye pale avèk pitit li! Li pa kache nan syèl la men li pale jodia menmjan l te fè nan tan ansyen yo.
Pifò nan sa Senyè a revele pwofèt li yo se nan entansyon pou anpeche chagren pou nou menm endividyèlman ak pou sosyete yo. Lè Bondye pale, li fè sa pou anseye, enspire, rafine, ak avèti pitit li yo. Lè moun ak sosyete inyore enstriksyon Papa nou ki nan syèl la, yo fè sa avèk risk pou yo sibi eprèv, soufrans, ak tribilasyon.
Bondye renmen tout pitit li. Se poutèt sa li egzòte nou anpil palentèmedyè pwofèt li yo. Menmjan nou renmen sa ki pi bon pou fanmi nou an, Papa nou ki nan syèl la vle sa ki pi bon pou nou. Se poutèt sa enstriksyon l yo si enpòtan ak pafwa si ijan konsa. Se poutèt sa li pa abandone nou jodia men li kontinye revele nou volonte li palentèmedyè pwofèt li yo. Fiti nou ak fiti mond lan depann sou kijan n ap koute ak suiv pawòl Bondye revele pou pitit li yo.
N ap jwenn enstriksyon presye Bondye bay kretyen vivan yo sou tè a nan Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a. Epitou, Senyè a pale avèk nou palentèmedyè sèvitè l yo, menmjan l pral fè sa ankò nan pwochen konferans jeneral la.
Pou tout moun k ap mande èske sa se verite—ki gen dwa ap mande tèt yo: “Èske l posib pou Bondye pale avèk nou jodia?”—avèk tout kè mwen, m ap envite nou pou nou “vin wè” (Jan 1:46). Li pawòl Bondye yo ki nan ekriti yo. Koute konferans jeneral la avèk yon zòrèy dispoze pou koute vwa Bondye ki transmèt pa pwofèt dènye jou yo. Vini, koute, epi gade avèk tout kè nou! Paske si nou chèche “avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la [Bondye] ap montre nou se verite, pa pouvwa Sentespri a” (Mowoni 10:4). Pa pouvwa sa a epi avèk li, mwen konnen ke Jezikri vivan e l ap dirije Legliz li a atravè yon pwofèt vivan, Prezidan Thomas S. Monson.
Frè m ak sè m yo, Bondye pale avèk nou jodia. Epi li vle pou tout pitit li yo koute ak obeyi pawòl li yo. Si nou fè sa, Senyè a ap beni nou ak soutni nou anpil, nan lavi sa a e atravè mond ki gen pou vini yo.
© 2012 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/11. Apwobasyon tradiksyon: 6/11. Tradiksyon First Presidency Message, March 2012. Haitian Creole. 10363 036